Hesperian Health Guides

Swen prenatal (konsiltasyon pandan yon gwosès)

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Swen prenatal enpòtan anpil. Sa pèmèt yo dekouvri pwoblèm epi regle yo bonè anvan yo vin twò grav. Li pa difisil pou yo bay swen prenatal e yo pa bezwen aparèy ki koute gwo lajan pou sa. Anpil matwòn, fanm saj, sant sante tankou lopital bay swen prenatal. Ak swen prenatal, yo ka sove lavi anpil moun.

Si w ansent, eseye fè 3 konsiltasyon jeneral pou pi piti:

  1. Lè w kòmanse kwè w ansent.
  2. Bò zòn sizyèm mwa gwosès la.
  3. Yon mwa anvan akouchman an.

Al fè konsiltasyon ap ede w wè kijan l ap pi bon pou w akouche: lakay ou, nan yon sant sante oubyen nan yon lopital.


Yon fanm saj, yon matwòn, oubyen yon travayè sante ap poze w kesyon sou lòt eksperyans gwosès ak akouchman ou te fè anvan. Y ap poze w kesyon sou pwoblèm ou ka te rankontre, paregzanp: èske w konn gen emoraji? Èske w pèdi timoun deja nan akouchman? Enfòmasyon sa yo enpòtan. Sa ap fè ni ou menm, ni travayè sante a pare pou kalte pwoblèm sa yo, si malerezman yo ta prezante nan gwosès sa a ansanm ak nan akouchman an. Yon fanm saj ap kapab:

  • kontwole kalte manje yon fanm ansent manje epi ede l manje pi byen, si sa nesesè.
  • ba li grenn fè ak asid folik an konprime pou ede l fè prevansyon kont anemi.
  • egzamine manman an pou l kontwole sante l epi gade si tibebe a ap devlope nòmalman.
  • bay manman an vaksen tetanos. Maladi sa a ka touye ni manman an, ni pitit la.
  • bay fanm ansent nan medikaman pou fè prevansyon kont malarya, si gen epidemi malarya nan rejyon an.
  • fè manman an fè tès VIH ak tès sifilis ansanm ak tès lòt maladi seksyèlman transmisib.

Kisa w ka jwenn, lè w al nan swen prenatal
Nan yon seyans swen prenatal, yon matwòn oubyen yon fanm saj dwe:
a health worker touching a woman's face under her eye
  • egzamine pòpyè je fanm nan ak zong li pou l chèche siy anemi.
a health worker holding and looking at a woman's hands
a health worker checking a woman's blood pressure
  • Tyeke tansyon fanm nan.
  • Tyeke kijan tibebe a ap grandi nan matris la. Nòmalman, fòk matris la vin pi gwo lajè 2 dwèt chak mwa. Sou 4 mwa edmi, li rive nòmalman nan wotè lonbrik la. Si matris la sanble l twò piti osinon twò gwo, oubyen si l gwosi twò vit, sa kapab vle di genyen yon pwoblèm.
a woman's body, with lines showing the baby's size each month
9 mwa
8 mwa
7 mwa
6 mwa
5 mwa
4 mwa
3 mwa

WWHND10 Ch6 Page 077-1a.png
fetoskòp

Pou l konnen si tibebe a an sante, yon fanm saj gen dwa koute jan kè l ap bat. L ap ka tande batman kè a, lè l kole zòrèy li sou abdomèn manman an, men, souvan, li gen dwa pa ka fè diferans ant batman kè tibebe a ak batman kè manman an. Kontwòl sa a ap pi fasil ak yon fetoskòp. Yon lòt siy ki ka pèmèt nou konnen si tibebe a an sante, si manman an santi l ap fè mouvman nan vant li chak jou. Si fanm ansent nan te santi mouvman sa yo jou tyèkòp la, ou mèt konnen pa gen twòp pwoblèm.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025