Hesperian Health Guides

Medikaman ki bon pou trete malarya

Maladi moustik bay : Medikaman

Detwa mo sou medikaman ki bon pou trete malarya

Genyen anpil medikaman ki bon pou trete malarya ak pou anpeche malarya vin sou nou. Men parazit malarya yo ka vin rezistan ak medikaman sa yo, ki vle di, gen kèk ki pa kapab touye parazit yo ankò. Ajan sante yo, sant sante nan kominote a, oubyen otorite Sèvis Sante Piblik yo konnen ki medikaman ki ka bay pi bon rezilta nan zòn pa nou.

Medikaman ki bon pou pwoteje moun pou yo pa pran malarya

Méfloquine (meflokin), chloroquine (klowokin), chloroquine + proguanil (klowokin + pwoganil), atovaquone + proguanil (atovakòn + pwoganil), epi doxycycline (doksisiklin) se medikaman ki sèvi pou anpeche moun pran malarya lè yo kite yon zòn kote ki pa gen malarya pou yo vwayaje al nan yon zòn kote ki gen malarya.

Primaquine sèvi pou anpeche kèk kalite malarya tounen sou yon moun lè li fin trete. Yo konn sèvi ak amodiaquine (amodyakin) ansanm ak sulfadoxine + pyriméthamine (silfadoksin + pirimétamin) nan kèk peyi nan Lafrik di Nò nan tan lapli pou pwoteje timoun, ki poko rive nan laj 5 ane, kont malarya.

Nan lòt peyi yo (toujou nan Lafrik), pou tibebe yo pa pran malarya, yo bay 3 dòz sulfadoxine + pyriméthamine nan premye ane lavi yo, jeneralman nan menm tan ak dòz vaksen nòmal yo.

Nan kèk peyi, yo bay fanm ansent medikaman sulfadoxine + pyriméthamine yon fwa nan yon mwa pou anpeche malarya vin sou yo pandan gwosès la

Medikaman ki pou trete malarya ki grav

Malarya ki grav mande pou jwenn swen prese prese ak artésunate (atesinat) nan piki nan venn (IV) oubyen nan vyann (IM). Depi nou trete yon moun epi li sispann vomi, nou gen pou ba li medikaman nan bouch pandan 3 jou. Bay yon combinaison thérapeutique à base d’artémisinine, CTA (konbinezon terapetik ki baze sou atemisinin) (al gade lis ki anba an kote yo bay 5 CTA ki kouran).

Si pa gen artésunate ki pou bay nan piki, epi si se yon timoun ki malad grav ak malarya epi l ap vomi, nou mèt ba li sipozitwa kapsil artésunate nan twou dèyè a pandan nou nan wout pou al nan yon sant sante. Konsa nou ka sove lavi pitit la.

Medikaman ki pou trete malarya falsiparoum senp

Parazit la, P. falsiparoum, bay yon kalite malarya ki pi fasil vin grav. Gen de zòn kote chloroquine (klowokin) oubyen lòt medikaman malarya pa kapab trete malarya falsiparoum ankò. Nan plas li, sèvi ak yon CTA (combinaison thérapeutique à base d’artémisinine) Veye pou nou sèvi sèlman ak medikaman ki bon pou trete kalite malarya ki nan zòn pa nou. Bwè medikaman yo pandan 3 jou. Al gade nan Ki jan pou nou sèvi ak medikaman CTA. Men kèk CTA ki kouran :

Medikaman ki bon pou trete malarya senp ki pa malarya falsiparoum

Genyen kèk kalite parazit ki bay yon malarya senp. Si nou pa konnen ki parazit li ye, oubyen si malad la ka petèt ap soufri ak de (2) kalite malarya nan menm tan, trete l ak yon CTA. Si malarya ki nan zòn nan rezistan ak chloroquine, fòk nou chache konnen ki CTA ki ka sèvi nan plas li.

Si nan zòn pa nou chloroquine toujou bon pou trete yon malarya senp, ki pa malarya falsiparoum, nou ka pi fasil jwenn li pase yon CTA. Souvan, yo konn bay primaquine ansanm ak chloroquine pou fin geri malarya.

