Hesperian Health Guides

Chapit 6: Gwòses ak akouchman

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 6: Gwòses ak akouchman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a woman holding a baby
San dlo, plant yo ap mouri. San timoun tou, lavi nan kominote a pa p kontinye.

—- Pwovèb mikstèk, Meksik

Tout fanm ansent bezwen konsève sante yo. Konsa, fòk yo manje manje ki gen vitamin epi fòk fanmi yo ansanm ak kominote a ba yo lanmou ak èd yo bezwen. Gen anpil fanm ki pa gen ankenn pwoblèm sante pandan gwosès yo e ki pa rankontre ankenn pwoblèm nan akouchman. Konsa, pi fò pami tibebe sa yo fèt an sante.

An menm tan, gwosès ka reprezante youn nan pi gwo danje yon fanm ka rankontre nan lavi li. Yon demi-milyon fanm konsa mouri chak lane akòz pwoblèm gwosès ak akouchman (yo konn rele sa: mòtalite matènèl), sitou nan peyi ki pi pòv yo.

Ak swen sante de baz yo, moun ta ka evite pi fò nan lanmò sa yo. Nan chapit sa a, n ap jwenn enfòmasyon ki ka ede fanm ansent yo pran swen tèt yo oubyen ki ka ede lòt moun pran swen fanm ansent.

Kijan w konnen si w ansent

  • Ou pa wè règ ou.
  • Tete w fè w mal epi yo vin pi gwo.
  • Ou gen noze epi, kèk fwa, vomisman.
  • Ou fè pipi pi souvan.
  • Ou santi w fatige.
a woman counting on her fingers
ten drawings of the moon
Lè yo konte 10 lalin plenn, anpil fanm rive konnen ki lè y ap akouche.

Kijan w ka konnen kilè w ap akouche

Ajoute 9 mwa plis 7 jou sou dat lè règ ou te vini dènye fwa a. W ap jwenn yon lòt dat. Timoun nan ap fèt nenpòt ki jou, swa nan 2 semèn ki vini anvan dat sa a, swa nan 2 semèn ki vini apre menm dat la.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025