Hesperian Health Guides

Pou evite pran maladi, debarase nou ak marengwen

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si nou pa kite marengwen yo pike nou, epi si nou anpeche yo peple lakay nou ak nan katye a, nou ka kwape maladi y ap simen an.

Pou nou rive fè sa, fòk nou konnen kote diferan marengwen yo peple, kote yo poze kò yo, epi ki lè yo konn pike moun. Pa egzanp, se sitou andeyò nou jwenn marengwen malarya, epi yo peple nan marekay ak nan lòt dlo k ap dòmi. Marengwen lafyèv deng ak lafyèv jòn konn rete anndan oubyen toupre kay moun, epi kote yo ranmase epi sere dlo pwòp, andeyò ak lavil. Anndan kay moun, anpil marengwen konn kache kò yo kote ki pa gen limyè, tankou anba tab, anba kabann yo, oubyen nan kwen yo. Deyò, yo jwenn kote ki gen lonbray

five men and women talking
Ki sa nou konnen sou marengwen sa yo? Epi ki jan nou ka anpeche yo vin pike nou?
Kalite sa a ap pike sitou granmaten epi lè solèy la kouche.
Nou ka eseye gade timoun piti anba moustikè nan moman sa yo.
Epi nou ka fè moun sonje pou yo pa al benyen deyò lè solèy la ap kouche!

Ki jan marengwen ap pase bay moun maladi


 an illustration of the progress of the transmission of disease caused by a mosquito bite
Yon marengwen fenmèl pike yon moun ki gen maladi Zika, lafyèv deng, chikoungounya, lafyèv jòn, oubyen malarya nan san li.
Menm marengwen an al pike yon moun ki an sante, epi li mete ze oubyen parazit yo nan kò moun nan.
Koulye a moun ki te an sante an vin enfekte, epi yon lòt marengwen vin pike li.
Marengwen sa a al pike lòt moun. Se konsa maladi a ap gaye.

Men ki jan pou nou anpeche marengwen vin pike nou :

  • Mete rad ki kouvri kò a, bra, janm, pye, kou, ak tèt, plis ke posib (pote rad ki gen manch long, pantalon ak jip ki long, ak soulye ki fèmen oubyen sandal ak chosèt).
  • Si gen posiblite, mete moustikè oubyen griyaj sou tout fenèt ak pòt yo. Repare oubyen bouche tout ti twou bò fenèt yo kote marengwen yo ka pase.
  • Si pa gen moustikè, fèmen pòt ak fenèt yo lè marengwen yo soti pou pike moun.
  • Sèvi ak yon vantilatè pou van an pouse marengwen yo ale lè yo vle pwoche bò kote moun.
  • Dòmi anba moustikè lannuit epi lè n ap pran ti repo lajounen.
  • Lè nou dòmi deyò, dòmi anba mousikè pou pwoteje tèt nou kont marengwen.

Moustikè yo bon pou anpeche marengwen vin pike moun

Genyen 2 fason moustikè yo anpeche moun tonbe malad ak maladi moustik bay. Si moustikè a pa chire epi li pa gen twou, marengwen yo pa ka rive pike yon moun ki anba moustikè a. Si moustikè yo trete ak yon ensektisid (pwazon ki pou touye ti bèt ak zèl), y ap touye marengwen yo ki vin poze sou li. Pou diminye kantite marengwen k ap pote maladi nan katye a, sèvi ak moustikè, youn pou chak kabann ki nan chak kay. Gen pwogram kote yo fè kado moustikè ki trete ak yon pwazon, paske, kote tout moun sèvi ak yo, pa p gen tèlman anpil marengwen ; se sa ki fè pa gen anpil ka malarya.

a woman speaking to a child
Si nou repare ti chire nan moustikè a, nou ka sèvi avè l pandan yon bon ti tan. Pwochen fwa li chire, ou menm ak frè ou ka repare l.

Pou anpeche marengwen yo vin pike nou, toujou mete rebò moustikè a anba kabann nan oubyen anba nat la, pou pa gen kote pou marengwen yo ka pase antre. Moustikè yo va toujou bon sèlman si nou fè vit repare nenpòt ti chire ak twou.

Si moustikè yo trete ak ensektisid, yo dwe dire anpil tan, ki vle di, pwazon an ka bon pou yon ane epi menm pou plizyè ane. Si nou achte oubyen jwenn yon moustikè kado, mande pou konbyen tan l ap bon. Mande tou si l ap pèdi efikasite li si nou lave l twò dri.

