Hesperian Health Guides

Chapit 25: Zouti w ka fè lakay ak zouti aprantisaj

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 25: Zouti w ka fè lakay ak zouti aprantisaj

Nan chapit sa:

Ekipman ki pa koute chè

Pati sa a bay esplikasyon sou kèk zouti ou ka fè pou ede w ak travay ou antanke fanmsaj.

Kwonomèt ou ka fè lakay

Si w pa gen yon mont oswa yon revèy, ou ka fè yon kwonomèt ki senp pou mezire kantite fwa kè yon moun bat oswa kantite fwa li pran souf pandan yon minit. Pa gen youn nan kwonomèt sa yo ki efikas menm jan ak yon revèy, men yo travay byen kanmenm. (Lè w fèk fè kwonomèt la, w ap bezwen sèvi ak yon revèy pou mezire ki longè yon minit ye.)

MW Ch25 Page 443-1.png
MW Ch25 Page 443-2.png

Kwonomèt ki fèt ak sab

Yon kwonomèt ki fèt ak sab gen yon tib an vè ki fèmen nan de pwent yo. Li gen yon kou ki byen etwat nan mitan. Li gen enpe sab fen ladan l. Sab la pran yon kantite tan egzak pou l soti nan pati anlè a epi pou l tonbe nan pati anba a.

W ap ka achte kwonomèt yo fè pou kizin ak kwonomèt sab ki mezire 3 minit ase fasil nan anpil zòn, e yo pa koute chè. Lè w ap sèvi ak youn, konte kantite batman kè oswa kantite souf moun nan pandan 3 minit, epi divize l pa 3 pou w ka konnen ki kantite fwa kè l bat oswa ki kantite souf li pran nan yon minit. Ou ka sèvi ak kwonomèt sa a tou pou w wè si kontraksyon yo vini chak 3 minit.

Kwonomèt ki fèt ak sab ki kwonometre yon minit

Pou fè yon kwonomèt sab ki mezire yon minit, suiv etap sa yo:

1. Pran yon tib an vè, chofe pati mitan an sou yon ti fou bèk “Bunsen” oswa sou yon lòt ti flanm dife ki byen cho. 2. Detire tib la pou l ka bay yon ti kou fen nan mitan an.
stretching the tube while the middle is in the flame.
3. Kite youn nan pwent yo fonn dousman jiskaske l bouche.
MW Ch25 Page 443-5.png
MW Ch25 Page 443-3.png
4. Pran enpe sab fen epi lave l pou retire kras ki ladan l. Mete l sèch nan solèy, epi pase l nan yon paswa byen fen. Apre sa, chofe sab la pou retire imidite ki ladan l. 5. Mete nan tib la yon kantite sab k ap pran egzakteman yon minit pou l soti nan yon pati tib la pou tonbe nan lòt pati a. Sèvi ak yon mont ki gen zegui segonn ladan l pou kontwole l.
using a funnel to pour sand into the tube.
6. Bouche lòt pwent tib la.
MW Ch25 Page 444-3.png
MW Ch25 Page 444-1.png


Yon lòt metòd ki pi fasil se pou w sèvi ak yon “tib vè mou”, oswa yon tib ki fèt pou kenbe san. Itilize yon flanm dife pou fè yon ti kou fen nan mitan tib la. Ou pa bezwen fonn pwent la, jis bouche l ak yon bouchon. Kote ki gen klima imid, kwonomèt sa a ka pa twò egzak.

Pa sezi si w oblije eseye fè yon kwonomèt ki fèt ak sab plizyè fwa anvan w reyisi fè l byen. Si sab la ap kole, chèche youn ki pi fen, pi lis, epi asire w li byen sèch. Asire w kantite sab la egzak anvan w bouche tib la. Pou pwoteje kwonomèt la, mete l nan yon bwat boure ak koton oswa ak twal. Tib la ka kase nan kou byen fasil.

MW Ch25 Page 444-4.png

Kwonomèt ki fèt ak dlo

Kwonomèt ki fèt ak dlo fasil pou fè, men yo mwens egzak pase kwonomèt sab. Chèche yon tib an vè oswa plastik. Tank tib la pi long e pi fen, se tank kwonomèt la ap ka bay rezilta ki pi egzak.

MW Ch25 Page 444-5.png

Pou fè yon twou ki etwat nan tib an vè a, kenbe l sou yon flanm dife, detire l, mete l frèt, epi kase l.

Kenbe tib la nan pozisyon kanpe dwat, epi mete dlo ladan l jiskaske li plen nèt. Kenbe yon mont nan lòt men an epi mezire ki kote nivo dlo a desann apre egzakteman yon minit. Kontwole sa plizyè fwa, epi make plas la ak yon lank, yon kitèks, oswa yon moso adezif.


