Hesperian Health Guides

Akouchman difisil

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Lè lonbrik la soti anvan tibebe a

Si lonbrik la soti anvan tèt timoun nan, l ap resevwa gwo presyon lè tèt tibebe a ap desann. Tibebe a ka mouri oubyen li ka fè yon aksidan serebral, sètadi, dega ka fèt nan sèvo l akòz mank oksijèn.

WWHND10 Ch6 Page 088-1.png
lonbrik la parèt nan vajen fanm nan
Kisa k dwe fèt:

Si timoun nan ap vini vit vit, si l prèske fèt, mande manman an pou l rete akwoupi pou l pouse ak tout fòs li. Epi, pran tibebe a.

a pregnant woman with her head, arms, chest, and knees on the floor

TRANSPÒ!

Si tibebe a p ap vin vit, fè fanm nan kouche sou 4 pat, men ak bra l ak tèt li plat atè a, ede l sispann pouse epi mennen l lopital. Timoun nan p ap ka fèt san sezaryèn.


Lè zèpòl tibebe a kole

Si yon tibebe gwo anpil, zèpòl li ka kole apre tèt li fin soti. Tibebe a ka mouri oubyen li ka pran gwo chòk, si l pa soti touswit.

Kisa k dwe fèt:
illustration of the below: the mother on her hands and knees after the baby's head has been born
WWHND10 Ch6 Page 088-4.png
Pinga ou eseye redi ti bebe a. Ou ka lakòz li mouri
illustration of the below: the mother on her back holding her knees after the baby's head has been born
  1. Mete manman an sou 4 pat epi fè l pouse. An jeneral, zèpòl ki kole a ap glise soti e tibebe a ap fèt.


  2. i pozisyon sou 4 pat la pa bay rezilta, fè fanm Si tibebe a p ap vin vit, fè fanm nan kouche sou 4 pat, men ak bra l ak tèt li plat atè a, ede l sispann pouse epi mennen l lopital. Timoun nan p ap ka fèt san sezaryèn. lonbrik la parèt nan vajen fanm nan nan kouche sou do, rale bout anba l arebò kabann nan, mande l pou rale jenou l anlè nèt. Nan menm moman an, fè yon moun peze anba ti vant fanm nan desann. Mande fanm nan pou l pouse ak tout fòs li pandan lòt kontraksyon an.


  3. Si timoun nan toujou pa ko soti, glise men w sou kou l jouk dwèt ou rive touche do l. An menm tan, fanm nan ap pouse ak yon kontraksyon, pouse bout anlè zèpòl la annavan..
ATANSYON! Pa kite ankenn moun pouse sou bout anlè matris fanm nan. Sa ka fè tibebe a kole pi rèd epi matris la ka chire tou.

Marasa

a woman's body, showing the womb with two babies in it

Lè yon manman gen plis pase yon pitit nan vant li, li pi bon pou akouchman an fèt nan yon sant sante oubyen lopital. Anpil fwa, nou ka jwenn youn nan tibebe yo nan yon move pozisyon, oubyen manman an ka bay anpil san apre akouchman an. Men, si w gen pou w ede yon fanm akouche marasa, men sa w dwe fè:

the first baby's cord coming out of the mother after being cut
mare pwent kòd la
Kisa k dwe fèt:
  1. Delivre premye tibebe a, menm jan w ta delivre nenpòt lòt tibebe.
  2. Lè w fin koupe lonbrik premye bebe a, mare ak anpil prekosyon bout lonbrik k ap soti andedan manman an. Si w pa fè sa, dezyèm bebe a ka pèdi lavi l.
  3. Pa bay ankenn piki.
  4. Remèt premye bebe a bay manman an pou l kòmanse tete. Sa ap fasilite akouchman dezyèm timoun nan.
  5. TRANSPÒ!

  6. Nan 15 a 20 minit, dezyèm timoun nan dwe fèt. Tyeke pozisyon l. Si li antravè, ou ka eseye fè l chanje pozisyon tou dousman. Si sa pa rive fèt san pwoblèm, fòk ou mennen fanm nan lopital.

