Hesperian Health Guides
Akouchman
Kontni yo
- 1 Siy ki montre tranche a pa lwen
- 2 3 etap nan tranche a
- 3 Siyal danje pandan tranche a
Siy ki montre tranche a pa lwen
Depi n wè 3 siy sa yo, nou mèt konnen tranche a kòmanse oubyen li prèt pou l kòmanse. Nou kapab pa jwenn tou le 3 siy yo e nenpòt ladan yo ka pase anvan lòt.
- Yon glè klè oubyen wòz ap soti nan vajen fanm nan. Pandan gwosès la, ouvèti matris la (kòl matris la) gen yon glè pwès ki bouche l. Sa pwoteje tibebe a ak matris fanm nan kont enfeksyon. Lè kòl matris la kòmanse louvri, li lache bouchon glè a ansanm ak ti kras san.
- Yon dlo klè ap soti nan vajen fanm nan. Pòch dlo yo kase (kaselèzo) touswit anvan tranche a kòmanse oubyen pandan fanm nan deja gen tranche.
- Fanm nan kòmanse santi doulè. Ka gen 10 oubyen 20 minit oubyen plis ki separe premye kontraksyon yo. Tranche tout bon an pa ko kòmanse toutan kontraksyon yo pa ko regilye (toutan se pa menm valè tan an ki separe kontraksyon yo).
Depi n wè youn nan siy sa yo, fòk nou pare pou akouchman an. Men sa n ka fè:

- Fè fanm saj la konnen tranche a kòmanse.
- Kontwole si tout sa n bezwen pou akouchman an pare.
- Netwaye tout kò fanm ansent la ak dlo ak savon. Netwaye vajen an espesyalman.
- Kontinye pran ti manje lejè epi bwè likid chak fwa w swaf.
- Repoze w tout tan w kapab.
3 etap nan tranche a
Gen 3 moman nan tout akouchman.
Premye etap la kòmanse lè kontraksyon yo kòmanse ouvri kòl matris la. Li fini, lè kòl matris la fin ouvri nèt. Lè se yon premye pitit, etap sa a konn dire ant 10 a 20 èd tan oubyen plis. Lè se pa premye pitit fanm nan, etap sa a ka pran ant 7 a 10 èd tan. Konsa, ka gen anpil chanjman nan kantite tan sa pran.
Dezyèm etap la kòmanse apre kòl matris la fin ouvri nèt. Li fini, lè tibebe a fèt. An jeneral, etap sa a pi fasil pase premye a. Li pa dire plis pase 2 è d tan.
Twazyèm etap la kòmanse, lè tibebe a fèt. Li fini lè plasennta a soti.
Premye etap: kòl matris la ouvri
Pou w kontwole si akouchman an ap mache byen, tyeke:
- Pandan konbyen tan fanm nan gen kontraksyon epi ki kantite tan ki separe yon kontraksyon ak lòt la? O kòmansman, yo ka vini chak 10 oubyen 20 minit epi yo ka dire yon minit oubyen pi piti. Apre kèk tan, y ap vin pi souvan - prèske chak 2 a 5 minit - epi yo chak ap dire plis - prèske 1 minit edmi – jouk timoun nan fèt. Si fanm nan gen yon kontraksyon chak 10 minit oubyen pi souvan pandan plis pase yon jounen ak yon nwit (24 è d tan) epi timoun nan pa ko pare pou l fèt, gade nan: “tranche ki twò long”.
- Eske pòch dlo yo kase deja? Si wi, mande ki lè. Si sa fèt depi plis pase yon jou, gade nan: “Pòch dlo a kase epi tranche a pa kòmanse kèk tan apre”. Si dlo a vèt oubyen mawon, gade nan: “Dlo vèt oubyen dlo mawon”.
- Eske tibebe a gen tèt li anba? Manyen vant manman an. Si timoun nan antravè oubyen si se dèyè l ki anba, ou dwe mennen fanm nan nan yon sant sante oubyen lopital.
Ou ka ede fanm nan tou, lè w ba l konfyans, lè w fè l konnen tout bagay anfòm epi lè w ankouraje l:
![]() |
Mache kap ede kòl matris la louvri pi fasil. Li kapab ede diminye doulè yo epi tou fè fanm lan santi l li pi kalm. |
- rete aktif.
- pran manje lejè ki pa gen twòp grès.
