Hesperian Health Guides

Kominote yo konbat maladi moustik bay

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ajan sante ki nan kominote a, oubyen nenpòt gwoup moun, ka ede vwazen yo debarase lakou e kay yo ak dlo k ap dòmi. Sa ap anpeche marengwen yo peple, epi anpeche yo enfekte tout moun nan kominote a. Eske gen vye granmoun, moun ki kokobe, oubyen fanmi ki manke mwayen ki bezwen moun ki pou pote yo lanmenfòt? Gwoup jenn yo oubyen ekip granmoun yo ka verifye kay moun, fè oubyen repare moustikè, epi byen kouvri tout veso kote yo sere dlo. Fè timoun lekòl yo patisipe ; sa ap ede yo aprann plis sou ki jan lanati ak tout bagay ki ladann ap mache.

Lè yon kominote vle netwaye katye a, yo gen dwa fè efò pou yo debarase teren lib yo ak tout fatra e veso ki ka ranmase dlo. Yo ka mete veso yo tèt anba, byen fèmen yo, oubyen wete yo.

a woman walking on tires
Nou ka sèvi ak vye kawoutyou pou plante ladan yo, oubyen menm pou fè eskalye!

Men lòt fason chèf ki nan kominote a ka bay yon kout men :

  • Chache amelyore kondisyon lavi moun : monte sistèm dlo nan tiyo, jere fatra ak dlo sal, trase plan tèt kay yo pou pa gen kote dlo ka chita, epi wè si nou pa ka amelyore latrin oubyen sistèm pwòpte yo.
  • Fè efò pou moun ka jwenn trètman malarya pi fasil.
  • Pase moustikè bay tout moun, epi planifye reyinyon pou repare twou epi trete moustikè yo ak ensektisid.
  • Kole zepòl ak moun ki responsab pwogram sante nan kominote an sou ki jan nou ka sèvi ak ensektisid (pwazon ki pou touye ti bèt) yon jan ki san danje.


Mete tout moun ladann ; fè yo konnen ki jan marengwen yo simen maladi yo, ki jan nou ka anpeche yo vin pike nou, epi ki jan nou ka anpeche yo peple. Ki kote moun anpile vye kawoutyou yo? Pale sou ki moun marengwen yo ka aji pi plis, epitou sou ki jan nou ka anpeche yo pike moun epi peple. Eske yo aji yon lòt jan sou fanm, gason, timoun, ak tibebe?

Reflechi sou ki moun ki travay oubyen ki pase tan kote ki gen anpil marengwen, pa egzanp :

  • Kote moun al pran dlo oubyen lave rad, sitou si se dlo k ap dòmi, oubyen dlo ki vide atè ki fè ma dlo.
  • Kote moun travay latè oubyen fè min, ki fè genyen twou, fòs, oubyen rigòl ki plen dlo nan tan lapli.
  • Anndan e bò kote kay la, kote fanm ak timoun piti yo pase pifò jounen an, epi marengwen yo kache kò yo sou mi yo epi nan lonbray.
  • Lekòl ki manke moustikè epi timoun yo oblije chita an plas nan klas
a group of people talking while looking at a map
Mèt teren sa a pati al lavil; genyen anpil vye kawoutyou machin la.
Isit gen gwo siyon ki rete plen dlo.
Fòk mason yo plen twou yo lè yo fin fè travay yo.



Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020