Hesperian Health Guides

Sa fanm pi bezwen

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Repo Ak Egzèsis

Se pou n travay ansanm ak kominote a pou n diminye chay travay fanm. Recho ki pa boule anpil chabon menm jan ak sous dlo ki nan lokalite a amelyore lavi tout moun.

Repo

Pifò medam yo oblije travay anpil nan kesyon kwit manje, bwote dlo, ranmase bwa, pou fanmi yo ka debat ak lavi a. Konsa tou, lè yon fanm blije kite lakay li pou l al travay deyò, jounen travay li vin doub. Li gen dwa travay tout lajounen nan faktori, nan biwo oubyen nan plantasyon, men pita, lè l tounen lakay, fòk li fè dezyèm dyòb la - fòk li pran swen fanmi an. Tout travay pete fyèl sa yo ka lakòz medam yo soufri ak fatig nan tout kò yo, malnitrisyon ak lòt maladi, paske yo pa ka jwenn tan pou yo pran repo, epi anpil fwa, yo pa ka jwenn ase manje pou yo nouri kò yo.

a man and a woman carrying tools; the man carries a baby on his back

Chay travay yon fanm ka vin pi piti, si moun nan fanmi an ba l kout men nan travay kay la. Medam yo tou ka òganize yo pou youn ede lòt nan travay kwit manje, lesiv, chèche dlo ak bwa (oubyen sou fòm konbit, oubyen yon fason pou, tanzantan, gen fanm ki ap fè larelèv, lè lòt fanm fin travay). Kit yon fanm ap travay pou lajan, kit li pa p travay pou lajan, l ap toujou bezwen moun ba l kout men ak timoun yo. Gen kèk fanm ki rive òganize krèch, kote yon fanm dakò pou l pran swen tout timoun yo, pou lòt medam yo ka al travay. Medam ki al travay yo kotize pou yo peye fanm ki rete ak timoun yo. Yo konn sèvi ak yon lòt teknik tou. Paregzanp, si semèn sa a, se Antwanèt ki rete ak timoun yo, lòt semèn, se Janèt ki ap rete avè yo jouk chak fanm fè kou pa l.

Lè yon fanm ansent, li bezwen plis repo toujou. Li gen dwa eksplike fanmi li poukisa li dwe pran repo. Konsa, l ap ka mande yo ba l plis kout men.

a woman thinking while she works at a sewing machine
M bouke chita! Fòk mwen fè plis egzèsis. Petèt, li ta bon pou m tounen lakay apye...

Egzèsis

Pifò fanm fè bon kou egzèsis nan travay y ap fè chak jou. Men si yon fanm ap fè yon travay ki pa pèmèt li fè anpil mouvman - paregzanp, si l chita oubyen si l kanpe tout lajounen nan faktori oubyen nan yon biwo -, fòk li eseye mache epi detire kò l chak jou. Sa ap pèmèt kè l, poumon l, tankou zo l yo rete anfòm.

Egzamen medikal tanzantan

a woman holding a baby while standing outside a health center

Pou anpil MST ak anpil kansè, sentóm yo pa p parèt klè, toutotan maladi a poko grav anpil. Lè sa a tou, li gen dwa twò ta pou n jwenn tretman.

Menm si l santi l anfòm, yon fanm dwe fè yon travayè sante egzamine sistèm repwodiksyon l (tout pati nan kò l ki patisipe nan kesyon fè pitit), chak 3 a 5 an. Nan konsiltasyon sa a, travayè sante a dwe egzamine basen fanm nan ak tete l; li dwe chèche konnen si fanm nan pa fè anemi epitou li dwe teste si fanm nan pa gen yon MST, sitou si fanm sa a se youn pami fanm sila yo ki gen plis chans pou yo ranmase yon MST. Li ka fè yon Pap test tou (n ap bay eksplikasyon pi ba a) oubyen yon tès ki pou montre si fanm nan gen kansè nan kòl matris li. Tès sa yo enpòtan sitou pou fanm ki gen plis pase 35 lane, paske, depi laj ap antre sou yon fanm, li vin gen plis chans pou l trape kansè nan kòl matris (sètadi nan ouvèti matris la).

Plis pwoteksyon nan kontak seksyèl yo

Jounen jodi a, SIDA se youn nan maladi ki touye plis fanm.

Lè yon fanm pran abitid antre nan kontak seksyèl san l pa pwoteje tèt li, oubyen ankò, lè l kouche ak anpil gason, li gen plis chans pou l trape VIH/SIDA tankou lòt MST yo. Yon MST ki pa trete ka lakòz esterilite, gwosès nan twonp ak fos kouch. Yon fanm ki kouche ak anpil gason pi vit trape maladi enflamasyon nan basen ak kansè. Pou yon fanm anpeche l gen tout pwoblèm sa yo, se plis pwoteksyon pou l mete nan kontak seksyèl yo.

Planin familyal

Yon fanm ki jèn anpil dwe fè planin pou l ka tann kò l fin devlope nèt, anvan l fè pitit. Apre sa, lè l fin fè premye pitit li, li dwe tann 2 zan oubyen plis apre chak gwosès, anvan l fè lòt pitit. Metòd sa a ki rele “espasman gwosès” pèmèt kò fanm nan fin refè nèt apre chak gwosès epi li bay timoun yo tan pou yo fin tete. Fanm nan gen dwa deside pa fè pitit ankò, lè l fin gen kantite timoun li te vle.