Medikaman malarya ki bon pou trete fanm ki gwo vant

Lè yon fanm ansent fè yon kriz malarya ki grav, se yon ka ijan ki mande pou trete nan yon lopital oubyen yon klinik ; sèvi ak menm medikaman nou sèvi pou trete nenpòt lòt granmoun.

Pou trete malarya senp pandan premye 3 mwa gwosès la, sèvi ak quinine e clindamycine (kinin + klendamisin). Si rezilta analiz la fè konnen se parazit vivaks (vivax) ki bay malarya senp lan, oubyen si nou pa gen clindamycine, bay quinine sèl.

Pou trete malarya senp lè yon fanm gen tan pase 3èm mwa gwosès la, sèvi ak yon CTA oubyen ak lòt medikaman ki bay bon rezilta nan zòn pa nou. Pa gen danje pou fanm ansent pran quinine, chloroquine, clindamycine ak proguanil. Pa bay fanm ansent primaquine.

Nan kèk zòn, yo bay fanm ansent bwè sulfadoxine + pyriméthamine ; yo bay premye dòz nan 13èm senmenn gwosès la. Kontinye bay yon dòz chak mwa pandan tout gwosès la. Konsa yo bare parazit malarya a pou l pa ka donmaje ni gwosès la ni manman an.

Ti konsey ki pou tout medikaman malarya

Malarya ka bay vomisman. Si ou vomi anvan inèdtan pase depi ou te bwè medikaman an, bwè yon lòt dòz.

Pran medikaman malarya yo pou kantite jou nou gen pou pran yo, menm si nou santi nou refè. Fòk nou fè l pou nou ka touye tout parazit malarya. Si trètman an fè nou vomi, oubyen si li difisil pou bay yon timoun renmèd la, al pale ak yon ajan sante.

Menm si malad la gen tan kòmanse trètman an, toujou voye je pou wè si li pa bay siy ki montre danje, ki fè konnen li soufri ak malarya ki grav, sitou timoun, epi fanm ki gwo vant oubyen ki fèk akouche.

Combinaison thérapeutique à base d’artémisinine, CTA

(konbinezon terapetik ki baze sou atemisinin)

Artéméther + luméfantrine (atemetè + limefantrin)


Nòmalman, nou jwenn artéméther + luméfantrine nan fòm yon konbinezon ki gen yon dòz fiks.

Nou sèvi avè l pou trete malarya falsiparoum senp, pou trete lòt kalite malarya, epi pou kontinye trètman apre nou fin bay trètman an ijans.

Pa sèvi ak CTA sa a pou evite pran malarya.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png
(efè ki pa ann afè ak trètman an epi ki ka bay traka)

Li ka bay anvi vomi, lestomak chaje, tèt vire, maltèt.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Si yon fanm pran malarya senp pandan premye 3 mwa gwosès la, kote nou ka jwenn yo, ba li quinine ak clindamycine (kinin, klendamisin) olye yon CTA.

Si ou gen pwoblèm kè, anvan ou kòmanse pran medikaman sa a, al pale ak yon ajan sante ki byen fòme.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bwè li ansanm ak gwo manje oubyen ak lèt. Grès ki nan manje a va ede medikaman an desann.

Nou jwenn yo nan grenn :
artéméther 20 mg + luméfantrine 120 mg
artéméther 40 mg + luméfantrine 240 mg

Pou trete malarya senp

Bay dòz la dapre pwa kò a.

NWTND bag arrow.png
Lè nou sèvi ak grenn ki gen artéméther 20 mg e luméfantrine 120 mg, bay :
5 - 14 kg : 1 grenn, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 jou
15 - 24 kg : 2 grenn, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 jou
25 - 34 kg : 3 grenn, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 jou
35 kg e plis : 4 grenn, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 jou

Artésunate + amodiaquine (atésinat + amodyakin)


Nou jwenn Artésunate + amodiaquine nan fòm yon konbinezon ki gen yon dòz fiks, oubyen nou ka bay chak grenn medikaman apa pou moun nan bwè yo nan menm tan.

