Hesperian Health Guides
Pwoblèm ki konn mache ak vyeyès
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 8: Lè laj ap antre sou nou > Pwoblèm ki konn mache ak vyeyès
Kontni yo
- 1 San pòv (anemi)
- 2 Lè règ ou vini ak anpil san oubyen nan mitan mwa
- 3 Boul nan tete
- 4 Lè tansyon w monte
- 5 Lè pipi ap koule sou ou ak lè w gen pwoblèm pou w watè
- 6 Lè matris ou tonbe (lè iteris ou desann)
- 7 Lè venn nan janm ou anfle (varis)
- 8 Doulè nan do
- 9 Doulè nan jwenti (atrit)
- 10 Feblès nan zo (ostewopowòz)
- 11 Lè w pa wè ak lè w pa tande byen
- 12 Gwo tèt chaje ak depresyon
- 13 La twoublay nan tèt (demans)
San pòv (anemi)
Menm lè anpil moun panse se jenn fanm sèlman ki soufri ak anemi, maladi sa a konn atake granmoun fanm tou, akòz, toutan, move fason y ap manje oubyen gwo pèt san lè yo gen règ. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou anemi, gade nan Mal manje ka lakòz maladi.

Lè règ ou vini ak anpil san oubyen nan mitan mwa
Ant 40 ak 50 an, anpil fanm remake règ yo pa vin menm jan an. Pou kèk fanm, règ la ka vini ak pi plis san oubyen li ka dire plis tan. Si yon fanm ap pèdi san konsa pandan plizyè mwa, l ap gen anemi.
Kòz ki, an jeneral, fè règ yo vini ak anpil san epi ki konn fè règ yo dire plis, se:
- chanjman ki fèt nan kesyon òmòn yo
- pwoblèm boul nan matris (fibwòm oubyen polip)
Tretman:
Plis enfòmasyon
kansè nan matris- Manje, chak jou, manje ki gen anpil Fè, oubyen pran Fè an konprime.iron.
- Pran 10 miligram
asetat medoksi pwojestewòn, yon fwa pa jou, pandan 10 jou. Si, apre 10 jou, san an pa rete, pran medikaman an, pandan 10 jou ankò. Si, apre sa, w ap bay san toujou, kouri al wè yon travayè sante.
- Eseye wè yon travayè sante, si règ ou kontinye vini ak anpil san, pandan plis pase 3 mwa, oubyen si règ la parèt nan mitan mwa a, oubyen ankò, si règ ou reparèt 12 mwa (oubyen plis) apre w fin fè menopoz. Yon travayè sante espesyalize ap gen pou l fè yon ti grate andedan matris ou (D ak K) oubyen yon byopsi. Apre sa, l ap voye echantiyon an nan laboratwa pou yo ka wè si w pa gen kansè.
Si depi kèk ane, ou toujou gen doulè epi règ ou toujou vini ak anpil san, gade chapit sou “Kansè ak Timè” a.

Boul nan tete
Kèk fwa, granmoun fanm konn wè boul nan tete yo. Pi fò nan boul sa yo pa gen ankenn danje, men kèk ladan yo se timè kansè. Pi bon fason pou w wè si w gen boul nan tete, se pou w egzamine tete a pou kont ou.
Lè tansyon w monte
Tansyon ka lakòz anpil pwoblèm, tankou maladi kè, maladi ren ak aksidan serebral.
Tout siy sa yo kapab se siy lòt maladi tou. Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade nan liv “Kote ki pa gen doktè” a oubyen nan lòt liv sou lasante an jeneral.
![]() |
Siy ou ka genyen, lè wotè tansyon w gen anpil danje:
- Ou gen mal tèt souvan
- Ou gen tèt vire
- Zòrèy ou ap kònen
Nenpòt rezon ki ta mennen w lakay yon travayè sante, pa bliye fè l pran tansyon w.
Tretman ak prevansyon:
Plis enfòmasyon
byen manje pou pwoteje sante w- Fè kèk egzèsis fizik, chak jou.
- Si w twò gwo, fè yon jan pou w vin pi piti.
- Evite manje ki gen twòp sèl.
- Si w fimen oubyen si w konn chike tabak, eseye fè yon kanpe.