Lè lonbrik la plòtonnen nan kou tibebe a

WWHND10 Ch6 Page 089-3.png

Kèk fwa, lonbrik la konn plòtonnen nan kou tibebe a. An jeneral, w ap ka lage lonbrik la san pwoblèm epi w fè l glise sou tèt tibebe a oubyen sou zèpòl li.

Si lonbrik la byen sere, si l sanble ap redi timoun nan dèyè, ou ka oblije mare l 2 kote pou w koupe l. Sèvi ak fisèl epi sizo pwòp. Fè atansyon pou w pa blese ni tibebe a, ni manman an.

Akouchman, lè dèyè timoun nan parèt anvan

WWHND10 Ch6 Page 090-1.png

Nou annafè ak yon akouchman espesyal, lè se dèyè tibebe a k parèt anvan. (Gade nan w wè kijan pou w tyeke pozisyon timoun nan anvan akouchman an). Si se premye pitit fanm nan, li pi bon pou akouchman an fèt lopital. Si se lakay li l ap akouche, eseye jwenn yon fanm saj ki gen eksperyans oubyen yon doktè ki ka bay.

Kisa k dwe fèt, lè se dèyè tibebe a k parèt anvan

1. Mande fanm nan pou l pa pouse toutotan bout anba timoun nan pa ko parèt nan vajen fanm nan. Li enpòtan pou kòl matris la ouvri nèt.
2. Fè manman an kanpe sou 2 pye l, epi, fè l pliye janm li, tankou se akwoupi li pral akwoupi.
a woman facing a pregnant woman and holding her under the arms to help her squat
Oubyen si fanm nan pa ka pran pozisyon sa a, ede l pouse bout anba l arebò kabann nan, lè pye tibebe a oubyen dèyè l ap soti.
a woman at the edge of a bed with her hands behind her knees to hold her legs up
3. Ankouraje fanm nan pouse rès kò timoun nan tou dousman. An jeneral, janm yo soti pou kont yo, men, kèk fwa, ou ka blije antre dwèt ou andedan kò manman an pou w ede janm tibebe a soti.
WWHND10 Ch6 Page 090-4.png
4. Lache lonbrik nan yon jan pou, pita, li pa remare. Si l toujou anba zo devan fanm nan, pouse l yon ti jan a kote, nan zòn ki gen plis vyann.
WWHND10 Ch6 Page 090-5.png
5. Vlope kò timoun nan ak yon sèvyèt byen sèch, byen cho. Sa ap ede w kenbe kò timoun nan pi byen. Sa ap anpeche tibebe a eseye respire anvan tèt li soti. (Nan rès desen yo, ou p ap wè sèvyèt la. Nou pa mete sèvyèt la pou w ka konprann desen yo pi byen. Men, nan yon akouchman toutbon, fòk ou toujou kenbe kò tibebe a nan sèvyèt la, pandan w ap delivre l).
WWHND10 Ch6 Page 090-6.png
6. Mande yon lòt moun pou l fè yon ti peze sou zo devan fanm nan (sou zo devan, pa anba ti vant). L ap fè sa, pou tèt tibebe a ka ret bese sou pwatrin li, men se pa pouse l ap pouse tibebe a deyò. Dirije kò timoun nan anba, tou dousman. Kenbe tibebe a nan tay oubyen nan janm. Fè atansyon! Si w peze do timoun nan oubyen vant li, ou ka blese ògàn ki andedan kò ti bebe a.