Nou sèvi avè l pou trete malarya falsiparoum senp, pou trete lòt kalite malarya, epi pou kontinye trètman apre nou fin bay trètman an ijans.

Pa sèvi ak CTA sa a pou evite pran malarya.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka bay gratèl sou po, lestomak chaje, maltèt, tèt vire.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Si yon fanm pran malarya pandan premye 3 mwa gwosès la, kote nou ka jwenn yo, sèvi ak quinine e clindamycine (kinin, klendamisin) olye ak yon CTA.

Nenpòt moun ka p pran zidovudine, efavirenz, oubyen cotrimoxazole (zidovidin, efavirens, kotrimoksazòl) pa gen dwa pran CTA sa a.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Nou jwenn yo nan grenn :
artésunate 25 mg + amodiaquine 67.5 mg
artésunate 50 mg + amodiaquine 135 mg
artésunate 100 mg + amodiaquine 270 mg

Pou trete malarya senp

Dòz dapre pwa kò malad la.

NWTND bag arrow.png
Ak grenn arthéméther 25 mg + amodiaquine 67.5 mg, bay :
4.5 – 8 kg : 1 grenn nan yon jou, pandan 3 jou
9 - 17 kg : 2 grenn nan yon jou, pandan 3 jou


NWTND bag arrow.png
Ak grenn artésunate 100 mg + amodiaquine 270 mg, bay :  
18 – 35 kg : 1 grenn nan yon jou, pandan 3 jou
36 kg e plis : 2 grenn nan yon jou, pandan 3 jou

Artésunate + méfloquine (atesinat, meflokin)


Nou jwenn artésunate ak méfloquine nan fòm yon konbinezon ki gen yon dòz fiks, oubyen nou ka bay chak grenn medikaman apa pou moun nan bwè yo nan menm tan.

Nou sèvi avè l pou trete malarya falsiparoum senp, ak lòt kalite malarya.

Moun ka sèvi ak méfloquine pou kont li pou yo pa pran malarya lè yo soti nan yon zòn kote ki pa gen malarya pou yo al nan yon zòn kote ki genyen malarya.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Lè nou sèvi avè l pou trete malarya, li ka bay tèt vire, lestomak chaje, maltèt, epi pwoblèm pou domi ak pou wè.

Artésunate + méfloquine ka fè fanm ansent soufri plis ak anvi vomi ; konsa, si nou ka jwenn li, sèvi ak yon lòt CTA.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Si yon fanm ansent pran malarya senp pandan premye 3 mwa gwosès la, kote nou ka jwenn yo, sèvi ak quinine e clindamycine olye ak yon CTA.

Pa bay tibebe li ki poko rive nan laj 3 mwa, oubyen ki poko peze 5 kg.

Moun ki fè kriz, ki gen yon maladi mantal, oubyen ki gen pwoblèm ren ki grav, yo pa gen dwa sèvi ak méfloquine.

Si nou gen pwoblèm kè, anvan nou sèvi ak medikaman sa a, pale ak yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon.

Gen de lè méfloquine fè yon moun aji yon fason dwòl, tèt li bwouye, kè li sou biskèt, oubyen li pèdi konnesans. Si nou wè nenpòt nan siy sa yo, sispann bwè méfloquine touswit. Si yon moun konn gen yon reyaksyon konsa, si li ta pran maladi malarya yon lòt fwa, sèvi ak yon lòt kalite medikaman.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bwè li ansanm ak manje.

Nou jwenn yo nan grenn :
Artésunate 25 mg + méfloquine 55 mg (pou timoun)
Artésunate 100 mg + méfloquine 220 mg (pou granmoun)

Pou trete malarya senp

Dòz dapre pwa kò malad la.

