Hesperian Health Guides

Chapit 4: Ann chèche konnen kò nou

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 4: Ann chèche konnen kò nou

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

WWHND Ch4 Page 43-1.png
Pibète
Sòti nan timoun rive nan grandèt majè...
WWHND Ch4 Page 43-2.png
Lè fanm nan gen laj pou l fè pitit
...chak fanm gen anpil chanjman ki fèt nan kò l.
WWHND10 Ch4 Page 43-3.png
Menopòz
illustration of the below: a woman's pelvic area
Zo ranch
Ou ka santi zo ranch ou tou swit anba senti w. Se de zo nan basen nou. Nan rejyon basen an gen tout sa nou jwenn nan mitan zo ranch yo. Se la tou nou jwenn ògan repwodiksyon yon fanm.

Anpil jan, kò fanm ak kò gason se menman-parèyman. Paregzanp, fanm tankou gason gen kè, ren, poumon epi yon bann lòt ògàn ki fèt menm jan. Men, gen yon kote fanm ak gason diferan anpil. Se nan sa k konsène sistèm seksyèl oubyen sistèm repwodiksyon yo. Se pati sa yo ki pèmèt moun fè pitit. Se nan pati sa yo tou, medam yo konn gen plis pwoblèm lasante.

Pèsonn pa ta dwe wont ankenn pati nan kò li.

Kèk fwa, li konn difisil pou n pale de ògàn seksyèl nou, sitou lè nou wont oubyen lè nou pa menm konnen non ògàn sa yo. Nan anpil zòn, yo konsidere pati repwodiksyon yo kòm “pati entim”, kidonk pati fòk nou kache yo, “pati prive” pèsonèl.

Men n ap kapab pran swen kò nou pi byen, lè nou konnen ki jan l fonksyone. N ap ka rekonèt pwoblèm yo, n ap wè kote yo sòti epi n ap ka pran pi bon desizyon pou n twoke kòn nou ak pwoblèm sa yo. Plis nou gen konesans, se plis n ap ka rekonèt pou kont nou si konsèy lòt moun ban nou itil oubyen si yo gen danje ladan yo.

Kòm nan divès kominote, nou jwenn non espesyal pou ògàn seksyèl yo, nan liv sa a, nou sèvi pi souvan ak non doktè oubyen non syantifik yo. Konsa fanm k ap viv nan divès peyi sou latè ka rive konprann mo sa yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025