- bwè kantite ji ou vle, kantite te cho w vle.
- fè pipi souvan.
- pran san w pou w respire yon bon kantite lè pandan kontraksyon yo. respire nòmalman apre chak kontraksyon.
- pa pouse, toutotan l pa ko vrèman santi nesesite.
Dezyèm etap: Fanm nan ap pouse tibebe a soti
Siy ki montre li lè pou fanm nan kòmanse pouse (sa vle di kòl matris la fin ouvri nèt.)
- Fanm nan santi tout bon vre li bezwen pouse. Li kapab konprann se poupou l anvi poupou.
- Pandan kontraksyon yo, ou ka wè anba ti vant manman an ap gonfle epi, lè w gade fant vajen fanm nan, w ap wè tèt timoun nan k ap parèt. Pou kòmanse, nan mitan 2 kontraksyon, tèt timoun nan ap retounen andedan.
Kisa pou w fè:
- Rete bò kote manman an tout tan epi ba l konfyans, fè l konnen ni li menm, ni tibebe a anfòm.
- Chak kontraksyon ap fè gwo presyon sou fanm nan pou l pouse. Kounye a, lè l santi l bezwen pouse, fè l rale yon gwo souf epi fè l pouse tankou lè l ap fè poupou, men ak tout fòs li. Anpil fanm santi yo pi byen, lè yo plenn oubyen gwonde pandan y ap pouse.
- Kontwole si tout bagay pare pou akouchman an. Si fanm nan ap pouse depi plis pase 2 è d tan, gade nan: “Travay twò long”.
Tèt la ap soti
Lè tèt timoun nan rete nan fant pati siperyè fanm nan, menm apre yon kontraksyon, sa vle di: li lè pou tèt la soti.

- Mande manman an pou l pa pouse fò, men pou l kontinye fè ti plenn oubyen ti pouse.
- Kite tèt la soti dousman nan espas tan ki separe kontraksyon yo. Sa ap anpeche manman an dechire.
- Lè tèt la fin soti, siye bouch timoun nan ak nen li avèk yon twal pwòp.
![]() Kounye a, pouse fò. |
![]() Kounye a, pa pouse fò. |
![]() An jeneral, tèt la soti fas ba... |
![]() ... apre sa, tibebe a vire pou zèpòl yo ka pas. |
Zèpòl yo ap soti
Pou w ede zèpòl timoun nan soti:
- Pran tèt la tou dousman, dirije l tou dousman dèyè do manman an (pou timoun nan kòmanse di abdomèn manman an “babay”. Sa ap pèmèt fas devan zèpòl yo soti anvan. Pa rale tèt timoun nan, pa tòde l.
- Rès kò tibebe a ap soti san pwoblèm. Rete veyatif. Atrap tibebe a pou l pa tonbe.
Swen pou w ba tibebe a, lè l fèk soti
- Yon tibebe ki an sante ap kòmanse respire, fè mouvman ak bra l, ak janm li, epi l ap kòmanse kriye touswit. Pou w pran swen tibebe a:
- Netwaye bouch li ansanm ak nen li ak yon twal byen pwòp. Pou w ede flèm nan koule, kenbe tèt tibebe a pi ba pase rès kò a. Si gen twòp likid oubyen flèm, rale yo ak yon ponp.

- Remèt timoun nan bay manman an touswit. Vlope yo tou 2 ak yon dra pwòp. Fè sa vit pou kò tibebe a ka ret cho.
- San pèdi tan, mete timoun nan nan tete manman an. Lè tibebe a tete, matris fanm nan ap fèmen epi l ap sispann senyen pi vit. Sa ap ede plasennta a soti pi vit tou lè sa a. Tann lonbrik la vin tou blan, epi li sispann bat pou w mare l epi koupe l. Pou evite tetanos, yon maladi ki touye anpil timoun,
Kijan pou w pran swen je tibebe a
![]() |
Peze po anba a desann, epi mete yon ti pomad andedan je a. Si w pase pomad la sou po je a, sa p ap itil anyen. |
Kòm prevansyon kont yon enfeksyon gonore, mete yon ti pomad je 1% (tetrasiklin, eritwomisin oubyen kloramfenikòl) nan chak je tibebe a, yon 1 è d tan apre akouchman an.
Twazyèm etap: Plasennta a soti
When the baby is wrapped and at the breast, the placenta should come out soon.
