Hesperian Health Guides

Viris Nil lwès (virus de Nil occidental)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND mosq Page 16-1.png
Marengwen sa yo peple nan marekay oubyen nan lòt dlo sal k ap domi.

Se marengwen kilèks (Culex) ki mache bay moun viris Nil lwès la. Yo gen tay mwayèn, koulè mawon, ak mak blanch sou vant lan. Lajounen yo poze kò yo anndan e bò kote kay moun ak lòt batiman, epi bò kote plant ak touf bwa. Kòbo, lòt zwazo, ak cheval konn pote viris la. Yon marengwen al pike yon bèt, li souse viris la, apre sa li pike yon moun, epi li mete viris la ak maladi a nan kò moun nan.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT VIRIS NIL LWÈS

Pifò moun ki enfekte ak viris Nil lwès la pa bay siy malad, epi yo ka byen pa konnen yo te pran li. Men youn nan 5 moun ki enfekte ap tonbe malad, epi yo ka fè kèk nan siy sa yo :

NWTND mosq Page 16-2.png
  • Li gen lafyèv
  • Li gen maltèt
  • Li bouke tout tan
  • Tout kò l fè mal
  • Li vomi
  • Li gen gratèl sou po
  • Glann li yo anfle


Trètman ka fè nou santi nou pi bon

Menm si sa pa rive souvan, maladi viris Nil lwès la ka tounen byen mal. Fòm maladi sa a ka aji sou sèvo yon moun. Ti granmoun yo pi fasil pase jenn moun pou yo pran fòm maladi ki grav la. Si nou wè siy ki montre danje, fè vit chache konkou doktè.

SIY VIRIS NIL LWÈS KI FÈ NOU WÈ GEN DANJE
  • Li gen kou rèd
  • Li tranble
  • Li paralize (pa ka fè mouvman)
  • Li bwouye, li pèdi konnesans
KI JAN POU NOU EVITE PRAN VIRIS NIL LWÈS

Si nou wè zwazo ki mouri epi cheval ki malad nan yon zòn kote ki konn gen viris Nil lwès, sa fè nou konnen kapab gen moun ki pran li tou. Genyen yon vaksen pou cheval ; alò, si nou vaksinen cheval yo, n ap pwoteje moun tou. Kalite maladi sa a aji sou sèvo yon moun. An plis, pa kite marengwen pike nou, epi pa kite yo peple.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020