Hesperian Health Guides
Fanm ki gen bezwen espesyal
Lè yon fanm pèdi yon gwosès (fòs kouch)
![]() |
Yon fos kouch, se yon gwosès ki fini pou kont li san timoun nan pa fin devlope. Se yon mwayen kò a konn jwenn, pou li rete bout nan yon gwosès, lè tibebe a - ki pa ko fin devlope - gen yon pwoblèm grav ki ta ka anpeche l grandi nòmalman. Pi fò fos kouch yo fèt nan 3 premye mwa gwosès yo. Apre yon fos kouch, yon fanm toujou ka ansent ankò. Li toujou ka gen yon gwosès nòmal. Li ka toujou fè yon timoun nòmal.
Siy fòs kouch se doulè ak san. San k ap koule a ansanm ak doulè a konn kòmanse, menm jan ak règ yo. Apre sa, san an vin pi plis epi doulè a vin pi rèd. Ka gen kèk ti moso vyann ansanm ak kèk boul nan san an.
Si san an kontinye koule, si doulè a dire plis pase de twa jou, si san an vin pi plis pase san règ yo oubyen si fanm nan gen lafyèv epi si vajen li ap bay yon dlo ki pa santi bon, kapab se yon rès nan kò tibebe a ki rete andedan matris la. Yo rele sa yon “fos kouch enkonplè”. Sa ka lakòz gwo emoraji, move enfeksyon oubyen menm lanmò. Fanm nan dwe ale nan yon sant sante oubyen lopital, kote yon travayè sante espesyalize ka fè yon kitaj pou li.
Si yon fanm santi gwo doulè san rete anba ti vant li, li ka byen gen yon gwosès nan twonp. Se yon pwoblèm ki gen anpil danje ladan.
Apre yon fòs kouch, yon fanm dwe pran repo, evite fè gwo travay oubyen leve chay lou pandan 2 semèn. Fòk li pa ni voye dlo ni lave andedan vajen li. Li dwe evite fè lanmou tou, toutotan san an pa sispann koule: matris la pa ko fèmen, li ka enfekte fasil fasil.
Anpil fanm santi yo tris anpil apre yon fòs kouch. Genyen tou ki pa tris. Tou sa, se nòmal. Gen kèk fanm ki ka jwenn yon soulajman nan dyalòg ak lòt fanm ki te fè yon eksperyans fòs kouch deja.
Kijan pou n ede fanm ki gen pwoblèm pran swen tèt yo ak tibebe yo
Gen kèk fanm ki pi vit gen pwoblèm nan akouchman ak apre akouchman. Tibebe yo fè yo pi vit gen pwoblèm sante tou. Manman pitit san papa, manman ki nan mizè, manman ki jenn anpil, manman ki manke entèlijans, manman ki deja ap debat ak kèk pitit ki malnouri oubyen ki malad, tout manman sa yo ka gen anpil pwoblèm pou yo pran swen tèt yo ansanm ak tibebe yo fèk fè a.
Si yon moun enterese nan sitiyasyon manman sa yo, si l ap ede yo jwenn manje, swen ak akonpayman yo bezwen, sa ka pote gwo chanjman pou byennèt manman yo ansanm ak byennèt tibebe yo.
![]() |
Pa tann moun ki nan bezwen vin jwenn ou. Se ou ki pou al jwenn yo. |
Si manman an pèdi ti bebe a
Yon fanm bezwen plis swen ak sipò, lè l fèk pèdi yon ti bebe..
Pifò fanm gen yon gwosès san pwoblèm epi yo fè timoun ki san pwoblèm sante. Men, kèk fwa, kèlkeswa sa yon moun fè, tibebe a mouri kanmenm.
Moman sa a toujou di pou yon manman. Tristès anvayi l. Se yon gwo bagay li pèdi. An menm tan, li fèk sot nan yon gwosès ak yon akouchman. Li bezwen pran repo pou l ka refè, menm jan ak lòt manman ki pa pèdi pitit yo.
Men kèk konsèy ki ka itil:
- fanm nan gen anpil chans pou l gen doulè nan tete, sitou nan zòn twazyèm jou apre akouchman an, lè lèt la ap monte. Li ka jwenn yon soulajman, si l tranpe yon moso twal nan yon dlo fre ki pwòp epi l mete moso twal sa a sou tete yo. Fòk li:
- pa peze tete yo pou l fè ni premye lèt jòn nan (kolostwòm nan) ni lèt nòmal la soti. Lè w wete lèt, sa fè kò a pwodui plis lèt.
- veye siy enfeksyon nan tete epi fè tretman si jamè li gen enfeksyon.
- tann 3 mwa pou pi piti anvan l chèche yon lòt gwosès. Kò yon fanm bezwen tan pou l geri.
- kòmanse suiv yon metòd planin familyal depi l kapab. Si se pa sa, li ka ansent twò bonè. Pou anpil fanm, se yon lanmò tankou tout lòt lanmò. Se yon moun yo renmen yo pèdi. Fòk gen dèy nòmalman. Fanm nan bezwen atansyon espesyal, jantiyès ak solidarite.