![]() |
Lè w woule pwent tete yo, sa ka fè matris la sere epi sa ka fè san an sispann koule tou. |
Apre nou fin vlope timoun nan byen vlope epi n mete l nan tete manman an, li lè, kounye a, pou plasennta a soti. Gade fanm nan pou w veye lè lonbrik la kòmanse vin pi long. Se sa ki rive, lè plasennta a ap separe ak matris la. Veye tou pou w wè si fanm nan p ap bay twòp san. Lè lonbrik la fin soti tout longè, mande fanm nan pou l pouse plasennta a soti. Atansyon! Pa redi lonbrik la.
Si plasennta a pa soti touswit, depi san pap koule, ou mèt rete tann jouk 1 è d tan. Pa gen danje. Lè plasennta a soti, mete l nan yon kivèt. Epi tyeke pou w wè si l pa manke moso.
Pou w ede plasennta a soti:
- Fè fanm nan rete akwoupi pou l pouse. Si l pa ka pouse, fè l soufle nan yon boutèy oubyen fè l estènen oubyen touse.
- Mande fanm nan pou l eseye fè pipi.
- Ankouraje tibebe a tete oubyen fè yon moun woule pwent tete manman an. Sa ap ede matris la sere.
- Si tout teknik sa yo pa bay rezilta, bay fanm nan yon piki 10 miligram oksitosen bò tay li oubyen bò kuis li.
- Si fanm nan kòmanse bay san, w ap wè kisa pou w fè nan Lè fanm nan ap bay twòp san.
![]() |
Egzamine plasennta a
Lè plasennta a soti, mete l nan yon kivèt. Epi tyeke pou w wè si l pa manke moso.
An jeneral, plasennta a soti san manke moso, men, kèk fwa, ka gen yon pati ki rete nan kò fanm nan. Si sa fèt, fanm nan ka gen emoraji epi li ka gen enfeksyon annapre. Pou w wè si pa manke moso, egzamine bout anlè a ak bout anba plansennta a. Fòk ou egzamine po (manbránn) pòch dlo yo tou.
Si fanm nan ap senyen oubyen si gen yon moso nan plasennta ou pa wè, suiv tout konsèy w ap jwenn nan sou kesyon emoraji.
![]() |
Eseye gade pou w wè si pa manke moso manbrán. Ou ka wè sa fasil, paske tout moso yo fòme yon sak. |
![]() la a, manke yon moso
|
Pòch dlo a kase, men tranche a pa kòmanse
Pi fò fanm pa tann 24 trè apre kaselèzo a pou yo gen tranche. Si apre yon jou, yon nwit, tranche a pa kòmanse, fanm nan ak tibebe a ka trape yon move enfeksyon.
Kisa k pou fèt:
- Fanm nan pa dwe mete anyen nan vajen li. Li pa dwe fè sèks. Sa ka lakòz enfeksyon.
- Si fanm nan gen lafyèv oubyen si vajen li ap bay move lodè, sa vle di manmzèl deja trape yon enfeksyon. Yo dwe ba l antibyotik sou fòm piki (piki nan venn [EV]. Menm si travay la vin kòmanse, fanm nan ak tibebe a toujou ka pèdi lavi yo. Kouri ak fanm nan nan yon sant sante oubyen lopital.

- Eseye fè tranche a kòmanse. Fanm nan dwe bwè 2 kiyè lwil de risen, woule pwent tete l oubyen fè yon moun souse yo pandan yon ti bout tan, chak de twa è d tan, jouk tranche a kòmanse. Nan kèk zòn, kapab gen kèk te espesyal medam yo konn sèvi pou fè tranche a kòmanse. Si tranche a, kèk tan apre, toujou pa ko kòmanse, fanm nan dwe kouri nan yon sant sante oubyen lopital.
DANJE! Pa bay fanm nan piki pou w fè tranche a kòmanse. Sa ka lakòz yon seri kontraksyon ki tèlman fò, fanm nan oubyen tibebe a ka mouri.
Lè tibebe a kouche antravè nan vant manman an

Si tranche a kòmanse epi bra tibebe a soti anvan, sa vle di, nan prèske 100% ka yo, timoun nan antravè nan vant manman an. Tyeke pozisyon tibebe a. Akouchman pa ka fèt san sezaryèn. Depi tranche a fin kòmanse, pa eseye fè timoun nan chanje pozisyon. Sa ka fè matris la dechire oubyen sa ka fè plasennta a dekole soti nan matris la.
