Hesperian Health Guides
Lafyèv deng (lafyèv kraze zo)
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay > Lafyèv deng
Lafyèv deng konn gaye nan tan lapli lè li fè cho. Nou fasil jwenn li nan vil kote moun viv toupre youn ak lòt. Marengwen yo peple kote moun sere dlo epi nenpòt kote dlo ka chita, souvan nan veso yo epi atè a kote dlo a pa koule.
Premye fwa yon moun pran lafyèv deng, li konn reprann li si li poze kò li epi bwè anpil likid. Lè yon moun pran li yon dezyèm fwa oubyen plis toujou, maladi a va pi danjere.
Maladi a konn pran yon moun sanzatann ak yon lafyèv cho epi kò fè mal. Nan 3 oubyen 4 jou, moun nan ka kòmanse reprann li, men li gen yon gratèl ki leve sou men ak pye li yo. Gratèl la pase sou bra li, janm li, epi sou tout kò a (pa fasil sou figi a). Lafyèv deng ka parèt lòt jan, men pifò moun gen yon lafyèv cho epi 2 oubyen plis nan lòt siy yo.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LAFYÈV DENG :
- Lafyèv cho ki pran li sanzatann, 39° (104° F) oubyen pi wo toujou
- Gwo doulè nan vyann ak nan jwenti yo (se poutèt sa yo konn rele l lafyèv kraze zo)
- Maltèt, doulè dèyè je li yo
- Gratèl
- Gòj fè mal
- Anvi vomi ak vomisman
- Frison
- Kò kraz
Trètman ka fè nou santi nou pi bon, men voye je pou wè si pa genyen siy lafyèv deng ki grav. Si nou pa fè vit trete l, li ka pote yon moun ale.
SIY LAFYÈV DENG KI GRAV
- Ti gout san sou po a, oubyen nan nen, zòrèy, oubyen bouch
- Vant anfle, san nan vomi a oubyen nan kaka a (se vant lan k ap senyen)
- Li pa ka manje ni bwè
- Li sanble bwouye, kè a bat vit, po a vin frèt, oubyen nou wè lòt siy pou chòk. Kote nou ka fè analiz san, si ematokrit la twò wo, oubyen si plakèt yo twò ba, n ap konnen gen yon bagay ki pase mal. (Ematokrit se kantite selil wouj ki nan san an ; lè yon moun ap senyen twòp, kantite ematokrit la monte two wo paske pati likid ki nan san an ap pèdi. Plakèt se selil ki fè san an kaye oubyen fè boul ki pou rete senyen an.)
Sèl jan pou trete lafyèv deng ki grav, se pou nou fè vit ba li sewòm nan venn, epi trete pwoblèm san k ap pèdi a. Si nou wè siy danje, mennen l lopital san pèdi tan.
KI JAN POU NOU EVITE PRAN MALADI A
Pa kite marengwen pike nou epi pa kite yo peple.