Hesperian Health Guides

Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

a woman with two children surrounded by mosquitoes

Marengwen yo pote anpil maladi, epi yo mache bay moun maladi sa yo lè yo pike moun. Klima sou latè ap chanje ; sa fè tan an vin pi cho, epi vin gen plis lapli. Sa fè marengwen yo peple pi plis toujou.

Genyen plizyè kalite marengwen — gen kèk ki peple nan dlo k ap domi, kèk lòt ki peple nan dlo lapli ak nan dlo moun sere pou yo bwè l. Genyen marengwen ki pike moun lannuit, epi gen lòt ki pike lajounen. Genyen marengwen se moun sèlman yo bay maladi, epi gen lòt yo ki ka bay bèt maladi tou.

Lè marengwen yo pike moun, y ap simen maladi

Viris marengwen yo pote. Anpil maladi moun pran lè marengwen yo pike moun, yo soti nan viris. Menm jan ak anpil maladi ki soti nan viris yo, depi yon moun refè, li vin pwoteje, epi menm maladi a pa p tounen sou li yon lòt fwa. Men gen viris, tankou viris lafyèv deng, ki se yon viris ki gen plizyè fòm (serotype, sa vle di chak fòm viris ki bay lafyèv deng nan yon ti kras diferan pa rapò ak lòt yo). Si yon moun te gen lafyèv deng, menm si li refè, li ka pran lafyèv sa a ankò. Sepandan, si lafyèv deng tounen sou li yon dezyèm fwa, maladi a ka pi grav toujou.

Lè gen anpil moun nan yon kominote ki deja pran yon viris, chak moun pwoteje. Pa p gen anpil moun ki tonbe malad, epi maladi a ka sanble disparèt. Men lè gen timoun ki fèt epi moun ki pa t pran maladi sa a rive nan kominote a, viris la ka frape ankò. Konsa, ka gen ane kote ka maladi sa a parèt anpil, epi ane kote nou prèske pa wè maladi a. Poutèt sa tou, si yon nouvo viris rive nan yon zòn kote ki pa gen moun ki te genyen li deja, va gen anpil moun ki tonbe malad nan menm tan an.

Parazit ki soti nan marengwen. Se yon ti parazit tou piti ki bay maladi malarya. Yo fouye kò yo nan selil san yo, epi yo viv anndan selil yo. Lè yon marengwen ki gen parazit la pike nou, li mete parazit yo nan san nou. Depi li mete yo nan kò nou, yo bay yon maladi ki ale vini pandan anpil ane, sòf si moun nan pran medikaman ki bon pou touye parazit sa yo. Depi yon moun fè anpil ane ap viv kote ki gen anpil ka malarya, li pa fasil tonbe sitèlman malad ankò, paske kò a gen tan aprann defann tèt li kont parazit yo. Men se pou nou chache pwoteje fanm ki gwo vant, tibebe, ak timoun piti, paske yo ka pran malarya pi fasil, epi maladi a pi rèd pou yo.

a woman speaking
Marengwen yo simen maladi tankou lafyèv deng ak malarya. Men marengwen yo pa kapab gaye VIH/ SIDA!

Ki jan maladi yo gaye. Lè se marengwen ki fè yon maladi gaye, yon moun pa p kapab bay yon lòt moun maladi a, menm si yo abite menm kote a oubyen yo touche youn ak lòt la. Men lè yon marengwen pike yon moun malad, li souse parazit malarya ki nan san moun malad la. Apre sa, lè li al pike yon lòt moun, li mete parazit sa yo nan kò lòt moun nan. Konsa moun nan menm fanmi an ak vwazen yo konn tonbe malad youn apre lòt. Si nou konprann ki jan marengwen yo gaye maladi, li va ede nou konprann tou ki jan nou ka pwoteje kò nou pou marengwen pa ban nou maladi.

Menm si se marengwen ki gaye maladi Zika, moun ka pran l nan fè bagay tou. Maladi Zika se yon ti maladi pou detwa jou, men si yon fanm ki gwo vant pran li, tibebe a ka fèt ak yon gran donmaj. Pwoteje fanm ansent yo ; pa kite marengwen pike yo, epi sèvi ak kapòt.

Siy ki fè nou rekonèt maladi marengwen bay yo

NWTND mosq Page 2-2.png

Malarya, lafyèv jòn, Zika, chikoungounya, viris Nil lwès, ak anflamasyon sèvo japonèz (ansefalit) yo tout se maladi marengwen ap mache bay moun. Yon maladi ka grav, oubyen li ka pa twò grav. Maladi sa yo fasil bay lafyèv, gratèl, ak kò fè mal. Yon moun ka soufri ak plis pase yon viris nan menm tan. Siy maladi a ede nou rekonèt diferans ant maladi yo, men li ka difisil pou rekonèt ki maladi li ye. Otorite Sèvis Sante yo ka konnen ki maladi ki kouran nan zòn pa nou.

Ki maladi li ye ?

