Hesperian Health Guides
Mal manje ka lakòz maladi
Kontni yo
Anemi
San ki nan kò yon moun ki soufri ak anemi pòv anpil. Nou gen maladi sa a, lè globil wouj nou disparèt pi vit pase kantite tan nou pran pou n ranplase yo. Kòm fanm pèdi san tout tan lè yo gen règ yo, yo soufri souvan ak anemi depi lè yo fòme (pibète) jis yo rive lè pou yo rete (menopoz). Sou chak 100 fanm ansent, 50 konsa soufri ak anemi, paske kò yo oblije fè plis san pou tibebe k ap devlope nan vant yo a ka jwenn san pou l viv.
Anemi se yon maladi grav. Li fè fanm nan pa ka lite kont tout kalte maladi epi li diminue kapasite fanm nan pou l travay tankou kapasite l genyen pou l aprann. Medam ki soufri ak anemi kapab bay anpil san lè y ap akouche. Yo ka menm rive mouri.
Siy ki montre yon moun gen anemi:
![]() |
- Je l, lang li ak zong li yo vin tou blanch
- Li gen feblès ak gwo fatig
- Tèt li vire, sitou lè moun nan te chita oubyen kouche epi li ap kanpe
- Moun nan ap pèdi konesans (evanwisman) tout tan
- Souf moun nan kout
- Kè l ap bat vit vit
Men sa ki lakòz anemi:
Pou n ka jwenn plis enfòmasyon sou malarya, sou parazit ak vè, gade nan liv “Kote ki pa gen doktè” a oubyen nan nenpòt lòt liv sou lasante.
Kòm kò nou bezwen fè pou l pwodui globil wouj, se lè nou pa jwenn kont fè nan manje n ap manje, nou ka pi vit trape anemi.
Men kèk maladi ki lakòz moun fè anemi:
- malarya, ki detwi globil wouj yo
- lè fi yo bay anpil san:
- lè yo gen règ (yon aparèy entra-iteren (AEI) ka fè n pèdi anpil san, lè n gen règ)
- lè y ap akouche
- lè san an pase nan dyare (disantri) akòz parazit ak vè
- lè n gen yon ilsè nan lestomak k ap bay san
- lè n blese epi nou pèdi anpil san.
Tretman ak prevansyon:
- Si se malarya, parazit oubyen vè ki lakòz anemi, fòk nou trete maladi sa yo anvan.
- Nou dwe manje manje ki chaje ak fè, manje ki chaje ak vitamin A epi manje ki chaje ak vitamin C. Vitamin sa yo ap ede kò a itilize fè a pi byen. Legim jòn fonse tankou legim fèy (vèt fonse) chaje ak vitamin A. Si yon fanm pa ka jwenn manje ki chaje ak fè, li gen dwa bwè grenn ki gen fè ladan yo.
- Pa bwè te d chin, pa bwè kafe, pa manje pay ki nan sereyal yo, bagay sa yo ka anpeche kò a kapte fè ki nan manje yo.
- Bwè dlo pwòp (potab) pou parazit pa antre nan kò nou.
Plis enfòmasyon
pwòpte- Fè bezwen nou nan latrin pou ze vè yo pa antre ni nan manje ni nan sous dlo yo. Si anpil moun nan zòn lakay nou konn gen ti vè ki rele ankilostòm nan, fè tout sa n kapab pou n pa janm mache pyè atè.
- Apre chak akouchman, tann 2 ane pou pi piti anvan n fè lòt pitit. Sa ap ba kò a tan pou l fè rezèv fè nan peryòd ki separe gwosès yo.
Beriberi
Beriberi se yon maladi moun trape, lè yo manke vitamin ki rele tyamin nan (youn nan vitamin B yo). Tyamin nan ede kò a fè manje yo tounen enèji. Menm jan ak anemi, medam yo konn trape beriberi sitou ant lè yo fòme (pibète) ak lè yo rete. Pitit medam sa yo konn gen maladi a tou.
![]() |
Moun ki trape beriberi pi souvan se moun ki abitye manje sereyal ki moulen (tankou diri blan, paregzanp) oubyen yon rasin ki gen lanmidon, tankou manyòk.
Siy maladi a:
- moun nan pa anvi manje
- li gen gwo feblès, sitou nan janm
- kò moun nan anfle anpil oubyen kè li rete.
Tretman ak prevansyon:
Manje manje ki gen anpil tyamin, tankou vyand, poul, pwason, fwa, sereyal, legim, lèt epi ze. Si nan pwen mwayen, nou ka blije bwè grenn tyamin.