Note sa: Pafwa yon kwonomèt dlo oswa yon kwonomèt sab ka bouche epi li bay yon fo lè. Donk, li bon pou w ta verifye l avèk yon mont oswa revèy detanzantan.
MW Ch25 Page 445-1.png

Almanak gwosès ou ka fè lakay

Gade wè yon zouti ou ka fè pou kalkile dat yon fi sipoze akouche, si w konnen dat li te gen dènye règ li a.

Estetoskòp ou ka fe lakay

Yon estetoskòp se yon tib ki gen yon espas vid ki fè l pi fasil pou koute son anndan lestomak ak vant yon moun. Se yon bon zouti ki pèmèt ou koute batman kè bebe a anndan matris manman l. Estetoskòp ki pi bon yo fèt avèk metal ak plastik, e yo ka koute chè. Men, gen plizyè kalite estetoskòp ou ka fè lakay ou:

a piece of bamboo, showing the length and diameter.
Apeprè 15 santimèt (sm)
3 a 4 sm
a woman listening through a piece of bamboo to a woman's belly.
  • Sèvi ak yon tib an banbou, an bwa oswa an ajil ki gen yon espas vid anndan l.
  • Pran tèt yon boutèy plastik ki gen kou fen, epi yon moso tib kawoutchou
  • Koupe pati anlè yon sereng kawoutchou epi sèvi avè l avèk yon moso tib kawoutchou.
MW Ch25 Page 445-4.png
MW Ch25 Page 445-5.png

Balans ou ka fè lakay

Yon balans ou achte nan magazen pi efikas, epi li pi fasil pou sèvi pase yon balans ou fè lakay, men balans ou fè lakay yo pa koute chè epi yo fasil pou fè.

4 kalite b alans

Balans sispandi Balans pliyant
Kalite balans sa a pi fasil pou fè epi kapab se balans ki pi egzak. Pout la ka fèt ak bwa sèch oswa ak banbou. Pwa ki deplase a kapab se yon sak, yon boutèy, oswa yon ti mamit ki gen sab. Balans sa a fasil pou pote lè w ap deplase. Li pi egzak si l fèt ak moso metal oswa ak moso playwoud.
beam scale, with parts labeled; the baby hangs from a hook at one end.
2 kwòk ki separe ak yon distans 5 santimèt
Tann balans lan ak kwòk sa a
Pout (1 mèt longè)
Yon pwa ki ka deplase (anviwon 1 kilogram)
baby
folding scale, with parts labeled
Tann balans lan nan men w oswa nan yon kwòk
Vise ak boulon
Playwoud oswa fè plat
30 santimèt
Kwòk an fè
Pwa
Balans demi-ka Balans ak resò
Si balans sa a fèt ak playwoud, ranfòse l ak fèy tòl nan kwen ki pi wo a. Pwa a dwe peze ant 1 a 2 kilogram. Li ka fèt ak yon moso fè. Balans sa a fèt ak yon resò anndan yon moso banbou. Resò a dwe anviwon 30 santimèt longè, epi li dwe peze rive nan mwatye longè l avèk yon pwa 15 kilogram.
a quarter circle scale, with parts labeled.
2 twou nan yon distans apeprè 2 santimèt
Pwa
Fil fè oswa kab
Kwòk fè
Playwoud oswa fèy tòl (fè)
30 santimèt
a spring scale, with parts labeled.
Klou ki koube
Fant
Klou ki koube
Lè w gade l
sou kote
Wondèl pou make pwa a
Banbou
Resò
Lè w gade l sou devan
4 weights, labeled one-half, 1K, 2K, and 5K.

Ki jan pou fè yon balans ki egzak

Pou make balans lan yon fason ki egzak, w ap bezwen pwa ki egzak. Petèt w ap ka jwenn yo youn nan fason sa yo:

  • Prete kèk pwa nan men yon machann (ki sèvi ak balans).
2 bags labeled 1K and 1 bag labeled 5K.


  • Prete balans yon machann pou fè e mezire pwa pa w yo avèk sak sab.
6 packages labeled LARD 1K.


  • tilize sachè manje oswa ti bwat manje ki peze yon kilogram.

Ki jan pou make balans la

  1. Mete yon pwa ki peze yon kilogram sou li.
  2. Balanse pwa ki deplase a.
  3. Fè yon mak nan plas la epi ekri “1”.
    MW Ch25 Page 446-6.png
    Mete yon mak la a
  4. Kounye a, ajoute yon kilogram anplis alafwa, epi chak fwa rebalanse pwa a epi mete yon mak, jiskaske w genyen 6 oubyen 7 mak sou balans lan.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024