TRANSPÒ!
Kisa k pou fèt:
- Kouri mennen fanm nan lopital.
Lè fanm nan ap bay san depi anvan tibebe a soti
Li nòmal pou fanm nan bay kèk ti likid lejè ki gen koulè woz oubyen kèk ti glè ak san mawon pandan li ak tranche. Men, si fanm nan ap bay bon san wouj vif, sa ka vle di plasennta a ap dekole soti nan matris la oubyen plasennta a ap bouche ouvèti matris la. Sa se gwo danje.
TRANSPÒ!
Kisa k pou fèt:
- Kouri lopital ak fanm nan touswit. Si sa posib, kòmanse ba l yon sewòm.
Tranche ki twò long
Si depi plis pase yon jou, yon nwit, fanm nan gen gwo tranche oubyen si l ap pouse depi plis pase 2 è d tan, san timoun nan pa bay ankenn siy tankou li pral soti, kapab gen yon pwoblèm.
Kisa k pou fèt:
Si kontraksyon yo vini chak 2 minit oubyen 3 minit epi yo chak dire yon minit won, tranche a ka pa ko fin tabli. Ankouraje fanm nan dòmi. Si l pa kapab, mande l pou l woule pwent tete l epi pou l fè yon ti mache pandan tan ki separe kontraksyon yo pou tranche a ka tabli. Ankouraje fanm nan bwè likid epi manje ti manje lejè. Ji fwi ak te dous ka ba l enèji.
Si fanm nan ap pèdi fòs, si l ak tranche depi plis pase 24 è oubyen si l ap pouse depi plis pase 2 è d tan, kouri avè l nan yon sant sante oubyen lopital. Li ka bezwen pran remèd pou akselere tranche a, oubyen tou li ka bezwen fè yon sezaryèn.
Dlo vèt oubyen dlo mawon
Si fanm nan ap bay dlo vèt oubyen dlo mawon, sa ka vle di tibebe a nan pwoblèm.
![]() |
Kisa k dwe fèt:
Si tranche a pa kòmanse lontan oubyen si fanm nan pa ko kòmanse pouse, l ap pi bon pou akouchman an fèt lopital.
Si fanm nan deja rive nan dezyèm etap tranche a epi l prèt pou l akouche, fè l pouse ak tout fòs li, pou l bay tibebe a trapde. Touswit apre tèt timoun nan fin soti, netwaye bouch li ak nen l ak yon twal pwòp oubyen sèvi ak yon ponp pou w rale flèm yo soti. Kenbe tèt tibebe a pi ba pase rès kò a pou flèm yo ka soti pi vit.
Lafyèv
An jeneral, lafyèv se yon siy enfeksyon.
Kisa k dwe fèt:
Mete do men w sou fwon fanm nan epi, ak lòt do men an, touche fwon pa w. (Gade nan Teknik swen lasante, w ap wè kijan w ka pran tanperati ak tèmomèt, si w gen youn). Si w santi li yon tikras pi cho pase pa w, li ka bezwen bwè likid. Ba li bon valè dlo, te, ji oubyen kola. Fè l sonje pou l fè pipi chak de twa è d tan.
Si kò l cho anpil epi li gen frison, mennen l nan yon sant sante oubyen lopital. Li dwe pran antibyotik san pèdi tan. Fè l bwè 500 mg anpisilin chak 6 è d tan oubyen ba li nan dèyè oubyen nan kuis yon piki yon milyon inite penisilin pwokayin chak 12 è d tan, jouk li rive lopital.
Kriz oubyen men ak figi ki anfle anpil (toksemi)
Si fanm nan tonbe kriz:
TRANSPÒ!
![]() |
- Mete yon bagay anba tèt li pou pwoteje tèt la. Si sa posib, fè manmzèl vire sou bò goch li. Men pa eseye kenbe l atè a.
- Ede l jwenn frechè
- Voye yon moun al chèche yon branka (sivyè) epi kouri ak fanm nan lopital.
Si gen posiblite, ba li youn nan medikaman sa yo:
- Silfat mayezyòm, solisyon 50%. Ba l yon piki 10 mililit nan chak bò dèyè l (nan misk dèyè a). Ba l tout yon sèl kou. Rekòmanse 4 è apre, si sa nesesè.
- Dyazepam.