Hesperian Health Guides
Ki jan pou nou anpeche marengwen yo peple
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay > Ki jan pou nou anpeche marengwen yo peple
Chak kalite marengwen gen kalite dlo kote yo peple. Lè nou touye marengwen granmoun yo, yo pa ka pike moun ni peple ankò. Men sa ki pi efikas se detui ze ak ze lav ki eksploze nan dlo, oubyen seche dlo kote yo ka peple.
Marengwen, ki fè gaye lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikougounya, yo peple nan dlo pwòp k ap dòmi. Si marengwen yo jwenn dlo konsa, y ap ponn ze. Nan de (2) jou, ze yo eksploze nan fòm ze lav, ki viv anba dlo a. Nan 4 jou an plis, ze lav yo kòmanse tounen marengwen ak zèl. Nan 2 jou ankò, yo ka vole ale. Si chak 8 jou nou ta debarase katye a ak tout dlo k ap domi, marengwen yo pa ta kapab peple paske ze yo pa p eksploze.
Marengewen ki simen malarya ponn ze yo nan dlo tou — kèk fwa nan yon ti dlo dous anndan oubyen tou pre kay moun, menm jan ak marengwen lafyèv deng. Men yo peple tou nan ma dlo ki pi gwo, nou pa ka vide yo oubyen plen yo. Si gen marengwen bò kote oubyen anndan kay nou, li toujou bon pou nou wete, vide, oubyen byen kouvri tout kote dlo ap chita oubyen kote nou sere l.
Debarase nou ak tout kote marengwen ka peple, bò kote kay yo ak nan katye a
Deyò kay la : Debarase nou ak tout kote dlo ka chita, tankou vye kawoutyou machin, po flè, doum lwil, rigòl, ti veso plastik oubyen jwèt timoun, epi menm kapichon. Fè sa chak 8 jou pou pi piti. Si tèt kay yo an pant, ak yon sistèm pou ranmase dlo a, dlo lapli pa ka fè ma dlo nan tèt kay la ni atè a ; sa fè marengwen yo pa ka peple la. Plen twou nan dèyè pyebwa kote dlo ka chita, epi plen ti twou nan kloti yo, sitou kloti ki fèt ak banbou.
Kominote yo sèvi ak anpil kalite materyo pou fè atrap marengwen ki rale yo vini, epi ki touye yo ak ze yo. Yon kalite atrap marengwen sèvi ak bout vye kawoutyou machin; pou anpeche marengwen yo peple, yo ta oblije netwaye yo kanmenm.
Anndan kay la : Chak 8 jou, chanje dlo ki nan po flè epi veso kote bèt yo bwè. Si nou pa fwote yo byen, ze marengwen yo ka kole sou veso yo, kote yo ka rete vivan pandan de mwa jiska gen dlo ki pou fè yo eksploze.
Deyò ak anndan kay la : Toujou kouvri veso dlo yo byen sere pou marengwen yo pa ka antre ponn ze yo la. Si gen ze la epi yo eksploze, kouvèti a ap anpeche yo vole ale. Si gen twou oubyen fant, kouvèti a pa bon. Pou veso, doum, oubyen sitèn ki pa gen kouvèti, sevi ak moustikè oubyen griyay ki gen twou ki piti anpil kote marengwen pa ka pase ; oubyen kouvri yo ak yo twal ki pèmèt dlo a pase, epi tache l byen. Oubyen kouvri yo ak kouvèti plastik ki byen sere. Fè atansyon pou dlo a pa chita anwo kouvèti a ; sinon, marengwen yo ap ponn ze yo la!
Debouye nou ak kouran dlo epi kanalize dlo ki koule nan pi ak tiyo
Kote ki gen malarya, nou gen pou okipe chemen yo, ak tout lòt kote dlo a ka chita, pou anpeche marengwen yo peple. Fè atansyon tou pou kouran dlo ak dlo lapli ka koule desann, epi pou dlo a pa rete chita. Fè jaden yon fason pou tè a bwè dlo a, oubyen pou dlo a ka koule desann nan larivyè a. Veye pou pa gen fatra, fèy pye bwa, oubyen tè ki glise tonbe nan mòn yo vin bouche kouran dlo yo. Pou chache konnen plis sou ki jan nou ka debouye nou nan jesyon dlo, epi ki jan nou ka chwazi latrin ki pa gen fòs kote dlo sal ka chita, al gade nan liv la : A Community Guide to Environmental Health.
Nenpòt kote moun vin pran dlo, gen dlo ki vide atè. Kote ki gen ma dlo, ap genyen kote pou marengwen yo peple. Marengwen sa yo pote malarya ak lòt maladi. Kote moun pran dlo bò pi dlo, tiyo, sitèn debouche, ak lòt kote, veye pou dlo ki vide atè a ka byen koule, oubyen pou tè a ka bwè dlo a.
Pou nou pwofite dlo ki vide atè a, nou ka plante yon pye bwa oubyen yon jaden legim. Si nou pa kapab plante yon pye bwa oubyen fè jaden la, fè yon twou nan tè a, plen li ak wòch, gravye, epi sab pou dlo a ka koule ladann. Yo rele l yon «fòs ki pou bwè dlo». Konsa nou ka anpeche marengwen yo peple.
Wè si pa gen bon pwogram nan kominote pa nou an kote yo sèvi ak pwason ki manje ze lav marengwen yo nan ma ak nan letan yo. Oubyen mande pou wè si pa gen mikwòb ki rele Bti ki disponib. Nou ka sèvi avè l pou touye jenn marengwen yo anvan yo ponn ze, epi li pa p fè dega nan anviwònman an.