Hesperian Health Guides
Preparasyon pou travay ak akouchman
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 6: Gwòses ak akouchman > Preparasyon pou travay ak akouchman
Kèk bagay ou dwe pare met la anvan akouchman an
Depi l gen 7 mwa gwosès, yon fanm ansent dwe gen tout bagay sa yo tou pare:
![]() |
![]() |
||||||
savon ak alkòl | fil pwòp | ||||||
|
Men kèk lòt zouti yon fanm saj oubyen yon matwòn ka genyen:










Li lè tou pou n: | ||
|
|
![]() |
![]() |
Aprann sou travay ak akouchman fè nenpòt moun ki pi byen kapab ede lè yon moun ap fè yon tibebe.
Lè nap ede yon fanm akouche
Si w ansent, li enfòmasyon sa yo pou w ka konnen sa k ap pase nan travay la ak apre akouchman an. Enfòmasyon sa yo ka sèvi w tou, si w gen pou w ede lòt fanm akouche.
Si w ap ede yon fanm akouche, ou ka fè yon bèl travay, lè w rive ede fanm nan akouche san danje, san pwoblèm. Pa bliye pi fò timoun fèt san pwoblèm.
Rete kè kal, rete janti. Bay manman an konfyans, pou l pa pè. Fè l konnen ou sèten li kapab akouche san pwoblèm.
Pou yon akouchman san danje, respekte prensip 3 N yo: | ||
1. Netwaye (lave) men w. | 2. Netwaye kote akouchman pral fèt la. | 3. Netwaye zouti w anvan w koupe lonbrik timoun nan. |
![]() |
![]() |
![]() |
Men sa w dwe fè:
- Koupe zong ou kout epi kenbe yo pwòp.
- Lave men w ak savon nan dlo pwòp. Kite men yo seche nan lè a (pa siye yo).
- Chèche konnen ki fanm ki gen plis chans gen pwoblèm epi chèche konprann tout siyal danje gwosès yo byen. Fè yon jan pou fanm nan akouche nan yon sant sante oubyen lopital si danje sa yo egziste.
- Chèche konnen ‘Siyal danje pandan travay yo’. Kouri lopital ak fanm lan, si w remake nenpòt nan siyal sa yo.
- Trete fanm nan ak jantiyès, ak respè.

Men sa w PA dwe fè:
- Pa foure dwèt ou, pa foure anyen nan vajen fanm nan. Si w tyeke lajè ouvèti matris la, sa p ap ede timoun nan soti e, mete sou sa, sa ka lakòz yon move enfeksyon.
- Pa bay fanm nan ankenn medikaman pou w akselere oubyen fè tranche a vin pi fò. Medikaman sa yo ka touye ni manman an, ni tibebe a. (Se sèlman apre akouchman, pou san an ka rete, ou gen dwa sèvi ak medikaman ki fè matris la kontrakte.)
- Pa fòse fanm nan pouse, si l pa ko pare. Lè timoun nan rive nan lè pou l fèt, manman an ap santi sa menm jan l konn santi lè l bezwen fè poupou. L ap kòmanse pouse pou kont li.
- Pa peze matris la, pou w fè timoun nan soti pi vit. Sa ka fè matris la blese e sa ka fè plasennta a detache twò bonè. Ni manman an, ni pitit la ka pèdi lavi yo lè sa a.