Hesperian Health Guides

Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay : Medikaman

Maladi moustik bay : Medikaman

Medikaman ki bon pou kalme doulè ak lafyèv

Paracétamol, acétaminophène (parasetamòl, asetaminofèn)


Parasétamol pa koute chè ; li bon pou kalme ti doulè epi pou desann lafyèv. Genyen anpil maladi moustik bay ki bay pwoblèm doulè ak lafyèv.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Veye pou nou pa pran plis medikaman pase sa yo di pou nou pran. Lè nou pran medikaman sa a twòp, li ka donmaje fwa a ; li ka menm pote yon moun ale. Sere medikaman an kote timoun pa ka rive, sitou si se medikaman an siwo li ye.

Yo mete parasétamòl nan anpil siwo ki bon pou grip. Poutèt sa, si n ap bay parasétamòl, pa bay siwo pou grip. Sinon, nou ka bay twòp.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 10 - 15 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 5 dòz   pandan 24 èdtan. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Timoun ki poko gen 1 ane : bay 62 mg (mwatye nan yon ka {¼} grenn 500 mg, ki vle di ⅛, uityèm nan yon grenn), nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 1 - 2 ane : bay 125 mg (¼, ka nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 3 - 7 ane : bay 250 mg (½, mwatye nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 8 - 12 ane : bay 375 mg (¾, twa ka nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan
Plis ke 12 ane : bay 500 - 1000 mg, nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 4000 mg nan yon jou.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024