Si tansyon an wo anpil, ou ka blije pran medikaman tou.
Lè pipi ap koule sou ou ak lè w gen pwoblèm pou w watè
Anpil granmoun fanm konn gen pwoblèm ak pipi k ap koule sou yo, oubyen yo konn gen pwoblèm pou yo watè. Yo gen dwa jennen pou yo pale sou kesyon sa a, sitou ak yon doktè gason. Gason, yo konn rete ap soufri san sekou.
Kèk fwa, se feblès misk ki andedan vajen nan ki lakòz pwoblèm pipi a. Ak egzèsis kontraksyon nan vajen, yon fanm gen dwa fè misk sa a vin fèm. Menm jan an tou, li gen dwa foure 2 dwèt nan vajen li, epi l pouse yo dèyè, lè l ap eseye watè.
Pafwa tou, se paske, depi laj ap antre sou yon fanm, trip li kòmanse travay mwens, ki fè yon granmoun fanm ka gen pwoblèm pou l watè. L ap bon pou li, si l bwè anpil likid, si l manje pwodui ki gen anpil fib (tankou pen ki fèt ak ble, oubyen tou legim), epi si l fè egzèsis fizik regilyè.
Lè matris ou tonbe (lè iteris ou desann)
Plis enfòmasyon
kijan pou w anpeche matris ou tonbeKèk fwa, avèk laj, misk ki kenbe matris yon fanm konn febli. Lè sa a, matris ou gen dwa desann nan vajen an. Ou ka menm rive wè yon pati nan matris la nan fant vajen an. Nan yon seri ka ki trè grav, matris la ka parèt deyò pandan fanm nan ap watè, pandan l ap touse, pandan l ap estènen, oubyen pandan l ap leve yon chay lou.
An jeneral, se dega fanm nan sibi pandan akouchman - sitou si fanm nan te fè anpil pitit oubyen si l te fè yo youn dèyè lòt - ki lakòz pwoblèm matris tonbe a. Sa ka rive tou, si fanm nan te konn kòmanse pouse anvan lè, pandan travay la, oubyen si matwòn nan te konn peze vant fanm nan. Men, vyeyès ansanm ak abitid leve chay lou ka fè pwoblèm nan vin pi makawon. Siy yo parèt, kèk fwa, apre menopoz, lè misk yo kòmanse febli.
Siy:
- Pipi kenbe w souvan, oubyen ou gen pwoblèm pou w fè pipi.
- Ou gen doulè nan bout anba do w.
- Ou santi w gen yon bagay k ap soti nan vajen ou.
- Ou pa santi ankenn nan siy sa yo, lè w kouche.
Tretman:
Egzèsis kontraksyon nan vajen ka fè misk ki antoure matris la ak vajen an vin pi djanm. Si w kontinye fè egzèsis sa a chak jou, pandan 3 ou 4 mwa, san w pa jwenn rezilta, eseye pale ak yon travayè sante. Ou kapab vin oblije mete yon aparèy nan vajen ou (yon aparèy an kawotchou ki gen fòm yon bag). Aparèy sa a ap kenbe matris la nan plas li. Si sa pa mache, w ap oblije fè operasyon.
Si w pa ka jwenn aparèy sa a, nan zòn bò lakay ou, mande granmoun fanm ki nan kominote a ak kisa yo konn sèvi pou pwoblèm sa a.
Lè venn nan janm ou anfle (varis)
Ou gen varis, lè venn ou anfle. Kèk fwa pwoblèm sa a bay anpil doulè. Fanm ki te fè anpil pitit pi vit trape maladi sa a.
Tretman:
Pa gen medikaman pou varis, men, si w suiv konsèy sa yo, w ap jwenn yon soulajman:
![]() |
Fanm sa a lonje janm li sou yon bwat pandan l ap koud. |
- Eseye mache oubyen fè mouvman ak janm ou pandan 20 minit, chak jou.
- Pa eseye rete kanpe oubyen chita ak pye w anba oubyen ak janm ou kwaze, pandan twòp tan.
- Si w gen pou w chita oubyen kanpe lontan, eseye pran yon kanpo tanzantan, pou w kouche epi leve pye w nan menm nivo ak kè w. Chak fwa w gen posiblite, fòk ou pran pozisyon sa a, pandan jounen an.
