Hesperian Health Guides

Viris chikoungounya

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND mosq Page 15-1.png

Jeneralman, pa gen danje nan maladi sa a, men chikoungounya ka bay gwo malalèz paske doulè a ka rèd toutbon, nan men, pye, jenou, ak nan do. Mal la ka sitèlman rèd li ka fè yon moun rete ak do l bosi, ep li ka pa ka mache. Pifò moun reprann yo nan 8 jou konsa, men menm si lafyèv la desann, doulè nan jwenti ka dire kèk senmenn, menm kèk mwa. Mal la ka tounen sou li, menm apre yon ane oubyen plis.

Genyen plis danje nan chikoungounya pou timoun piti. Al wè yon ajan sante si yon tibebe gen lafyèv cho, si li fè kriz, si li vomi oubyen gen dyare.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT CHIKOUNGOUNYA
  • Lafyèv ki pran li sanzatann, li ka cho oubyen pa twò cho, souvan 38.5° (101°) oubyen pi wo.
  • Kò fè mal, maltèt, kou fè mal, ak vant fè mal ki rèd sou li
  • Anvi vomi
  • Gratèl sou po
  • Doulè nan jwenti ki dire sou li kèk senmenn, menm kèk mwa.


Trètman ka fè nou santi nou pi bon.


KI JAN POU NOU EVITE PRAN CHIKOUNGOUNYA

Pou anpeche chikoungounya vin sou nou, pa kite marengwen pike nou, epi pa kite yo peple.

NWTND mosq Page 15-2.PNG Marengwen ki simen lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, epi chikoungounya pa mande anpil dlo pou yo ka peple. Yon kapichon ki plen dlo ase gran!



Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020