Hesperian Health Guides
Chapit 11: Manje pou gen lasante
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 11: Manje pou gen lasante

Anpil moun pa t ap malad si yo te manje manje ki gen bon jan vitamin epi si yo te jwenn kont manje.
Plis enfòmasyon
Yo pa bay fanm valèYon fanm bezwen manje ki gen vitamin pou l ka gen kouray pou l travay chak jou, pou l ka toujou an sante, epi pou l ka akouche san pwoblèm. Se mal manje ki lakòz fanm gen plis pwoblèm lasante toupatou sou latè. Sa lakòz yo gen gwo fatig, yo gen feblès, yo donmaje epi yo genyen tout lòt kalte pwoblèm sante.
Gen anpil rezon ki lakòz grangou ak mal manje. Premye rezon an se lamizè. Anpil kote sou latè, se yon ti ponyen moun ki gen pifò richès ak pifò tè. Olye yo pwodui manje, yo gen dwa deside plante kafe oubyen tabak, paregzanp, paske sa ap rapòte yo plis lajan. Lòt sitiyasyon ki lakòz lamizè, se sistèm demwatye, kote grandon bay ti peyizan malere kèk ti moso tè pou yo travay e se menm grandon sa yo ki fè dappiyanp sou pifò rekòt yo.
Lamizè frape medam yo pi plis. Se poutèt sa, nan anpil fanmi, yo bay medam yo mwens manje pase mesye yo, menm si se yon ti kal manje sèlman ki genyen. Konsa, pwoblèm grangou ak pwoblèm mal manje p ap janm jwenn solisyon toutotan tè ak lòt byen pa separe menm jan, toutotan fanm ak gason pa jwenn menm tretman.
Malgre sa, gen anpil bagay kretyen vivan ka fè, pou yo manje pi byen, san yo pa depanse twòp lajan. Lè yo rive fè tout sa yo kapab pou yo manje pi byen, y ap ranmase plis fòs. Anplis, moun ki pa soufri ak grangou chak jou kapab plis reflechi sou bezwen fanmi yo epi sou bezwen kominote a. Y ap kapab reflechi plis tou sou jan pou yo travay pou yo rive jwenn yon chanjman.