Hesperian Health Guides

Kijan pou n rete an sante pandan gwosès

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Si w ka pran swen tèt ou pandan w ansent, w ap pi vit gen yon gwosès san danje, w ap pi vit akouche san pwoblèm epi w ap fè yon timoun ki an sante.

  • Eseye manje valè manje fòtifyan ki nesesè. Yon bon alimantasyon bay fòs ak pwoteksyon kont enfeksyon. Sa ede timoun nan devlope an sante epi sa ka anpeche w pèdi twòp san pandan akouchman an. Pa bliye se 2 moun w ap nouri, ou menm ak tibebe a. Sèvi ak sèl ki gen yòd ladan l pou w pa pran chans fè yon ti retade mantal.
  • Dòmi epi pran repo, chak fwa w kapab. Si w travay kanpe, eseye chita oubyen kouche plizyè fwa pandan jounen an.
a pregnant woman lying down
... men pran repo chak fwa ou kapab.
a pregnant woman sweeping the floor
Fè travay ou chak jou...

Li nan pati sou “Siyal danje pandan gwosès” la, pou w ka konnen ki lè li enpòtan pou w al wè yon travayè lasante.

Si gen ka malarya nan zòn lakay ou, kouche anba moustikè pou marengwen pa mòde w.

  • Ale nan konsiltasyon (anvan akouchman) pou w ka pa gen pwoblèm oubyen pou w ka dekouvri pwoblèm yo anvan yo vin pi grav. Si w pa t janm pran vaksen tetanòs, kouri al pran youn. Fòk ou pran vaksen tetanòs 2 fwa anvan gwosès la fini.
  • Kenbe kò w pwòp. Benyen, netwaye kò w epi bwose dan w chak jou.
  • egzèsis kontraksyon-dekontraksyon ak vajen ou. Konsa, l ap vin pi fèm apre akouchman an.
  • Eseye fè egzèsis chak jou. Si w travay chita, eseye fè yon ti mache chak jou. Men pa fatige kò w.
  • Chèche tretman, si w panse ou gen yon maladi seksyèlman transmisib (MST) oubyen yon lòt enfeksyon.
  • Pa bwè medikaman famasi oubyen remèd fèy, sof si yon travayè sante ki konnen w ansent ba w otorizasyon pou sa.
  • Pa bwè gwòg, pa fimen, pa chike tabak pandan gwosès ou. Bagay sa yo pa bon pou sante manman an ni tibebe a. L ap devlope mal, epi sibi gwo domaj.
  • Pa pran kontak ak pestisid, zèbisid oubyen pwodui chimik ki sot nan izin. Yo ka mete tibebe a andanje. Pa manyen yo. Pa travay kote yo ye. Pa respire vapè yo. Pa janm mete manje oubyen dlo nan veso ki te gen pwodui sa yo.
  • Rete lwen tout timoun ki gen bouton sou kò yo. Petèt, se saranpyon yo genyen e sa ka andomaje tibebe a.






Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025