Bon jan swen sante pandan gwosès ak akouchman

Anpil fanm konn refize chèche swen, lè yo ansent, poutèt yo pa santi yo malad. Men lè yon fanm santi l byen, sa pa vle di pa gen pwoblèm. Anpil nan pwoblèm gwosès ak pwoblèm akouchman yo, tankou pwoblèm tansyon ki wo, pwoblèm tibebe ki nan move pozisyon, gen dwa pa bay ankenn siy. Yon fanm dwe al pran swen prenatal (anvan akouchman) tanzantan, pou yon fanm saj oubyen yon travayè sante espesyalize egzamine kò yo, pou wè si gwosès la ap devlope nòmalman. Bon jan swen prenatal ka anpeche pwoblèm yo tounen pongongon ki ka mete lavi fanm nan ak lavi tibebe a an danje.

Plis enfòmasyon
akouchman
Plis enfòmasyon
egzèsis kontraksyon nan vajen


Planin familyal ak bon jan swen pandan gwosès ka anpeche:

Matris nou tonbe (pwolaps). Si yon fanm te konn ansent souvan, si travay akouchman an te konn twò long, oubyen ankò, si l te konn kòmanse pouse twò bonè lè l ap akouche, misk ak ligaman sila yo ki soutni matris la ka vin fèb. Lè sa rive, matris la ka desann li ka menm parèt nan vajen an. Yo rele sa “pwolaps”.

the opening of a woman's vagina, with the womb and cervix showing
Siy:
  • lè pipi ap koule sou nou
  • nan ka ki grav anpil yo, kòl matris la ka menm parèt nan fant vajen nanin severe cases, the cervix can be seen at the opening of the vagina
Prevansyon:
  • Apre chak akouchman, tann 2 lane anvan nou fè lòt pitit.
  • Pandan akouchman an, pa pouse toutotan kòl matris la pa fin ouvri nèt, toutotan nou pa ko santi yon gwo bezwen pou n pouse. Pa janm kite ankenn moun peze matris nou, pou fòse timoun nan soti pi vit.


Pipi koule soti san kontwòl nan vajen nou (FVV). Lè tèt yon tibebe peze twò fò sou klwazon andedan vajen nou, materyèl ki fè klwazon sa yo (tisi) ka donmaje. Pipi ak tata gen dwa koule soti nan vajen an.

Prevansyon - Fòk tout fanm:
  • tann kò yo fin devlope nèt anvan yo kòmanse fè pitit.
  • rete veyatif sou pwoblèm akouchman k ap dire twò lontan yo.
  • tann pou pi piti 2 lane apre chak akouchman anvan yo fè lòt pitit, pou misk yo ka gen tan vin djanm.

Yon fanm dwe egzamine tete l chak mwa, menm lè li fin rete (menopoz).

Egzamine tete n tanzantan

Si akòz yon enfimite, yon fanm gen pwoblèm pou l egzamine tete l, li gen dwa mande yon lòt moun fè sa pou li. Men fòk se yon moun li fè konfyans.

Pifò fanm konn gen ti boul nan tete yo. Ti boul sa yo konn chanje gwosè ak fòm anvan règ yo, pandan règ yo epi apre règ yo. Chak mwa, lè règ la pral vini, ti boul yo gen dwa sansib anpil. Kèk fwa - men sa pa rive souvan-, yon ti boul ki rete la tennfas kapab se yon siy kansè nan tete.

An jeneral, yon fanm ka dekouvri yon kansè nan tete pou kont li, si l aprann kijan pou l egzamine tete l. Si l egzamine tete l yon fwa chak mwa, l ap fin abitye ak eta nòmal tete a. Konsa, fanm nan ap pi vit rekonèt lè gen yon pwoblèm.


Kijan pou w egzamine tete w

a woman looking at her uncovered breasts in a mirror
Si w gen yon glas, sèvi avè l pou w gade tete w. Leve 2 bra w wotè tèt ou. Gade si pa gen ankenn chanjman nan fòm tete yo, gade si pa gen ankenn kote ki anfle oubyen tou, si pa gen anyen ki chanje nan po tete yo oubyen nan pwent yo. Apre sa, bese bra w epi, rekòmanse egzamine tete yo.


a woman on her back, feeling her left breast with her right arm while her head rests on her bent left arm; a folded cloth supports her left shoulder
Kounye a, lonje kò w (kouche). Kite dwèt men w tou long. Sèvi avè yo pou w tyeke si pa gen ankenn ti boul nan tete yo.
a dotted line showing the back-and-forth pattern of a woman's hand examining her breast
Fòk ou touche tete yo toupatou. L ap pi bon si, chak mwa, ou fè tyèk la menm jan an egzakteman.

Kisa pou w fè, si w dekouvri yon boul nan tete w

Si boul la lis oubyen mou tankou yon ti moso kawotchou, glise anba dwèt ou, lè w peze l, ou pa bezwen pè. Men si l di, si l gen douk epi li pa fè w mal, fòk ou rete veyatif sitou si boul sa a parèt nan yon sèl tete epi l pa bringding, lè w peze l. Kouri al wè yon travayè sante, si boul la toujou la, apre règ ou. Gen dwa se yon siy kansè. Fòk ou chèche konkou doktè tou, si tete a ap bay yon likid ki pòtre ak san oubyen ak pi.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025