Hesperian Health Guides

Chapit 9: Fanm ki gen enfimite

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 9: Fanm ki gen enfimite

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a group of women with different kinds of disabilities; some have small children with them

Apeprè yon fanm sou 10 gen yon enfimite ki gen gwo konsekans sou lavi l ap viv chak jou a. Fanm sila a gen dwa gen pwoblèm pou l mache, leve kanpe, wè, tande oubyen sèvi ak sèvo li. Epi, gen anpil nan fanm sa yo moun pa janm wè, ni tande. Fanmi yo sere yo byen lwen. Yo pa patisipe nan aktivite kominote a, paske moun panse yo gen mwens itilite ak mwens valè pase lòt fanm ki pa gen enfimite.

Kisa ki lakòz enfimite?

WWHND10 Ch9 Page 139-2.png
Sou chak 10 fanm, gen youn ki gen yon donmaj ki aji sou lavi l ap viv chak jou a.

Sipèstisyon ak kwayans lokal yo konn fè moun gen move opinyon sou enfimite. Paregzanp, gen moun ki kwè yon fanm ki gen enfimite se yon fanm ki te konn fè move zak pandan lòt lavi li te viv sou tè a. Se peye l ap peye sa l te fè. Oubyen ankò, yo ka panse enfimite se yon maladi “atrapan”. Konsa, yo pè rete pre fanm nan.

Men, se pa move zak yon moun te fè ki lakòz enfimite. Nan peyi pòv yo, se lamizè, pafwa lagè - yon pwoblèm kèk grenn moun sèlman kontwole - ki lakòz anpil enfimite. Paregzanp:

  • Si yon manman pa jwenn valè manje pou l manje pandan gwosès li, timoun nan ka fèt ak yon enfimite (enfimite yon moun genyen depi nan vant manman l).
  • Si yon bebe oubyen yon jenn timoun (kit se ti gason, kit se ti fi) pa jwenn valè manje pou l manje, li gen dwa vin avèg oubyen li gen dwa manke entèlijans.
  • Lè manke pwòpte ak lijyèn kote moun ap viv, lè moun ap viv nan pwomiskuite (sa vle di, lè moun ap viv pil sou pil) epi an menm tan, pa gen ni manje, ni swen sante ki pi nesesè yo, ni vaksinasyon, gen anpil chans pou anpil kalte enfimite parèt.
  • Jounen jodi a, nan lagè k ap fèt yo, gen pi plis fanm ak timoun pase sòlda oubyen lòt gason ki pèdi lavi yo, oubyen ki vin gen yon enfimite.


Men menm si nou ta rive elimine tout rezon sa yo ki lakòz enfimite, ap toujou gen moun k ap soufri ak pwoblèm sa a - Se lavi a menm ki gen sa ladan l.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025