Hesperian Health Guides

Lafyèv jòn

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lafyèv jòn pi kouran nan Lafrik ak nan Lamerik di Sid. Nan forè twopikal kote ki fè anpil lapli, genyen yon kalite maladi ki rele lafyèv jòn moun pran nan jeng (fièvre jaune de la jungle). Men kalite ki pi kouran an se lafyèv jòn moun pran nan zòn lavil (fièvre jaune urbaine).

Pifò moun ki pran lafyèv jòn ap reprann yo san pwoblèm, epi yo pwoteje kont maladi a, ki vle di yo pa pran li yon lòt fwa. De twa moun ka malad grav ak lafyèv jòn, men si nou trete yo, jeneralman y ap fin refè nèt.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LAFYÈV JÒN
NWTND mosq Page 12-1.png
  • Lafyèv
  • Frison
  • Doulè nan vyann (sitou do fè mal)
  • Maltèt
  • Bouch li anmè
  • Anvi vomi ak vomisman
  • Kè a bat dousman
  • Li pa vle wè limyè
  • Po, je, ak lang tounen koulè wouj


Pou pifò moun, maladi a al fè wout li nan 3 oubyen 4 jou.

Trètman ka ede nou santi nou pi bon. Men veye pou wè si pa gen siy ki montre danje.

SIY KI FÈ NOU KONNEN GEN DANJE

Lè youn moun ap soufri ak lafyèv jòn ki grav, nan kèk èdtan oubyen sou premye jou kote li kòmanse reprann li, lafyèv cho ka tounen sou li. Epi nou wè kèk nan siy sa yo :

  • Lajonis, blan je yo oubyen po ki gen koulè klè tounen koulè jòn.
  • Vant fè mal
  • Bouch, nen, oubyen je li yo ap bay san
  • Vomisman
  • San nan vomi a ki gen koulè wouj oubyen mawon, oubyen kaka ki gen koulè nwa (se anndan vant lan k ap senyen)


Si nou wè nenpòt nan siy sa yo, fè vit mennen li lopital.

KI JAN POU NOU EVITE PRAN MALADI A

Bay vaksen kont lafyèv jon (al gade nan chapit Vaksen). An plis, pa kite marengwen pike nou epi pa kite yo peple.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020