Hesperian Health Guides
Chapit 21: Doulè anba ti vant
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 21: Doulè anba ti vant
Kijan pou n sèvi ak enfòmasyon nou jwenn nan chapit sa a:
- Pou gwo doulè sanzatann nan vant, gade nan "Gwo doulè sanzatann anba ti vant" epi suiv konsèy nou jwenn yo.
- Soti "Divès kalite doulè anba ti vant", n ap jwenn enfòmasyon sou divès kalite doulè. N ap jwenn enfòmasyon an detay sou pi fò pwoblèm sa yo nan kèk lòt pati nan liv la. Konsa, pou n jwenn plis enfòmasyon, ale nan paj nou jwenn nan lis la.
- Si n poko ka fin konnen ki sa k lakòz doulè a, se pou n ale nan kesyon ki Kèk keksyon sou doulè nan vant yo.
- Gade "Kijan pou n egzamine vant", n ap wè ki jan pou nou egzamine yon fanm k ap soufri ak vant fè mal.
(blad pipi)
Doulè se pa yon bagay nòmal nan lavi yon fanm - lè n gen doulè, sa vle di gen yon bagay ki pa mache byen. Pa tann sa vin pi grav. Chache laswenyay anvan n rive nan yon eta kote n pa ka kanpe, kote n pa ka mache oubyen kote n pa ka pale.
Pi fò fanm soufri ak doulè anba ti vant pou pi piti yon fwa nan lavi yo. Anpil fwa, yo aprann medam yo se yon bagay nòmal pou yo gen doulè konsa. Poutèt sa, fòk yo reziyen yo pou yo soufri an silans. Gen kèk moun ki panse doulè a poko grav toutotan fanm nan sou de pye l, toutotan l ap mache oubyen pale. Men lè yon fanm tann twòp tan anvan l chache laswenyay, li kapab trape gwo enfeksyon, li ka vin pa ka fè pitit, li ka fè fos kouch epi li ka menm pèdi lavi li.
Chapit sa a pale sou divès kalite doulè anba ti vant (anba lonbrit) ansanm ak sa ki ka lakòz yo. Gen doulè anba ti vant ki rive tizonnen fanm nan jouk nan pati ki pi wo lonbrit li. Doulè sa yo ka gen lòt kòz. Gen kèk doulè anba ti vant ki ka reponn li jouk nan bout anba do a. Si n gen yon doulè ki pa sanble ditou ak sa nou jwenn nan chapit sa a, se pou n al wè yon travayè sante ki te resevwa bon jan fòmasyon pou konsilte n nan vant.