Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Toupatou sou latè, plizyè milyon fanm pèdi lavi yo san nesesite akòz pwoblèm gwosès ak akouchman. Anpil nan ka lanmò sa yo rive yo oubyen fanmi yo tann twò lontan anvan yo chèche èd, lè gen ka ijan.
Men istwa yon gwoup medam ki te travay nan kominote yo pou yo ka konprann epi regle kèk nan pwoblèm sa yo.
Pandan dènye sezon lapli a, zanmi mwen Ekwefi te ansent. Lè moman an te rive pou l akouche, mari li pat la. Plizyè fanm ki gen eksperyans te vin bay kout men nan akouchman an. Men, travay la te twò long epi Ekwefi te kòmanse bay san. M te di fòk nou mennen l nan yon sant sante. Men pèsonn pa t ka pran desizyon an. Se mari a ki ta dwe deside, men misye pa t la. Nou vin konprann Ekwefi ak tibebe a gen lè p ap gen lavi. Yon ti tan apre, yo tou 2 mouri devan je nou.
Tristès te anvayi m. Ekwefi se te bon zanmi m. Li pèdi lavi l san l pa jwenn èd nou. Se konsa m te kòmanse pale ak de twa lòt medam ki ap viv nan bouk la. Fòk nou te chèche yon jan pou n koresponn ak pwoblèm sa a. Se pa t premye fwa yon fanm te mouri nan akouchman. Anpil lòt fanm konn pèdi pitit yo pandan akouchman. Gen kèk medam ki di se konsa bagay yo mache nan bouk la, nou dwe aksepte sa. Men nou te di non. Nou ka jwenn yon solisyon pou pwoblèm sa a.
Nou te deside fè yon reyinyon pou nou aprann plis bagay sou kesyon manman ak tibebe k ap pèdi lavi yo pandan akouchman. Pandan reyinyon an, nou pran desizyon pou n pale ak fanmi yo sou pwoblèm lan. 6 fanm nan gwoup la te dakò pou y al vizite tout fanmi ki, nan 2 dènye ane ki sot pase yo, te pèdi yon fanm nan akouchman oubyen ki gen yon fanm ki pa ko fin refè apre pwoblèm li te rankontre nan yon akouchman.

Nou te aprann anpil bagay enpòtan. Tout moun te dakò pi gwo pwoblèm nan, se tann medam yo tann twò lontan anvan yo rele doktè oubyen anvan yo al nan yon sant sante. Pafwa tou, yon fanm pa ka chèche èd, si l pa mande mari l pèmisyon. Anpil fwa, tankou sa te rive ak zanmi m Ekwefi, mari a konn pa nan bouk la, lè fanm nan bezwen otorizasyon l pou l al chèche èd. Laperèz anpeche vwazen yo bay yon kout men: yo pa vle mari a fache, yo pa vle pou l santi l vekse. Nou te wè tou kijan pi fò nan mari yo pa konn anyen sou kantite danje ki menase yon fanm pandan travay la.

Nou te deside fè prèske 11 kilomèt edmi sou 2 pye n, pou n al pale ak fanm saj la nan sant sante a. Nou di l tout sa nou aprann. Nou mande l pou l ede n jwenn solisyon pou pwoblèm nan. Fanm saj la te byen kontan ede n. Li pale ak alatèt bouk la, li mande yon reyinyon ak ansyen yo. Nan reyinyon sa a, fanm saj la eksplike ansyen yo danje pou lasante ki genyen nan yon travay long. Li di ansyen yo tou tout sa nou rive aprann sou kesyon fanm ki ap plede mouri pandan akouchman nan bouk la. Ansyen yo rekonèt se yon pwoblèm ki grav anpil pou tout bouk la. Yo mande fanm saj la kijan, daprè l, pwoblèm sa a ka jwenn yon solisyon. Fanm saj la eksplike ansyen yo kijan se pa sèl bouk nou an pwoblèm sa a ap chipote, men anpil lòt bouk nan peyi Nijerya. Li konseye yo chwazi 12 gason ak 12 fanm ki pou al patisipe nan yon seminè fòmasyon 5 jou sou sante repwodiksyon ak planin familyal. Moun sa yo ap vin tounen travayè sante espesyalize nan sante repwodiksyon. Y ap gen pou yo pataje konesans yo ak rès moun nan bouk la. Y ap gen pou yo fè motivasyon tou.

