Hesperian Health Guides
Apre w fin fè egzamen an
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 8: Fason pou egzamine yon fanm ansent > Apre w fin fè egzamen an
Pran randevou pou l tounen pou yon lòt vizit

Apre w fin egzamine bebe a ansanm ak manman l, verifye si fi a pa gen lòt kesyon oswa si l bezwen pale avè w sou yon lòt bagay. Si te gen move siy, ba l bonjan esplikasyon sou siy nan epi sou tout sa l dwe fè pou l pran swen tèt li. Si l bezwen lòt swen medikal, asire w li konnen ki kote pou l ale epi ki lè. Anvan w kite l ale, fè l konnen ki lè epi ki kote pou l tounen pou pou pwochen vizit li.
Kenbe yon dosye swen sante pou fanm ansent
Yon dosye ka montre w rapidman ki pwoblèm sante chak fi genyen, ki jan bagay yo ap evolye pou li, epi li ka fè w sonje move siy li te genyen. Sou paj ki vin apre a, gen yon tablo ou ka itilize pou kenbe tout ransèyman enpòtan ou jwenn pandan w ap egzamine yon fanm ansent anvan l akouche. Ou ka adapte tablo a selon bezwen patikilye zòn ou ye a.
Gen anpil fanmsaj ki fè yon “Dosye Pèmanan Swen Sante” sou yon kat fi a ka sere nan papye l yo, epi li ka vini avè l chak fwa li gen randevou. Se yon dosye toukout ki gen enfòmasyon de baz sa yo: sante jeneral fi a, detay konsènan gwosès li yo ak akouchman l yo, vaksen l te pran yo, egzamen basen l te fè yo, planin li itilize yo, fòmasyon li gentan pran nan domèn swen sante a, avèk lòt detay w ka bezwen.
Klike la a pou jwenn yon vèsyon enprime dosye swen prenatal sa a.

Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023 |