- Si w gen pou w rete kanpe lontan, eseye mache anplas.
- Lè w ap dòmi, mete janm ou sou kèk zòrye oubyen sou yon pil dra.
- Pou w soutni venn yo, sèvi ak ba elastik, ak bandaj elastik oubyen ak twal. Men, fòk twal la pa mare twò sere. Epi, fòk ou wete ba a, bandaj la oubyen twal la chak swa
Doulè nan do
Plis enfòmasyon
egzèsis pou doGen de lè, se paske yon fanm pase tout jenès li ap leve chay epi pote chay lou, ki fè l gen doulè nan do, lè l vin granmoun.
Gen de lè tou, yon granmoun fanm ki gen pwoblèm sa a, ka jwenn yon soulajman, si:
- li fè egzèsis chak jou pou l fè misk ki nan do l yo vin pi djanm epi detire. L ap pi enteresan, si w rive òganize yon gwoup fanm k ap fè egzèsis.
- li mande jenn moun nan fanmi an pou yo ba l kout men nan travay li, si l oblije kontinye travay di.
Doulè nan jwenti (atrit)

Anpil granmoun fanm soufri ak doulè nan jwenti. Se maladi atrit ki bay pwoblèm sa a. An jeneral, maladi sa a pa ka trete nèt. Men, w ap jwenn yon soulajman, si w suiv konsèy sa yo:
Plis enfòmasyon
egzèsis pou w anpeche jwenti w blokePlis enfòmasyon
medikaman ki doulèTretman:
- Bay zòn kote w gen doulè yo repo.
- Mouye konprès nan dlo cho, epi mete l kote w gen doulè yo. Veye pou w pa boule. (Gen moun ki konn pèdi tout sansiblite nan zòn kote yo gen pwoblèm jwenti yo.)
- Ak ti masaj lejè, fè jwenti yo fè mouvman epi tire yo, chak jou.
- Pran yon medikaman ki kalme doulè. Aspirin konn bay bon rezilta ak atrit. Si doulè a makawon anpil, pran 600 a 1000 miligram aspirin, jiska 6 fwa, pa jou. Pran medikaman an ansanm ak manje, lèt oubyen yon gwo vè dlo. Ibipwofèn bay bon rezilta tou. Pran 400 miligram, 4 a 6 fwa, pa jou.
![]() |
Feblès nan zo se pi gwo pwoblèm ki konn lakòz granmoun fanm donmaje.
Egzèsis fizik tou kòm kalsyòm ka rafèmi zo yo.
Feblès nan zo (ostewopowòz)
Apre menopoz, kò yon fanm kòmanse pwodui mwens estwojèn epi zo l vin pi fèb. Zo ki fèb kase fasilman, epi yo mal pou pran.
Yon fanm pi vit gen pwoblèm feblès nan zo si:
- li gen plis pase 70 an
- li mèg
- li pa fè egzèsis
- li pa pran ase nouriti ki gen kalsyòm
- li te ansent plizyè fwa pandan jenès li
- li bwè anpil gwòg
- li fimen oubyen li chike tabak
Tretman:
- Mache pandan 20 a 30 minit, chak jou.
- Pran nouriti ki chaje ak kalsyòm
Lè w pa wè ak lè w pa tande byen
Anpil fanm pa ka wè byen, epi yo pa ka tande byen, menm jan ak lontan, firanmezi laj ap antre sou yo. Fanm ki gen pwoblèm pou yo wè osinon tande gen plis chans pou yo fè aksidan, epi tou plis pwoblèm pou yo soti al travay deyò, oubyen pou yo patisipe nan aktivite kominote a.
Pwoblèm je

Apre 40 an, anpil moun konn gen pwoblèm pou yo wè bagay ki pre byen klè. Moun ki gen pwoblèm sa a pote non “presbit”. Souvan, yo ka rive korije pwoblèm nan ak linèt.