Apre fòmasyon an, mesye ki te patisipe yo konprann kijan yo dwe angaje pwòp tèt yo nan chèche solisyon pou pwoblèm grav sa a. Yo deside travay di pou yo montre lòt mesye yo tout danje ki nan travay la ansanm ak tout sa yo ka fè pou yo ede medam yo nan moman travay la. Yo deside tou mete sou pye yon “komite transpò” ki dwe chèche regle pwoblèm transpò a, lè medam yo blije al nan sant sante.
Nou tout te travay anpil pou n regle pwoblèm sante sa a nan bouk la. Okòmansman, anpil moun te konn di se konsa fanm mouri souvan nan akouchman, nou pa ka fè anyen kont sa. Men nou pa t dekouraje. Nan travay men nan men ak medam yo, ak fanm saj la, ak ansyen yo ansanm ak mesye yo, nou rive jwenn yon solisyon ki bon pou tout bouk la. Se pa t ni plis lajan ni plis teknoloji ki te solisyon pwoblèm nan. Se tan nou ak jefò nou ki te fè n jwenn solisyon an. Nou tout ki ap viv nan bouk Lado, nou ankouraje tout moun pou yo travay ansanm pou yo ka fè lavi ak lasante nan kominote pa yo vin pi anfòm.
Pou w aprann plis bagay sou kijan pou w reflechi sou pwoblèm sante yo ak kijan pou w regle yo, li chapit sou “solisyon pwoblèm sante yo”.
Kijan nou ka ede sove lavi plis fanm ansent
Nou ka evite pi fò lanmò ak deranjman nan gwosès ak akouchman, si medam yo jwenn pi bon manje, si yo sispann fè pitit youn dèyè lòt (ak planin familyal), si yo jwenn mwayen pou yo fè avòtman san danje, si yo jwenn bon swen sante pandan yon gwosès ak yon akouchman, si gen bon mwayen transpò ak bon sèvis kwa wouj. Pou mòtalite ka diminye:
- se pou n konnen tout siy danje nan yon gwosès, nan yon akouchman ak apre li.
- se pou n konnen kijan nou ka jwenn èd, depi anvan nou bezwen sa.
- lè pwoblèm la parèt, se pou n chèche èd touswit.
- eseye òganize kominote nou a yon jan pou transpò rapid, lajan, ak moun ki vle bay san deja tou pare lè yon akouchman difisil vin fèt.
- se pou n travay ak alatèt lokalite yo pou n bati bon ti kay tou pre lopital, kote medam ki sot lwen yo ka rete pou yo tann lè y ap akouche.
Kijan travayè sante yo ka ede sove lavi medam yo
- Envite medam yo fè planin pou anpeche avòtman nan move kondisyon, epi pou medam yo pa fè pitit youn dèyè lòt.
- Mete tretman ak prevansyon kont MST pou tout fanm ak demwazèl ki gen laj pou yo fè pitit.
- Fè tout fanm jwenn vaksen tetanòs, menm si yo pa ansent.
- Chèche konnen kijan pou w detekte pwoblèm pandan yon gwosès, pandan ak apre yon akouchman.
- Voye fanm ki gen pwoblèm nan yon gwosès (kit se kounye a, osinon anvan) nan yon sant sante ki gen transpò ijan.
- Montre matwòn yo ak fanm saj yo kijan pou yo fè prevansyon kont enfeksyon epi kijan pou yo detekte siy danje pandan gwosès ak akouchman, kijan pou yo bay tretman, lè pwoblèm sa yo parèt.
- Ankouraje tout fanm pou yo ba pitit yo tete pandan 2 zan pou pi piti.
- Fòk ou gen yon bwat medikaman ki genyen:
- oksitosin, ègometrin, ak renmèd fèy lokal ki bon pou anpeche oubyen kontwole emoraji apre akouchman.
- antibyotik pou tretman enfeksyon
- materyèl pou fè piki nan misk (EM) ak nan venn (EV).
- medikaman pou tretman toksemi.
- kèk gan oubyen sache plastik pwòp.
- kèk jilèt tou nèf
- yon sak oubyen yon bòk lavman