Hesperian Health Guides

Pwoblèm ki konn mache ak gwosès

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Lè w ansent, kò w chanje. Ou ka rankontre kèk nan pami pwoblèm nou pral site yo. Men pa bliye, pi fò nan pwoblèm sa yo nòmal pandan gwosès.

Kè plen (noze)

Fanm ansent kapab gen noze nenpòt ki lè pandan gwosès la. An jeneral, pwoblèm sa a disparèt nan finisman twazyèm mwa oubyen katriyèm mwa gwosès la.

Kisa pou w fè:
  • Bwè yon tas te jenjanm oubyen yon tas te kanèl 2 a 3 fwa pa jou, anvan w manje.
  • Manje manje ki lejè epi evite manje ki gen grès oubyen ki mal pou dijere.
  • Souse sitwon
  • Mande fanm saj nan kominote a ki renmèd fèy yo konnen ki bon pou sa.
ATANSYON! Kouri wè yon travayè lasante, si vomisman fè w pa ka kenbe anyen nan lestomak ou oubyen si w wè w ap pèdi pwa. Fòk ou veye pou pa dezidrate tou.

Zègrè oubyen endijesyon

Lè w gen zègrè, se kòm si gòj ou ak lestomak ou ap pran dife. W ap pi vit gen pwoblèm sa a nan finisman gwosès la, sitou lè w fèk fin manje oubyen lè w kouche.

a woman drinking water
Kisa pou w fè:
  • Olye w pran gwo repa, manje manje lejè plizyè fwa.
  • Evite manje ki gen twòp epis oubyen ki gen twòp grès.
  • Bwè anpil dlo ak lòt bwason ki gen dlo ladan yo.
  • Pa al kouche touswit apre w fin manje.
  • Lè w kouche, fòk ou met tèt ou pi wo pase lestomak ou (zòrye).
  • Bwè yon tas lèt oubyen yon tas yogout, brase bikabonat oubyen kabonat kalsyòm (antasid) nan yon vè dlo epi bwè melanj lan.

Lè vajen ou ap bay likid (sekresyon)

Li nòmal pou w bay plis likid nan pati w, lè w ansent. Men si sekresyon sa yo fè kò w grate w, si yo brile kannal ou oubyen si yo gen move sant, ou ka trape yon enfeksyon nan aparèy jenital ou. Fòk ou chèche tretman touswit. Si sekresyon yo soti ak san oubyen ak glè, si w bay anpil likid ki sanble ak dlo, kouri al wè yon travayè lasante. Kapab se travay la ki kòmanse anvan lè.

Venn anfle (varis)

Lè w gen venn anfle (tou ble) nan janm ou ak arebò pati w, yo rele sa varis. Se pwa tibebe a ki lakòz pwoblèm sa a. Yo ka vin byen gwo e yo ka fè w mal anpil.

a pregnant woman in a chair with her feet on a stool
Fanm ki gen varis dwe lonje pye yo (sou yon chèz oubyen yon ban) chak fwa yo kapab. Yo dwe vlope janm yo tou, si varis yo makawon anpil.
Kisa pou w fè:
  • Eseye pa rete kanpe twò lontan. Si w gen pou w ret kanpe, fè yon ti mache an plas oubyen fè mouvman ak pye w, ak janm ou. Lè w chita, mete pye w anlè, chak fwa w kapab.
  • Fè yon jan pou w mache chak jou. Si w gen yon donmaj ki fè w pa ka mache, fè yon moun nan fanmi ou ede w fè egzèsis ak janm ou.
  • Si pwoblèm nan grav anpil, vlope janm ou ak yon twal. Kòmanse vlope nan zòn je pye w jouk ou rive anba jenou w. Fòk bandaj la pi sere nan zòn je pye a, epi fòk li pi lach, tank w ap monte. Wete bandaj yo chak swa.