Eske malad la gen lafyèv ?
Maladi a komanse ak lafyèv, epi frison, lè fini, lafyèv la tounen sou li ankò. Nou wè sa fasil ak malarya. Lafyèv deng ak lafyèv jòn tou de ka bay frison, mete sou sa, lafyèv tou.
Lafyèv pran li sanzatann, li bay tèt ak kò fè mal. Se konsa lafyèv jòn ak lafyèv deng konn mete pye. Anflamasyon sèvo japonèz ka mete pye ak yon lafyèv konsa tou.
Lafyèv deng ak chikoungounya konn bay yon lafyèv cho, 38.5° (101°F) oubyen pi wo toujou. Maladi Zika konn bay yon lafyèv ki pa twò cho, pi ba pase 38.5° (101°F).
Anpil maladi konn bay lafyèv. Al gade nan Ki jan pou nou Egzaminen moun malad, (chapit la poko ekri) pou chache konnen plis sou lafyèv, epi al gade nan chapit Ki jan pou nou okipe timoun pou chache konnen plis sou maladi timoun ki bay lafy
Eske li gen gratèl ?
Zika ka byen fasil bay gratèl, epi li kouran avèk chikoungounya, lafyèv deng, e viris Nil lwès. Malarya, lafyèv jòn, oubyen anflamasyon sèvo japonèz pa fasil bay gratèl.
Lawoujòl oubyen lòt maladi ki kouran ki pa soti nan piki marengwen ka bay gratèl tou.
Eske malad la gen kò fè mal, doulè nan zo ak nan jwenti li yo ?
Lafyèv deng, chikoungounya, ak Zika fasil bay doulè ak kò fè mal. Malarya pa fasil bay kò fè mal. Lafyèv deng fasil bay doulè nan zo oubyen nan vyann nan ; chikoungounya pi fasil bay doulè ak anflamasyon nan jwenti.
Yon moun ki gen jwenti fè mal ka byen soufri ak yon lòt maladi ki pa soti nan piki marengwen, ni nan viris tik.
Eske li gen je wouj ; eske je li yo pike l ?
Maladi Zika konn fè je malad la pike l, epi gen de fwa chikoungounya ak lafyèv jòn ka bay menm pwoblèm.


Siy ki montre gen danje nan maladi moustik bay, ki mande pou jwenn swen prese prese

  • Malarya ki grav, viris Nil lwès ki grav, ak anflamasyon sèvo japonèz ki grav, yo tout ka bay malad la kriz epi fè li pèdi konnesans.
  • Si yon malad ap bay san anndan kò a, oubyen nan bouch, jansiv, nen, je, oubyen po, se ka lafyèv jòn ki grav, oubyen lafyèv deng ki grav ki lakòz sa. Veye pou wè si li pa fè siy pou chòk : po a vin frèt, tansyon an ap desann, epi kè a ap bat vit. Si vant malad la anfle, se ka yon siy l ap bay san anndan kò a.


Si lafyèv la pre rive 40° (104°F), al wè yon ajan sante. Si li pi wo toujou, se yon ka ijan.

Fòk nou al wè yon ajan sante si se yon fanm ansent ki bay siy malarya, si nou sispèk yon tibebe te pran yon maladi marengwen ka bay, oubyen si se yon ti granmoun oubyen yon moun ki gen gwo pwoblèm sante. Si malad la soufri ak kò fè mal pandan plis pase 15 jou, oubyen si li gen gwo fèblès, pikotman, oubyen li pa ka santi anyen nan janm, bra, oubyen figi li, al wè yon ajan sante. Se ka sendwòm Giyen bare (Guillain-Barré), yon maladi grav ki ka mete pye lè yon moun gen yon maladi moustik bay. Li mande pou trete nan lopital.

KI JAN POU TRETE MALARYA KI GRAV

Paske siy maladi yo sanble youn ak lòt, li difisil pou konnen san dout ak ki maladi yon moun ap soufri. Si se ka malarya, fè yon analiz pou malarya san pèdi tan; konsa moun nan ka kòmanse swiv trètman touswit. Se pi enpòtan si se yon fanm ki gwo vant, yon moun ki tou jenn oubyen ki antre nan laj, oubyen yon moun ki gen VIH/SIDA. Si yon fanm panse li te ka pran maladi Zika, li gen dwa tann e pa eseye al fè pitit, jis li fin refè. Zika ka yon danje pou fanm ki gwo vant.

Si maladi a pa twò grav, menm si nou pa fin konnen ki maladi li ye, malad la dwe bwè anpil likid, poze kò li, epi pran parasetamòl. Si l ap vin pi mal toujou oubyen li pa p refè, al konsilte yon ajan sante.

two water storage containers with covers
Pou evite pran maladi, debarase katye a ak tout kote ou wè marengwen kapab peple, epi byen kouvri tout veso dlo pou marengwen yo pa ka antre.

Si nou mete ajan sante yo ak moun ki responsab sante yo okouran de ki moun, ak konbyen moun ki malad, sa ap ede yo konnen ki lè yo gen pou travay ak tout kominote a pou debarase yo ak marengwen.

Ki jan pou nou evite pran maladi moustik bay

Kote ki gen lafyèv jòn oubyen anflamasyon sèvo japonèz, nou ka evite pran maladi sa yo si nou vaksinen timoun ak granmoun yo. Kote yo sèvi ak ensektisid (pwazon ki pou touye ti bèt ak zèl) fè atansyon lè n ap sèvi ak yo, paske ensektisid yo ka donmaje moun ak anviwònman. Li ka pi bon epi li ka mache pi byen, si nou sèvi ak lòt metòd pou anpeche marengwen pike moun, epi anpeche marengwen peple.




Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024