Hesperian Health Guides

Lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikoungounya

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikoungounya se maladi diferan yo ye ; se yon viris diferan ki lakòz chak maladi sa yo. Marengwen ki simen maladi sa yo gen rèl ak ti boul koulè blan oubyen dore, epi pat yo gen rèl tou. Pami yo se marengwen lafyèv jòn (Aedes aegypti) epi marengwen tig azyatik (Aedes albopictus). Yo konn pike moun lajounen, sitou granmaten epi nan fen apremidi. Yo peple kote moun sere dlo, epi nenpòt kote ki gen dlo k ap dòmi. Marengwen sa yo rete anndan kay moun oubyen tou pre; yo al kache kò yo nan fènwa, tankou anba tab oubyen anba kabann yo, oubyen nan kwen kote ki pa gen limyè. Li ka difisil pou konnen ki viris k ap bay maladi a, si gen Zika, lafyèv deng, ak chikoungounya, sa vle di toule twa kalite lafyèv sa yo nan menm zòn nan.

a mosquito with striped legs
Moustik sa yo ka bay anpil maladi. Yo gen rèl nan pat yo.

Chache konnen ki siy ki pi kouran pou lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, epi chikoungounya. Tout maladi sa yo ka bay lafyèv ak kò fè mal. Men gen moun ki pa fè okenn siy ditou. Si yo pa fè yon analiz san ki fè konnen yo te pran maladi a, yo ka menm pa konnen yo te pran li. Men menm si nou pa wè okenn siy maladi, si marengwen yo pike nou, lè yo al pike lòt moun, yo va bay lòt moun maladi a.

Se prèske menm trètman an pou maladi lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikoungounya

Pi souvan nou trete maladi sa yo lakay. Men tibebe, ti granmoun oubyen moun ki gen VIH/ SIDA, oubyen ki bay siy ki montre gen danje, tankou lafyèv cho ki pi wo pase 40° (104° F), yo dwe al wè yon ajan sante.

Pa genyen medikaman ki ka geri lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, oubyen chikoungounya. Nou trete yo tout menm jan : malad la dwe ret kouche, bwè anpil dlo ak lòt likid, epi bwè paracétamol, acétaminophène (parasetamòl, asetaminofèn) pou soulaje mal la epi pou desann lafyèv la. Li pi bon pou sèvi ak parasetamòl pase aspirin oubyen ibuprofène (ibipwofèn), paske yo ka yon danje pou moun ki soufri ak lafyèv deng ki grav. Si yon fanm kapab ansent, aspirin ak ibipwofèn kapab yon danje pou tibebe ki poko fèt la, men pa gen danje nan parasetamòl.

Se menm jan pou nou evite pran lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikoungounya

Pou evite pran maladi sa yo, pa kite marengwen pike nou epi pa kite marengwen yo peple. Genyen yon vaksen ki pwoteje moun kont lafyèv jòn.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020