Si se yon vye moustikè, ensektisid la finalman ap efase. Si moustikè a toujou bon, nou ka prepare e pase yon nouvo kouch ensektisid sou li. Men si moustikè a gen plizyè ti chire, li pi bon pou nou ranplase l. Lè n ap pase yon lòt kouch ensektisid sou yon moustikè, fè atansyon pou nou pote gan, epi pou nou swiv tout esplikasyon sou ki jan nou ka anpeche pwodui chimik yo kontamine po e rad nou yo, epi anpeche yo antre nan kò nou.

Pa kite timoun souse oubyen mastike yon moustikè ki gen ensektisid sou li. Pa lave yo nan larivyè a oubyen nan dlo kote pwazon an ka donmaje pwason, ti bèt ak zèl, bèt, epi moun ki abite anba.

NWTND mosq Page 20-2.png

Marengwen ki pote parazit malarya konn pike moun sitou lannuit ; konsa moustikè yo bon anpil pou evite pran malarya, epi pou evite pran lòt maladi ke marengwen malarya ka pote. Marengwen ki pote lafyèv deng, lafyèv jòn, Zika, ak chikoungounya yo pike lajounen. Lè timoun ak lòt moun ki dòmi oubyen pran repo lajounen, si yo sèvi ak moustikè, sa ka anpeche maladi sa yo vin sou yo. An plis, si yon moun te deja malad, yon moustikè va anpeche marengwen vin pike li. Konsa yo pa ka bay lòt moun maladi a.

Flit ak ensektisid anpeche marengwen vin pike moun

Flit (anti-moustik) fèt ak pwodwi chimik ki pou repouse marengwen yo ; sa fè yo pa pwoche nou. Ensektisid se pwodwi chimik ki touye marengwen yo lè yo vin poze sou yon bagay kote nou te flite l, tankou yon mi oubyen yon moustikè.

  • Genyen pwodwi natirèl nou ka pase sou po a, tankou sitwonèl (citronelle), lwil nim (huile de margousier ; neem oil), konsantre sitwonèl oubyen konsantre fèy bazilik (feuille de basilic). Oubyen nou ka sèvi ak sa ki gen pwodwi chimik ladan yo, tankou : DEET, Picardin (KBR 3023, icaridin), PMD ansanm ak lòt konbinezon ki fèt ak lwil sitwon ekaliptis (eucalyptus), oubyen IR3535. Anti-moustik yo ka bon anpil pou pwoteje timoun yo, men fè atansyon pou nou toujou li etikèt la pou konnen si pa gen danje pou timoun. Yo dwe di nou tou nan konbyen èdtan nou dwe mete l yon lòt fwa. Nòmalman se chak kèk èdtan.
  • Kote ki gen Zika, otorite Sèvis Sante Piblik yo ka petèt bay fanm pwodwi anti-moustik paske Zika gen danje pou fanm ki gwo vant.
  • Pèmetrin (perméthrine) se yon pwodwi chimik ; nou pa gen dwa pase l sou po a, men nou mèt flite moustikè, rad, oubyen soulye pou chase marengwen yo. Pou nou pa flite po nou, flite rad nou yo epi kite yo seche anvan nou mete yo. Toujou li etikèt la epi swiv esplikasyon yo.
  • Sèvi ak espiral moustik sèlman jis nou ka jwenn yon anti moustik ki pi bon. Espiral yo ak lòt metòd pou fè lafimen ki pou repouse marengwen yo kapab nwizib pou respirasyon nou.

Flite pou touye marengwen yo

a man spraying inside with insecticide

Gouvènman an oubyen lòt òganizasyon yo ka monte pwogram pou yo flite kay ak yon pwazon ki pou touye marengwen yo. Yo flite mi yo anndan kay yo nan moman lè gen pi plis marengwen. Tout moun k ap flite pwazon gen pou pwoteje tèt yo pou pwazon an pa antre nan kò yo, pou pwazon an pa touche po a epi pou moun pa respire l. Nan pwogram kont malarya, li mache pi byen lè yo flite tout kay nan katye a nan menm tan. Jan nou fè ak tout pwodwi chimik e pwazon, pa kite timoun yo mete pwodwi chimik yo nan bouch oubyen sou kò yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020