Hesperian Health Guides

Elefantyazis filaryòz lenfatik (éléphantiasis filariose lymphatique)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Se ti vè tou piti ki bay maladi sa a, epi se marengwen ki mache bay moun ti vè sa yo, ki rele filyaròz (filariose). Anpil ane ka pase san yon moun pa wè siy enfeksyon. Kote ki gen elefantyazis, pi bon fason pou anpeche l gaye se pou trete moun ki deja malad. Medikaman touye parazit yo k ap viv nan kò malad la ; konsa marengwen yo pa kapab souse yo pou yo al bay lòt moun parazit yo. Genyen kèk kalite marengwen ki ka pote maladi a. Pou anpeche l gaye, pa kite marengwen pike nou, epi pa kite yo peple.

Siy elefantyazis ap devlope lè yon moun te enfekte depi lontan. Li ka gen janm ak bra yo anfle, epi kay gason, sak grenn nan. Moun konn fè kriz maladi ak lafyèv e gwo doulè.

Trètman : Antibyotik ak medikaman ki bon pou touye parazit ka touye ti vè yo, epi anpeche maladi a vin pi mal. Nou ka trete doulè e lafyèv la ak medikaman ki bon pou kalme doulè. Gen de fwa yo ka fè operasyon pou trete pati nan kò a ki anfle. Al wè yon ajan sante pou jwenn medikaman nou bezwen ; aprann fè egzèsis epi aprann ki lòt bagay nou ka fè pou soulaje janm ki anfle yo ak lòt pwoblèm.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020