Hesperian Health Guides

Papa, 2 mo silvouplè!

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Gwosès

a man touching a pregnant woman in a caring way

Lè w montre madanm ou kijan w sansib pou byennèt li, sa ap ede l fizikman tankou moralman. Fè tout sa w konnen pou l jwenn kout men nan travay li. Si w pa ka fè yon pati nan travay la, eseye jwenn yon lòt moun ki ka ba l kout men. Fè madanm ou manje manje fòtifyan epi fè l ale nan swen prenatal.

Akouchman

Ou ka bay madanm ou fòs ak konfyans pandan tranche a ak akouchman an, lè w:

Pandan tout tan gwosès la, pandan akouchman an tankou apre akouchman an, toujou met bab ou alatranp pou w veye siyal danje kay manman an tankou kay tibebe a. Chèche èd si w panse gen yon pwoblèm.

  • kontwole si gen dlo ak manje an, kantite nan kay la.
  • mennen yon fanm saj osinon yon travayè lasante nan kay la, pou l vinn bay kout men nan akouchman.
  • pran swen lòt timoun yo.


Si w rete bò kote madanm ou pandan akouchman an, w ap ka ba l sipò moral tankou sipò fizik. Ankouraje l epi fè l konnen tout bagay anfòm. Ba l dlo pou l bwè. Ede l mache oubyen ede l akwoupi pandan kontraksyon yo oubyen ba l masaj nan do l.

Apre akouchman

a man bathing a baby while a woman sleeps nearby

ing meals. If you cannot help, try to find someone else who can.

6 premye semèn apre akouchman an se peryòd ki pi enpòtan pou yon fanm. Se nan peryòd sa a, pou l rejwenn fòs ak lasante. Pandan peryòd sa a, li bezwen anpil manje fòtifyan ak bon jan repo. Ou ka ede l pran pi plis repo, si w fè yon pati nan travay li konn fè, tankou bwote dlo oubyen vye moso bwa pou dife, pran swen lòt timoun yo oubyen kwit manje. Si w pa ka fè sa, eseye jwenn yon lòt moun ki ka bay kout men.

Si w bay yon pati nan tan w pou w kenbe tibebe a epi pran swen li, madanm ou ap gen chans pou l dòmi. Epi w ap ka kòmanse konstwi yon bon relasyon ak tibebe a.

Pou bloke yon enfeksyon nan matris, pa chèche fè lanmou, toutotan san an pa sispann koule sou madanm ou.

Planin familyal

Pou manman an ak pitit la ka gen lasante, li pi bon pou n tann 2 zan apre yon akouchman anvan nou fè lòt pitit. Youn nan mwayen ki pi enpòtan nou ka sèvi pou fanmi an ka gen lasante, se planin familyal. Akonpaye madanm ou nan yon klinik ki okipe kesyon planin epi chwazi ansanm avè l metòd ki, daprè nou, ap pi bon an. Apre sa, fòk nou pataje ansanm reskonsablite itilizasyon metòd sa a.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025