Yon fanm dwe siveye pou l wè si likid ki andedan je l pa sou twòp presyon (glokòm). Pwoblèm sa a ka demantibile andedan je yo, epi, trapde, fanm nan ka vin avèg. Fòm glokòm ki pi rèd la kòmanse sanzatann ak mal tèt makawon plis doulè nan je. Lè sa a, si w touche je a, w ap santi l byen rèd. Gen yon lòt fòm glokòm ki rele “glokòm kwonik”. An jeneral, fòm glokòm sa a pa bay doulè, men, ti pa ti pa, malad la kòmanse pa ka wè sou kote. Si gen posiblite, granmoun fanm yo dwe fè egzamine je yo nan yon sant sante, pou yo ka veye tout pwoblèm sa yo. Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade nan liv “Kote ki pa gen doktè” a oubyen nan lòt liv sou lasante an jeneral
Pwoblèm zòrèy

Anpil fanm ki gen plis pase 50 an vin kòm soud. Lòt moun k ap viv ak medam sa yo ka vag sou sa, paske yo pa ka wè pwoblèm nan. Osinon, yo ka meprize medam yo, lè y ap pale ak lè y ap mennen aktivite sosyal yo.
Si w remake w kòmanse tande di, men sa w ka fè:
![]() |
- Lè w ap pale ak yon moun, chita anfas li.
- Mande moun nan fanmi ou ak zanmi w pou yo pale dousman epi byen klè. Men, fòk yo pa rele. Si yo rele, w ap pi mal pou konprann.
- Fèmen radyo, fèmen televizyon, lè w ap patisipe nan yon konvèzasyon.
- Mande yon travayè sante, si pwoblèm tande w genyen an ka trete ak medikaman, operasyon oubyen yon aparèy ki ka ede w tande byen.
Gwo tèt chaje ak depresyon
Pafwa, granmoun fanm santi tèt yo chaje oubyen yo deprime poutèt wòl yo nan fanmi yo ak nan kominote a chanje, oubyen akòz pwoblèm sante ki fè yo gen doulè ak malèz. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou gwo tèt chaje ak depresyon, gade nan chapit sou “Sante Mantal” la.
La twoublay nan tèt (demans)
Gen kèk granmoun ki konn gen pwoblèm pou yo sonje ansanm ak pwoblèm pou yo panse kòmsadwa. Lè pwoblèm sa yo makawon, yo rele sa “demans”.
Siy:
- Lè yon moun gen pwoblèm pou l konsantre l sou yon sijè, oubyen li gen dwa gaye nan mitan yon konvèzasyon.
- Lè yon moun ap repete san rete menm bagay la. Moun nan bliye, chak fwa, si l deja di menm pawòl la.
- Lè yon moun gen pwoblèm ak travay li abitye fè chak jou. Moun nan ka bliye ki jan pou li abiye oubyen ki jan pou l kwit yon manje.
- Lè tanperaman l chanje. Moun nan fè move san pou ti krik ti krak, li fache oubyen, sanzatann, li tonbe fè yon bagay ki pa nan abitid li.
Se chanjman nan sèvo a ki ta lakòz siy sa yo ki, an jeneral, pran anpil tan pou yo devlope. Si siy yo parèt sanzatann, se ak yon lòt pwoblèm nou annafè, tankou, paregzanp, deranjman yon moun genyen, lè l pran twòp medikaman (entoksikasyon), yon enfeksyon grav, malnitrisyon oubyen yon depresyon makawon. Depi pwoblèm nan rezoud, latwoublay la ap disparèt.

Tretman:
Pa gen ni tretman espesyal, ni renmèd pou demans. Moun nan fanmi an gen dwa gen anpil pwoblèm pou yo pran swen yon moun ki gen latwoublay. Li ta bon pou yo pataje reskonsablite sa a youn ak lòt epitou, si gen posiblite, pou yo chèche èd lòt moun ki pa fè pati fanmi an.
Pou w ede yon moun ki soufri ak demans, eseye:
- Ba li yon anviwonman ki gen tout sekirite posib.
- Pa chanje anyen nan pwogram li genyen chak jou, pou l ka toujou konnen kisa k ap fèt.
- Kite bagay li konnen nan kay la.
- Pale dousman, lè w adrese l. Kite l pran tan pou l reponn. Piske tout limit byen klè. Fòk pa gen anpil chwa. Poze kesyon ki ka gen “wi” oubyen “non” kòm repons.