NWTND bag arrow.png
Ak grenn artésunate 25 mg + méfloquine 55 mg, bay :
5 – 8 kg : 1 grenn nan yon jou, pandan 3 jou
9 - 17 kg : 2 grenn nan yon jou, pandan 3 jou


NWTND bag arrow.png
Ak grenn artésunate 100 mg + méfloquine 220 mg, bay :
18 – 29 kg : 1 grenn nan yon jou, pandan 3 jou
29 kg e plis : 2 grenn nan yon jou, pandan 3 jou

Méfloquine (meflokin) pou evite pran malarya

Nou jwenn méfloquine nan grenn 250 mg

Pran yon dòz chak 8 jou; kòmanse sou 15 – 22 jou anvan nou vwayaje. Pran yon dòz chak 8 jou toutan nou la, epi pandan 4 senmenn apre nou kite zòn kote ki gen malarya a. Méfloquine dekonsèye pou tibebe ki poko peze 5 kg.

NWTND bag arrow.png
Ak grenn 250 mg, bay :  
5 – 19 kg : ¼, ka nan yon grenn (63 mg) yon fwa chak 8 jou
20 – 29 kg : ½, mwatye nan yon grenn (125 mg) yon fwa chak 8 jou
30 – 44 kg : ¾, twaka nan yon grenn (188 mg) yon fwa chak 8 jou
45 kg e plis : 1 grenn (250 mg) yon fwa chak 8 jou

Artésunate ak sulfadoxine + pyriméthamine (atesinat, silfadoksin + pirimétamin)


Nou jwenn sulfadoxine + pyriméthamine nan grenn, nan fòm yon konbinezon ki gen yon dòz fiks. Yo sèvi avè l ansanm ak artésunate pou trete malarya falsiparoum senp, ak lòt kalite malarya.

Gen zòn kote trètman ak sulfadoxine + pyriméthamine pa bay rezilta ankò ; konsa yo pa rekòmande l. Anvan nou sèvi avè l, mande konsèy bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo.

Nan peyi kote yo sèvi ak sulfadoxine + pyriméthamine pou anpeche fanm ansent fè malarya, yo kòmanse bay yon dòz chak mwa sou 13èm senmenn gwosès la.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka bay lestomak chaje ak gratèl sou po.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pou trete yon fanm ki gen malarya senp pandan premye 3 mwa gwosès li, kote nou ka jwenn yo, ba li quinine e clindamycine olye yon CTA.

Pou tibebe yo, sèvi ak yon lòt kalite CTA.

Pa pran sulfadoxine + pyriméthamine si nou deja ap pran cotrimoxazole (kotrimoksazòl).

Yon moun ki deja fè yon reyaksyon ak yon medikaman sulfa (silfa) pa gen dwa pran sulfadoxine + pyriméthamine. Si medkaman an ban nou yon gratèl, bwè anpil dlo epi pa sèvi avè l ankò.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Nou jwenn sulfadoxine + pyriméthamine nan fòm yon konbinezon ki gen diferan dòz nan chak medikaman ki ladann.

Pou trete malarya senp

CTA sa a se yon trètman 3 jou : sou jou 1, 2, ak 3, bay dòz artésunate la. An plis, sou premye jou, bay yon dòz sulfadoxine + pyriméthamine.

Dòz dapre pwa kò a.

NWTND bag arrow.png
Ak grenn artésunate 50 mg, bay :
5 kg - 9 kg : ½, mwatye nan yon grenn, yon fwa nan yon jou, pandan 3 jou
10 kg - 24 kg : 1 grenn, 1 fwa nan yon jou, pandan 3 jou
10 kg - 24 kg : 1 grenn, 1 fwa nan yon jou, pandan 3 jou
50 kg e plis : 4 grenn, 1 fwa nan yon jou, pandan 3 jou


NWTND bag arrow.png
Mete sou sa, ak grenn sulfadoxine 500 mg + pyriméthamine 25 mg, bay :
5 kg - 9 kg : ½, mwatye nan yon grenn, premye jou sèlman
10 kg - 24 kg : 1 grenn, premye jou sèlman
10 kg - 24 kg : 1 grenn, premye jou sèlman
50 kg e plis : 3 grenn, premye jou sèlman


Fanm ansent k ap pran CTA sa a gen dwa kontinye pran acide folique (asid folik) 0,4 mg nan yon jou (400 mcg), men pa plis. Si yo pran twòp, sa pa ale ak medikaman malarya yo.

