Hesperian Health Guides

Chapit 6: Chanjman gwosès konn pote

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 6: Chanjman gwosès konn pote

Nan chapit sa:

Pandan gwosès, kò yon fi chanje. Menmsi chanjman sa yo konn fè l malalèz, pi souvan chanjman yo nòmal. Nan chapit sa a, nou pale sou kèk nan chanjman sa yo, epi nou egzamine fason pou medam yo santi yo pi byen. Nou esplike tou kòman pou w konnen ki lè malèz fanm ansent la se siy ki montre gen yon danje nan gwosès la.

Gen anpil opinyon sou fason pou trete malèz fi konn genyen yo. Nou pa ka esplike tout lide sa yo la a. Si w konnen lòt remèd ak tretman nou pa bay nan liv la pou pwoblèm sa yo, sèvi avè yo si yo bay bon rezilta. Nou pa reponn tout kesyon. Men, ou mèt sèvi avèk enfòmasyon ki nan paj 19 la pou ede w deside si yon remèd ka ede oswa si l ka lakòz plis pwoblèm. Se pa tout remèd ki bay bon rezilta.

Chanjman nan abitid manje ak dòmi

Noze (kè plen) ak degou pou kèk kalite manje

Anpil fi gen kè plen oswa noze pandan premye mwa gwosès yo. Yo konn rele sa noze maten. Pèsonn pa konnen egzakteman sa k lakòz noze maten an, men pou anpil fi, fason yo manje ka gen yon efè. Si noze a pa twò grav, ankouraje fi a eseye nenpòt nan remèd sa yo:

MW Ch6 Page 73-1.png
  • Manje yon bagay ki gen pwoteyin anvan l al dòmi oswa nan mitan nuit la. Kèk manje ki gen pwoteyin se pwa, nwa, ak fwomaj.
  • Manje kèk bonbon sèl, pen, tòtiya sèk, kasav, oswa lòt kalite manje angren lè l fèk leve nan maten.
  • Manje yon ti kantite manje detanzantan olye l manje 2 a 3 gwo plat manje, epi bwè yon ti likid tanzantan.
  • Pran 50 miligram vitamin B-6, 2 fwa pa jou. (Pa pran plis ke sa.)
MW Ch6 Page 74-1.png
  • Itilize sa k rele akipresyon an pou soulaje noze. Chèche pozisyon ki nan yon distans 3 dwèt anwo pwayè a nan mitan 2 gwo venn (tendon) ki nan pwayè fi a. Peze nan pozisyon sa a pandan w ap fè ti sèk avèk dwèt ou. Peze byen fèm nan pozisyon sa a, men pa peze twò fò pou l pa fè l mal. Si akipresyon an ap bay bon rezilta, fi a dwe santi l pi byen nan 5 minit.
MW Ch6 Page 74-2.png
  • Bwè yon tas te jenjanm, te mant, oswa te kanèl. Fè sa 2 oswa 3 fwa pa jou anvan w manje. Pou w fè te mant ak te kanèl, mete yon ti kiyè fèy mant oswa yon baton kanèl nan yon tas dlo cho. Kite te a poze pou kèk minit anvan w bwè l. Pou w fè te jenjanm, kraze oubyen rache rasin jenjanm nan epi bouyi l pandan omwen 15 minit.


Sibitman yon fi ka vin degoute yon manje li te renmen anvan. Pa gen pwoblèm pou l pa manje bagay sa a; li ka renmen l ankò lè l fin akouche. Li dwe asire l li toujou manje bagay pou byen nouri l.

Anvi manje

Anvi manje se lè yon fi gen yon gwo dezi pou l manje yon bagay patikilye, menm bagay moun pa ta dwe manje, tankou tè, lakrè, oswa ajil.

2 women speaking to each other.
Mwen jis anvi manje ajil.
Ou ka bezwen plis kalsyòm ak fè. Depreferans, eseye manje legim, grenn bwa, sereyal, oswa pwa. Tè ak ajil ka ba w parazit epi sa ka fè w malad.

Si yon fi gen anvi pou l manje bonjan manje (tankou pwa, ze, fwi, ak legim), li mèt manje kantite li vle a. Men, si li vle manje anpil fridòdòy (tankou sirèt, kola, manje nan sachè), li pi bon pou l manje bon kalite manje anvan.

Si yon fi gen anvi manje bagay ki pa manje, tankou tè oswa ajil, li pa dwe manje yo ditou. Sa ka anpwazonnen ni li menm ni pitit la. Epi, sa ka ba l parazit, tankou vè, ki ka fè l malad. Ankouraje l manje bagay ki gen anpil fè ak anpil kalsyòm pito.

Lestomak boule/doulè oubyen doulè nan mitan 2 tete yo (sa yo konn rele asid)

Lè yon moun santi lestomak li ap boule l oswa li gen doulè nan lestomak oswa nan mitan 2 tete l yo, sa rele endijesyon oswa asid. Asid ka rive pandan gwosès paske pitit la ap gwosi epi li pouse vant manman an monte pi wo. Asid ki nan vant manman an ki pou ede l dijere manje a, al monte sou lestomak li, epi sa vin lakòz li santi kè l ap boule. Se pa yon bagay ki danjere, e souvan sa tou disparèt apre akouchman an.

Men kèk bagay yon fi ka eseye fè pou l ka pi alèz:

MW Ch6 Page 75-1.png
Pandan bebe a ap gwosi, li pouse lestomak manman an monte.
  • Pa kite vant li fin plen: manje ti kantite manje pi souvan epi pa ni manje ni bwè yon sèl kou.
  • Pa manje bagay ki pike oswa ki gen anpil grès, pa bwè kafe, e pa fimen sigarèt. Tout bagay sa yo ka irite lestomak la.
  • Manje papay oswa anana regilyèman. Yo toude gen anzim ki pou ede lestomak la dijere manje byen.
  • Kenbe tèt li pi wo pase vant li lè l kouche oswa lè l ap dòmi. Sa ap pèmèt asid la rete nan vant li san l pa monte nan lestomak li.
  • Pou asid ki nan lestomak li ka kalme, li mèt bwè lèt oswa medikaman anti-asid ki pa gen ni anpil sèl ni aspirin. (Medikaman anti-asid pa danjere men yo koute lajan epi yo fè li pi difisil pou kò fi a pwofite eleman nan manje a ki pou byen nouri l. Eseye lòt metòd yo anvan w sèvi avèk anti-asid.

Anvi dòmi

MW Ch6 Page 75-2.png

Gen fanm ansent ki gen anvi dòmi prèske toutan. Sa rive sitou nan 3 premye mwa yo.

Se nòmal pou fanm ansent gen anvi dòmi. Se paske kò yo ap mande yo pou yo ralanti sou aktivite yo epi repoze. Men, si fi santi feblès tou, li ka gen lòt pwoblèm, tankou maladi, depresyon, oswa anemi.

Difikilte dòmi

Si yon fi pa ka dòmi paske li malalèz oswa li toumante, men sa k ka ede l:

MW Ch6 Page 75-3.png
  • Li kouche sou kote avèk yon bagay ki konfòtab nan mitan 2 jenou l yo ak anba senti do l. Li ka itilize yon zòrye, yon lèn ki woule an boul, fèy bannann, oswa lòt kalite ranbouraj.
  • Yon moun ba li masaj.
  • Li bwè te fèy ki ka ede l dòmi.


Si nan kay la oswa nan fanmi l la gen goumen, tètchaje, ak tristès, sa ka fè l difisil pou fanm ansent lan dòmi. Si li posib, yon fanmi ta dwe evite fè diskisyon anvan yo al dòmi.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024