Ou ka blije antre dwèt ou andedan manman an pou w ede bra yo soti. Eseye glise men w desann sou zepòl yo, pou w pran bra yo. Fè yon ti rale koud bra yo pou w ka fè bra yo travèse zòn pwatrin lan. Fè bout anlè zepòl yo soti.
WWHND10 Ch6 Page 091-1.png

WWHND10 Ch6 Page 091-2.png
7. Leve tibebe a ak prekosyon pou do zepòl yo ka pase.
WWHND10 Ch6 Page 091-3.png
8. Kounye a, fòk ou fè timoun nan vire fas ba, nan direksyon bout anba manman an. Ou ka vle soutni kò tibebe a ak bra w. Mete dwèt ou nan bouch li pou tèt la ka ret bese. Lè manton an kole sou pwatrin lan, timoun nan ap travèse zòn zo tay manman an pi fasil.
WWHND10 Ch6 Page 091-4.png
9. Bese kò timoun nan jouk ou rive wè cheve dèyè kou yo. Pa redi tibebe a! Pa eseye pliye kou a: li ka kase!
WWHND10 Ch6 Page 091-5.png
10. Kite tèt timoun nan bese pandan w ap soulve kò li pou figi a ka soti. Kite dèyè tèt la andedan kò manman an.
WWHND10 Ch6 Page 091-6.png
11. Fanm nan dwe lage kò l. Li dwe sispann pouse. Se kòm “soufle” pou l soufle timoun nan soti. Bout dèyè tèt la dwe soti dousman. Si l soti twò vit, sèvo tibebe a ka senyen. Konsa, li ka pèdi lavi li oubyen li gen dwa gen gwo deranjman.
WWHND10 Ch6 Page 091-7.png
a woman leaning on pillows, eyes closed and knees bent, with a pool of blood between her legs

Lè fanm nan ap bay twòp san (emoraji)

Li nòmal pou yon fanm bay ti san apre yon akouchman. Men se yon pwoblèm grav, si san an pa sispann koule 60 minit apre akouchman an, oubyen, se plis pase 2 tas san ki koule, osnon yon kantite ki ka tranpe byen tranpe 2 moso twal ki byen pwès, nan 1 è d tan.

TRANSPÒ!

Kisa k dwe fèt:

1. Voye chèche sekou ijan.

2. Men sa pou w fè pandan w ap tann

Si fanm nan ap bay twòp san anvan plasennta a soti:

  • Mande fanm nan pou l akwoupi pou l pouse plasennta a soti.
  • Mande fanm nan pou li eseye fè pipi.
  • Mete timoun nan nan tete manman an, pou l kòmanse tete. Si timoun nan pa tete, mande fanm nan pou l woule pwent tete l, oubyen fè yon lòt moun souse tete yo. Sa ap ede matris la kontrakte pou l pouse plasennta a deyò.
  • Si gen posiblite, ou ka bay fanm nan yon piki 10 mg oksitosin nan dèyè oubyen nan kuis li tou.

Si plasennta a pa soti epi fanm nan kontinye ap bay san, kouri avè l nan yon sant sante oubyen lopital.

</dov>

Si emoraji a kòmanse apre plasennta a fin soti

a woman rolling her nipple between thumb and finger
Lè w woule pwent tete yo, sa ka fè matris la sere epi sa ka fè san an sispann koule tou.
  • Mande fanm nan pou l fè pipi
  • Kite fanm nan kouche epi mete tibebe a nan tete l. Si timoun nan pa tete, eseye woule pwent tete manman an. Sa ap fè matris la kontrakte epi san an ap sispann koule.
a woman lying down, baby on breast, while another woman rubs the top of her womb
  • Fè masaj ak fòs sou bout anlè matris la, nan zòn lonbrik fanm nan, jouk matris la vin di. Kontinye masaj la jouk san an sispann koule.
  • Si matris la pa vin di apre w fin pase kèk minit ap fè masaj, oubyen si san an kontinye koule, bay fanm nan ègometrin, 0,2 miligram, si se piki nan kuis. Si apre 15 minit, fanm nan kontinye ap bay san, ba l menm kantite ègometrin nan ankò.

Si fanm nan kontinye ap bay san toujou, kouri avè l nan yon sant sante oubyen lopital. Fè 2 moun nan fanmi li akonpaye l pou yo ka ba l san, si sa nesesè. Pandan tan sa a, gade si l pa gen siy chòk.

three people helping a woman who has lost a lot of blood
L ap senyen depi twò lontan. Fòk nou mennen l lopital. M ap pote timoun nan.
M ap pote l.
M santi m ap pèdi konesans.
M pral chèche kamyonèt la.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025