Hesperian Health Guides

Chapit 2: Solisyon pwoblèm sante yo

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 2: Solisyon pwoblèm sante yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

two women reading a book together

Gen kèk pwoblèm sante, se pwofesyonèl lasante sèlman ki kapab reskonsab yo. Men pifò nan pwoblèm yo, nou ka trete yo lakay, oubyen nou ka fè prevansyon kont yo si nou pwoteje sante nou.

Chak fwa yon fanm gen kèk siy pwoblèm sante, li dwe chèche enfòmasyon pou l ka regle pwoblèm nan. Li dwe chèche konnen ki pwoblèm li genyen, kisa k lakòz sa, ki tretman ki posib e kijan li ka anpeche pwoblèm la tounen ankò (prevansyon).

Nan chapit sa a, n ap rakonte istwa yon fanm ki rele Wanita e n ap montre kijan l fè pou l regle yon pwoblèm sante. Menm lè detay yo konsène Wanita sèlman, jan l reflechi sou pwoblèm nan ak jan li debwouye l pou l regle li ka sèvi pou tout lòt ka. Ou ka sèvi ak menm metòd Wanita a pou w regle yon pwoblèm sante osinon pou w deside kijan w ap chèche jwenn bon jan swen sante.

Wanita dekouvri kijan li blije gade pi lwen pase tèt li, pou li ka jwenn yon bon jan solisyon pou pwoblèm li an. Li te oblije tou idantifye rasin pwoblèm lan, nan kominote a ak nan peyi a epi li deside travay pou chanjman. Tankou Wanita, ou menm ak kominote w la, nou ka sèvi ak menm metòd sa a pou n idantifye rasin tout pwoblèm ki fè fanm pa gen lasante. Nou ka travay tou pou nou fè kominote a tounen yon kote fanm ka viv an sante.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025