Pwoblèm nou ka genyen, si n manje twòp oubyen, si n manje move kalite manje
Plis enfòmasyon
tansyonPlis enfòmasyon
kansèPlis enfòmasyon
atrit![]() |
Si yon fanm twò lou oubyen si l manje twòp grès, l ap gen plis chans pou tansyon l monte, pou l soufri ak maladi kè, pou l fè yon atak, pou l gen pyè nan ren, pou l fè maladi sik epi pou l fè kèk kansè. Twòp pwa ka lakòz yon moun fè atrit, yon maladi nan janm ak nan pye.
Moun ki twò lou dwe fè plis espò, epi yo dwe manje fwi ak legim olye yo tout tan manje grès ak bagay dous. Men kèk konsèy nou dwe suiv pou n ka diminye kantite grès n ap met nan kò n:
- Lè n ap kwit manje, eseye sèvi ak mwens bè kwizin, bè tab, grès oubyen lwil. Nou kapab kwit manje a nan bouyon vyann, nan bouyon legim ak dlo.
- Wete grès nan vyann la anvan n mete li sou dife. Pa manje po poul ak po kodenn.
- Pa manje manje nan bwat ki chaje ak grès, tankou tchips ak krakèz.
Nan peryòd kote yo ansent, medam yo pi vit devlope yon dyabèt pase nan nenpòt ki lòt peryòd. Si, pandan w ansent, ou toujou swaf oubyen w ap pèdi pwa, kouri al wè yon travayè sante. Li ka fè yon tès pipi pou ou pou wè si w pa fè dyabèt sikre.
Dyabèt
Moun ki soufri ak dyabèt gen twòp sik nan san yo. Maladi sa a konn pi grav, si l kòmanse devlope pandan moun nan jèn (dyabèt jivenil). Men se moun ki gen plis pase 40 lane epi ki gwo ki trape maladi sa a plis.
Siy ki montre yon moun soufri ak maladi sik::
- li toujou swaf.
- li pipi souvan epi, li pipi anpil
- li toujou grangou
- l ap vin mèg
- l ap fè enfeksyon nan vajen li tout tan
Apre sa, nou jwenn siy ki pi grav tankou:
- demanjezon
- moun nan kòmanse pa wè byen
- gen kèk fwa, li santi l pa ka fè mouvman ni ak men l ni ak pye l
- egzema nan pye l ki pa ka geri
- moun nan gen dwa pèdi konesans (nan ka ki pi grav yo)
Gen lòt maladi ki bay tout siy sa yo. Pou n konnen si n fè dyabèt toutbon, nou ka fè yon tès pipi n pou kont nou. Nou ka sèvi ak yon riban papye ki rele Iristiks (Uristix). Riban sa a chanje koulè, lè n plonje l nan pipi yon moun ki fè maladi sik. Si n pa ka jwenn riban sa a, nou ka al wè yon travayè sante ki ka fè yon tès sik pou nou san pwoblèm.
Kapab gen plant nan zòn lakay ou ki ka ede w konbat maladi dyabèt. Chèche enfòmasyon nan men moun k ap travay nan afè lasante.
Tretman:
Si w gen mwens pase 40 lane epi ou fè maladi sik, ou gen dwa jwenn tretman kay yon travayè sante. Si w gen plis pase 40 lane fòk ou kòmanse siveye sa w ap manje, pou w ka kontwole dyabèt la byen:
![]() |
Gade pye w chak jou pou wè si w gen okenn blese ladan yo, epi si pa gen enfèksyon. |
- Manje ti manje ki pi lejè yo pi souvan. Sa ap fè kantite sik ki nan san w desann.
- Pa manje yon bann bagay dous
- Si w twò gwo, eseye vin pi piti
- Pa manje manje ki chaje ak grès tankou, bè kuizin, bè tab, grès kochon ak lwil, sòf si w gen pwoblèm pou w jwenn kont manje pou w manje.
Si w kapab, ou dwe vizite yon moun k ap travay nan afè lasante pi souvan, pou w ka konnen si maladi a pa p vin pi mal.
Mal manje ka lakòz maladi fwa w fin manje, kenbe kò w pwòp, epi toujou mete soulye nan pye w pou w pa blese. Gade men w ak pye w byen, yon fwa, chak jou, pou w wè si w pa gen okenn blese. Si w wè yon ti dekale san ankenn siy enfeksyon, (si kote a pa wouj, si l pa ni anfle ni cho), kouri al wè yon moun k ap travay nan afè lasante.
Chak fwa w kapab, lonje pye w anlè. Li enpòtan anpil pou w fè sa, sitou si pye w kòmanse gen yon koulè pi fonse pase rès kò w, epi si yo kòmanse pòk. Siy sa yo vle di san an pa sikile byen nan pye w.