Konstipasyon (lè w mal pou fè tata)

Gwosès fè trip ou travay pi dousman. Sa fè poupou a pi di e konsa, li gen plis pwoblèm pou l soti.

Kisa pou w fè

(teknik sa yo ka sèvi tou kòm mwayen prevansyon kont konstipasyon):

  • Bwè pou pi piti 8 vè likid chak jou.
  • Fè egzèsis chak jou.
  • Si w ap bwè grenn fè, eseye bwè yon sèl grenn chak jou ak ji fwi oubyen ak soup legim. Ou gen dwa sote kèk jou tou.
  • Manje anpil fwi, anpil legim ak anpil manje ki gen fib – tankou avwàn ak kasav.
  • Pa pran laksatif. Yo ka ba w soulajman pou yon ti moman sèlman. Apre sa, w ap bezwen pran plis ankò.
a woman sitting in a basin with her feet on the ground
Si w gen emowoyid, ou ka jwenn soulajman ak doulè, lè w chita nan yon kivèt dlo frèt.

Emowoyid

Ou gen emowoyid, lè yon seri venn gonfle nan twou dèyè w. Souvan, w ap gen demanjezon nan twou dèyè w. Ou ka santi l cho e li ka bay san tou. Konstipasyon ka fè emowoyid la vin pi grav.

a woman on her knees with her elbows on the ground
Kisa pou w fè:
  • Chita dèyè w nan yon ganmèl oubyen yon kivèt dlo frèt, pou w ka jwenn soulajman.
  • Suiv konsèy nou bay pi wo yo, pou w pa konstipe.
  • Tranpe yon mòso twal nan likid nwazèt majik (yon remèd fèy), si w ka jwenn, epi pase twal la nan zòn kote w gen doulè a.
  • Rete sou 4 pat epi leve dèyè w anlè. Sa ka ba w yon souf ak doulè a.

Lakranp nan janm

Fanm ansent gen lakranp souvan nan pye yo oubyen nan janm yo - sitou lannuit oubyen lè yo detire oubyen pwente zòtèy yo anba. Lè w pa jwenn ase kalsyòm nan manje w ap manje, sa ka fè w gen lakranp nan janm tou.

Kisa pou w fè:
  • Manje anpil manje ki gen kalsyòm, tankou: lèt, fwomaj, wowoli ak legim fèy vèt.
  • Lè w gen lakranp:
Peze talon pye w atè...
a heel on the floor with toes pointing up
... leve zòtèy ou anlè...
a hand stroking the back of the leg
...epi bay janm ou de twa ti tap, pou l ka lage.
WWHND10 Ch6 Page 71-3.png
Pa pwente zòtèy ou anba. Sa ka fè lakranp nan vin pi rèd.

Doulè nan bout anba do w

Se pwa tibebe a ki lakòz pwoblèm sa a.

Kisa pou w fè:
Plis enfòmasyon
lè w konn leve chay lou
  • Mande yon moun pou l fè masaj pou ou nan do a.
  • Mande moun nan fanmi ou pou yo ba w yon kout men nan tout gwo travay w ap fè.
  • Toujou sonje kenbe do w dwat, lè w kanpe oubyen lè w chita.
  • Kouche sou kote ak yon zòrye oubyen yon dra vlope nan mitan 2 jenou w.
  • Fè egzèsis “chat k ap fè kòlè” a pandan kèk minit, 2 fwa chak jou lè do w ap fè w mal.

Pye ak janm anfle

Pye anfle se yon pwoblèm ki konn nòmal pou yon fanm ansent - sitou pou medam sa yo ki blije kanpe tout lasent jounen.

Plis enfòmasyon
Siy danje toksemi.
What to do:
  • Lonje pye w anlè, chak fwa w kapab
  • Lè w ap pran repo, kouche sou bò gòch ou
  • Si pye w anfle anpil, oubyen si yo deja anfle lè w fèk leve nan maten, si men w ak figi w anfle tou, atansyon! Se siyal danje pandan gwosès.





Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025