Hesperian Health Guides

Viris Zika

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND mosq Page 13-1.png

Viris Zika a ka bay yon ti lafyèv, gratèl sou po, je wouj, epi ti doulè nan kò a ; nòmalman yon moun ka malad sèlman pandan detwa jou. Men genyen anpil moun ki pran viris la san yo pa tonbe malad.

SIY KI FÈ NOU KONNEN YON MOUN KA GEN ZIKA
  • Ti lafyèv pou youn oubyen 2 jou, nòmalman pa pi wo pase 38° (101°F)
  • Gratèl
  • Je li yo wouj epi yo pike l
  • Doulè nan jwenti
  • Po li ap grate l
  • Doulè nan vyann ak maltèt


Zika bay yon maladi ki pa twò grav ; li dire sou moun detwa jou oubyen jiska 8 jou. Nòmalman, yon moun ki gen Zika pa malad ase pou li ale lopital.

Trètman ka fè nou santi nou pi bon.

KI JAN POU NOU EVITE PRAN MALADI ZIKA

Pou evite pran Zika, pa kite marengwen pike nou. Moun nan kominote a dwe kole zepòl ansanm pou anpeche marengwen yo peple. Menm si se sitou piki marengwen ki transmèt maladi a, li posib pou yon gason bay yon fanm maladi a lè yo al nan kontak seksyèl. Konsa, kote ki gen Zika, moun dwe sèvi ak kapòt pou anpeche maladi a gaye.

Zika ak gwosès

NWTND mosq Page 13-2.png

Zika ka yon gwo danje pou yon tibebe k ap develope nan vant manman an. Zika ka fè tibebe yo fèt ak yon pwoblèm ki grav : tèt yo twò piti. Si yon fanm ki gwo vant tonbe malad ak Zika pandan gwosès la, tibebe a ka mouri touswit apre li fèt, oubyen kò li ak sèvo li ka pa devlope nòmalman. Chans pou yo, pifò tibebe yo pa gen pwoblèm. Men tout fanm, sitou fanm ki ka deja ansent, yo dwe fè efò pou yo pa kite marengwen pike yo — pote ase rad, sèvi ak anti-moustik (yon likid ki pou pase oubyen flite sou po a ki pou chase moustik). Si posib, mete moustikè sou tout fenèt ak pòt yo, epi dòmi anba moustikè.

Si genyen yon epidemi Zika (kote anpil moun tonbe malad nan menm tan) kote nou rete a, epi ou vle fè pitit, ou ka panse si li pa ta bon pou ou tann epidemi a fin fè kous li. Kominote yo ka fè atansyon pou tout moun gen posiblite pou yo fè planin (metòd pou kontwole fè pitit). Konsa yo ka anpeche viris Zika a fè donmaj (al gade nan chapit Fè plan pou fanmi nou, epi nan liv angle a: Health Actions for Women).

Kote ki gen viris Zika a, gason ak fanm, youn ka enfekte lòt la nan kontak seksyèl. Sèvi ak kapòt pou evite pran viris la. Si fanm nan deja ansent, li pi enpòtan anpil pou li pa fè lamou, oubyen pou li menm oubyen patnè li sèvi ak kapòt, pou fanm nan pa pran Zika pandan li gwo vant.

a man speaking
Lè nou te vle fè pitit, nou te sispann sèvi ak kapòt. Koulye a, madanm mwen gwo vant. Paske gen Zika nan zòn sa a, n ap pran swen pou anpeche marengwen pike nou, epi nou sèvi ankò ak kapòt pou pwoteje tibebe a!

Menm si pa gen Zika nan zòn kote yon fanm rete, li ka toujou pran maladi a nan kontak seksyèl si patnè li te vwayaje al nan yon zòn kote ki gen zika. Lè patnè li tounen, li dwe sèvi ak kapòt pandan 6 mwa pou pi piti pou pa bay madanm li maladi a pandan li ansent la.

Pa gen tibebe ki te pran maladi Zika a nan lèt manman an. Menm si yon fanm gen Zika, li pi bon pou li bay tibebe a tete. Lèt manman se pi bon manje pou tibebe a, epi se pi bon fason pou pwoteje sante tibebe a.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020