Sulfadoxine + pyriméthamine (silfadoksin + pirimétamin) sèvi pou anpeche fanm ansent pran malarya

Nan kèk peyi nan Lafrik, yo bay tout fanm ansent yon dòz sulfadoxine + pyriméthamine chak mwa, paske malarya si kouran la, epi li se yon gwo danje pou manman ak pou tibebe k ap devlope. Lè yon fanm rive sou 13èm senmenn gwosès la, yo kòmanse ba li yon dòz chak mwa. An plis, moustikè yo pwoteje fanm pandan gwosès la epi apre yo akouche, pou yo pa pran malarya.  

NWTND bag arrow.png
Grenn ki gen sulfadoxine 500 mg ak pyriméthamine 25 mg :
Pandan 13èm - 16èm senmenn gwosès la, bay premye dòz 3 grenn. Yon mwa apre, bay yon 2èm dòz 3 grenn. Yon lòt mwa pi devan, bay yon 3èm dòz. Bay menm dòz la chak mwa jis li rive sou 6 dòz oubyen jis tibebe a fèt. Toujou tann yon mwa pou pi piti anvan nou bay yon lòt dòz.


Gen de fanm ansent ki ka gen pwoblèm anvi vomi, vomisman, ak tèt vire lè yo bwè sulfadoxine + pyriméthamine, sitou ak premye dòz la.

An plis, fanm ansent yo gen pou yo pran fer (fè) ak acide folique (asid folik) pou tibebe a ka rete an sante, epi pou evite anemi. Si y ap pran sulfadoxine + pyriméthamine chak mwa pou evite pran malarya, yo gen pou pran acide folique 0,4 mg (400 mcg) chak jou, men pa plis. Si yo pran twòp, sa ka pa ale ak medikaman malarya yo.

Dihydroartémisinine + pipéraquine (diyidwo-atemisinin + piperakin)


Nou jwenn dihydroartémisinine + pipéraquine nan fòm yon konbinezon ki gen yon dòz fiks.

Li sèvi pou trete malarya falsiparoum senp, lòt kalite malarya, epi pou kontinye trètman apre nou fin bay trètman an ijans.

Pa sèvi ak CTA sa a pou evite pran malarya.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka fè kè a bat twò vit, bay lestomak chaje, ak gratèl.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Si yon fanm pran malarya senp pandan premye 3 mwa gwosès la, kote nou ka jwenn yo, sèvi ak quinine e clindamycine (kinin, klendamisin) olye ak yon CTA.

Yon moun k ap pran erythromycine (eritwomisin) pa gen dwa sèvi avè l.

Pran prekosyon si se yon moun ki rive nan laj 60 ane oubyen plis, yon moun ki gen VIH/SIDA k ap swiv trètman antiretwoviro, oubyen yon moun ki gen pwoblèm kè, ren, oubyen fwa.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bwè li ak yon gwo vè dlo, 2 èdtan anvan oubyen apre nou manje gwo manje. Pa bwè li ansanm ak lèt oubyen ak manje ki gen grès ladann, paske sa ap chanje nan jan medikaman yo dwe aji nan kò a.

Nou jwenn yo nan grenn :
dihydroartémisinine 20 mg + pipéraquine 160 mg (pou timoun)
dihydroartémisinine 20 mg + pipéraquine 160 mg (pou timoun)

Timoun ki poko peze 25 kg : bay yon dòz dihydroartémisinine 2.5 mg + pipéraquine 20 mg pou chak kilogram pwa a. Dòz pou chak kilogram pwa a pi gwo pase dòz yo bay timoun ki pi gran ak granmoun yo.

Pou trete malarya senp

Dòz dapre pwa kò a.

