Hesperian Health Guides
Chapit 7: Lè fanm ap bay tete (alètman matènèl)
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 7: Lè fanm ap bay tete

Poukisa se lèt manman ki pi bon]
Li pi bon pou se tete sèlman tibebe a tete pandan 6 premye mwa yo.
Toupatou sou latè, alètman matènèl se youn nan abitid ki pi ansyen epi ki pi bon pou lasante. Men jounen jodi a, medam yo vin bezwen plis enfòmasyon ak plis konkou pou yo ka kontinye bay pitit yo tete. Alètman matènèl enpòtan paske:
- Lèt manman se sèl manje ki pa manke anyen nan sa tibebe yo bezwen pou yo ka gen fòs ak lasante.
- Apre akouchman, lè manman an bay tibebe a tete, sa fè matris la sispann senyen.
- Lèt manman pwoteje timoun kont maladi ak enfeksyon tankou: dyabèt, kansè, dyare ak nemoni. Nan lèt la, tout defans kò manman an devlope kont maladi, travèse al jwenn timoun nan tou.
- Alètman matènèl pwoteje manman an kont maladi tankou: kansè ak pwoblèm feblès nan zo (ostewopowoz).
- Lè yon manman bay pitit li tete, lèt la toujou pwòp, toujou pare, epi li toujou gen vrè tanperati li dwe genyen an.
- Alètman matènèl fè manman ak pitit vin tankou pwason kraze nan bouyon. Li fè yo santi yo an sekirite.
- Pou kèk fanm, alètman matènèl ka sèvi kòm metòd planin familyal. Men, fòk se lèt la sèlman tibebe a bwè.
- Lèt manman pa koute 5 kòb Kò tibebe a byen dwat.
Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025