Hesperian Health Guides
Lòt kalite pwoblèm nan sistèm irinè
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 23: Pwoblèm nan sistèm irinè > Lòt kalite pwoblèm nan sistèm irinè
Kontni yo
LÈ NAP PIPI SAN
Si n ap pipi san epi n pa gen ankenn siy enfeksyon nan vesi oubyen nan ren, nou kapab gen pyè nan vesi oubyen pyè nan ren (gade pi ba a). Oubyen tou nou gen dwa gen youn nan maladi sa yo, si moun nan kominote kote n ap viv la konn genyen yo:
- Bilazyoz (parazit nan san, chistozomyaz) ka lakòz sistèm irinè nou donmaje pou lavi diran, si n pa chache laswenyay bonè. Al wè yon travayè sante ki espesyalize nan pwoblèm sistèm irinè, pou n jwenn tretman epi pou n ka konn kisa pou n fè pou n anpeche maladi a tounen sou nou. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou bilazyoz, gade nan liv ki rele “kote ki pa gen Doktè” a oubyen nan nenpòt lòt liv sou lasante an jeneral.
- Tibèkiloz (TB) ka donmaje vesi nou ak ren nou. N ap jwenn plis enfòmasyon sou sa nan paj 387.
PYÈ NAN REN AK PYÈ NAN VESI
Se yon bann ti wòch di ki kòmanse devlope nan ren nou epi ki al antre nan sistèm irinè nou.
Siy:
- gwo doulè brid:
Lòt siy:
- N ap pipi san. Sa ka rive lè pyè yo fwote andedan sistèm irinè nou.
- Nou gen pwoblèm pou n fè pipi. Sa ka rive, lè youn nan pyè yo bouche kanal nou.
Tretman:
- Bwè bon valè likid (pou pi piti 1 oubyen 2 vè chak 30 minit). Sa ap ede pyè a detache soti nan ren an pou l desann nan kanal pipi a.
- Pran yon medikaman ki bon pou doulè. Si doulè a rèd anpil, ale kay doktè.
Kèk fwa, lè kanal yo bouche, yo konn vin enfekte. Pou pwoblèm sa a, suiv menm tretman ki bon pou enfeksyon nan ren an.
LÈ PIPI KENBE N SAN RETE
Sa ka rive akòz:
- misk ki antoure vesi nou ak matris nou vin febli. “Egzèsis kontrakte - dekontrakte vajen” ap ede n ba misk yo jarèt.
- gen yon ti boul (paregzanp, yon fibwòm).
- nou gen yon enfeksyon nan vesi.
- nou gen dyabèt.
Plis enfòmasyon
ti boulLÈ PIPI AP KOULE SOU NOU
Nou pa ka kenbe pipi (enkontinans irinè)
Sa ka rive, lè misk ki antoure vesi nou febli oubyen donmaje. Se sitou fanm ki kòmanse vye granmoun ak fanm ki fèk fin akouche sa rive. Pipi koule sou fanm nan, lè l fè presyon sou misk anba ti vant li ki deja fèb, pandan l ap fè lanmou, oubyen pandan l ap ri, touse, estènen oubyen pandan l ap leve chay . Fanm nan ka jwenn yon soulajman ak pwoblèm sa a, si l fè “egzèsis sere - lage vajen”.
Lè pipi ap koule soti nan vajen nou (twou vezikovajinal)
Lè yon fanm ap pipi sou li san rete, li kapab gen yon twou ant vajen li ak vesi l. (Kèk fwa, twou a ka ant twou dèyè fanm nan ak vajen li e lè sa a, se poupou k ap koule soti). Pwoblèm grav sa a rive yon fanm, lè l gen pwoblèm pou l pouse ti bebe a, lè l ap akouche. Sa rive jenn ti fi ki al fè pitit twò bonè, alòske zo nan kò yo poko fin byen devlope. Sa ka rive fanm ki gen bon ti laj epi ki te fè anpil pitit deja. Misk medam sa yo pa gen ase fòs pou pouse ti bebe a soti. Nan tou 2 ka yo, ti bebe a mal pou soti. Tèt li peze epi donmaje ti po ki nan mitan vesi fanm nan ak vajen li. Sa lakòz yon twou parèt ant vesi a ak vajen an.
Anpil fwa, timoun sa a fèt tou mouri. Apre akouchman, twou a pa fèmen epi pipi pran koule soti nan vesi pase nan vajen fanm nan tout tan. Ti jenn fi a oubyen fanm nan oblije mete twal oubyen kotèks tout lajounen tout lannuit pou ranmase pipi.
Si fanm nan pa ka jwenn èd (gade nan paj anbas), maladi sa ka lakòz li gen gwo pwoblèm nan lavi chak jou li. Mari l, fanmi li ak zanmi l gen dwa ba l yon bwa long kenbe, poutèt li toujou santi pipi.
Tretman:
Si nou gen pipi k ap koule sou nou apre nou fin akouche, al wè doktè san pèdi tan.
Younger bodies are more likely to have problems giving birth, including fistula.
Pa pèdi lespwa. Anpil fwa, fanm ki gen pwoblèm sa a konn rive jwenn soulajman.
Prevansyon:
- Fòk jenn ti fi yo evite maryaj ak gwosès, toutotan kò yo poko fin devlope.
- Si yon jenn fi ki gen mwens pase 17 an ansent, fòk li wè ak yon fanm saj konpetan oubyen yon travayè sante san pèdi tan, yon jan pou l konnen ki jan l ka akouche san danje.
- Pa fè timoun youn dèyè lòt, poutèt pou, apre yon akouchman, misk nou gen tan reprann fòs, anvan n ansent ankò