NWTND bag arrow.png
Ak grenn dihydroartémisinine 20 mg + pipéraquine 160 mg, bay :
5 kg - 7 kg : 1 grenn chak jou, pandan 3 jou
8 kg - 10 kg : 1½, yon grenn ak mwatye nan yon grenn chak jou, pandan 3 jou


NWTND bag arrow.png
Ak grenn dihydroartémisinine 40 mg + pipéraquine 320 mg, bay :
11 kg - 16 kg : 1 grenn chak jou, pandan 3 jou
17 kg - 24 kg : 1½, yon grenn ak mwatye nan yon grenn chak jou, pandan 3 jou
25 kg - 35 kg : 2 grenn chak jou, pandan 3 jou
36 kg - 59 kg : 3 grenn chak jou, pandan 3 jou
60 kg - 79 kg : 4 grenn chak jou, pandan 3 jou
80 kg e plis : 5 grenn chak jou, pandan 3 jou

Artésunate (atesinat)


Artésunate sòti nan fanmi artémisinine (atemisinin). Pou trete malarya falsiparoum senp, sèvi ak artésunate nan fòm yon konbinezon ak youn nan medikaman sa yo : amodiaquine, méfloquine, oubyen sulfadoxine + pyriméthamine. Yo rele sa combinaison thérapeutique à base d’artémisinine, CTA (konbinezon terapetik ki baze sou atemisinin).

Pou trete malarya ki grav, ki mande pou jwenn swen prese prese, ajan sante yo sèvi ak piki artésunate nan venn (IV) oubyen nan vyann (IM). Lè yo fin fè trètman sa a pandan 24 èdtan pou pi piti, epi lè malad la sispann vomi, li gen pou swiv yon CTA, ak grenn nan bouch, pandan 3 jou.

Ajan sante yo ki gen bon jan fòmasyon gen pou bay piki artésunate pou trete granmoun ak timoun anvan yo voye yo al nan yon lopital ki lwen. Epitou, nou jwenn artésunate nan fòm sipozitwa ki pou mete nan twou dèyè yon timoun ki poko gen 6 ane, lè yo nan wout pou al lopital.

Pa sèvi ak artésunate pou evite pran malarya.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Artésunate ka bay tèt vire, maltèt, ak lestomak chaje.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou trete malarya falsiparoum senp, bay li ansanm ak yon lòt medikaman ki fè pati yon CTA :

Nou jwenn artésunate nan fòm grenn ki gen 50 mg. Al gade nan pou konnen ki dòz artésunate pou nou bay ansanm ak sulfadoxine + pyriméthamine (silfadoksin + pirimetamin) ki fè pati yon CTA. Pou lòt CTA yo, yo mete artésunate nan menm grenn ak lòt medikaman an, oubyen yo bay grenn yo apa pou moun nan bwè 2 grenn nan menm tan.

Ki jan pou nou sèvi ak sipozitwa artésunate pou timoun ki gen malarya ki grav :

Lè yon timoun ki gen 6 ane oubyen ki pi jenn bay siy malarya ki grav, l ap vomi, epi nou lwen ak yon sant sante kote yo ta kapab trete malarya ak piki artésunate nan venn (IV) oubyen nan vyann (IM), nou gen dwa sèvi ak kapsil jelatin artésunate (yo rele yo sipozitwa) nan twou dèyè a pandan nou nan wout pou chache sekou. Sa ka sove lavi pitit la. Lè nou fìn mete kapsil la nan twou dèyè a, sere fès li pou 10 minit, pou pa kite kapsil la soti. Si li soti anvan 10 minit fin pase, ba li yon lòt dòz.

Si timoun nan peze 5 – 10 kg, ba li yon sipozitwa 100 mg. Si li peze 10 kg oubyen plis, bay 2 sipozitwa 100 mg. Si yon tibebe poko peze 5 kg, epi nou genyen sipozitwa 50 mg, ba li yon sèl.

Trètman an ijans pa p geri malarya. Fòk yon ajan sante ki byen fòme ba li lòt trètman toujou.



Nou te mete paj sa a ajou: 01 jiy 2024