Hesperian Health Guides

Pran swen tèt ou

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Menm jan kò yon jenn ti demwazèl transfòme lè l ap tounen yon fanm, se konsa kò yon fanm transfòme tou, lè l ap rive nan laj kote l pa ka fè pitit ankò. Menopoz ak vyeyès aji sou fòs zo yo, sou fòs misk yo tankou sou fòs jwenti yo ansanm ak sou molès kò a. An reyalite, menopoz ak vyeyès aji sou byennèt fanm nan, an jeneral.

Lè yon fanm rive konsève enèji l ak sante l, pandan laj fin antre sou li, se yon gwo viktwa li genyen. Pou l rive fè sa, fòk li:

Manje byen. Lè yon fanm ap vyeyi, li toujou bezwen manje fòtifyan, pou l ka ba kò a fòs, epi nouri kò a ak kèk manje espesyal. Kòm kò a ap pwodui mwens estwojèn, paregzanp l ap bon pou fanm nan manje manje ki chaje ak estwojèn plant yo, tankou soya, sòs pwa, lantiy ak lòt fòm pwa. Kòm fòs zo yo ap desann tou, fòk li pran manje ki chaje ak kalsyòm. Kalsyòm nan se yon sibstans ki bay zo yo fòs.

Pafwa, gen moun ki konn pèdi apeti, depi laj ap antre sou yo. Se, petèt, paske yon moun pa pran gou ak odè menm jan ankò, lè l kòmanse granmoun. Konsa, gou ak odè manje ka sispann atire yo. Men, sa pa vle di granmoun pa bezwen manje ki fòtifyan. Fòk yo jwenn ankourajman pou yo kontinye byen manje epi pou yo pran divès kalte nouriti.

WWHND Ch8 page 126-1.png

Bwè anpil likid. Depi yon moun ap vyeyi, l ap vin gen mwens dlo nan kò l. An menm tan tou, gen kèk granmoun ki konn deside bwè mwens likid, pou yo pa oblije leve pipi tout lannwit, oubyen paske yo ka lakòz dezidratasyon. Kòm prevansyon, fòk ou bwè 8 vè likid chak jou. Pou evite leve pipi tout lannwit, eseye pa bwè anyen, 2 oubyen 3 èd tan anvan w al dòmi.

WWHND Ch8 page 126-2.png

Fè egzèsis fizik regilyèman. Aktivite chak jou, tankou mache, jwe ak pitit pitit ou, soti al fè mache, kwit manje epi travay nan jaden ka ede yon fanm fè misk li ak zo li vin pi fèm. Tout aktivite sa yo ka anpeche jwenti yo vin rèd. Lè yon fanm fè egzèsis fizik regilyè, li pa vin twò gwo epi l ap pwoteje tèt li kont maladi kè tou.

a health worker speaking with an older woman who looks ill

Eseye al wè yon travayè sante si w santi w malad epi w pa rive rezoud pwoblèm nan pou kont ou.

Chèche tretman pou maladi san pèdi tan. Gen moun ki konsidere vyeyès tankou yon maladi, kòm si yon granmoun dwe pran kabann prèske toutan. Men, lide sa a pa kòrèk. Si yon granmoun fanm santi l pa anfòm, li kapab byen gen yon maladi ki ka jwenn tretman san pwoblèm, yon maladi ki pa gen ankenn rapò ak vyeyès. Se poutèt sa, fanm nan dwe chèche tretman prese prese.

Pran lasante w nan men. Rete aktif. Yon granmoun fanm ap konsève sante l pi byen epi kè l ap pi kontan, si l gen yon aktivite l ap fè, si l kontinye pwodui. Eseye kreye yon aktivite, antre nan yon gwoup, oubyen travay sou yon pwojè pou kominote a. Yon granmoun fanm ka jwenn anpil kontantman, lè l ap travay pou amelyore kondisyon lavi kominote a. Men yon egzanp:

Here is one example:

a smiling older woman in a headscarf
Lwiz Waithira Nganga se yon fanm ki plante kafe nan bouk Kandara, nan peyi Kennya. Nan lane 1991, kòm manm yon òganizasyon k ap plante pyebwa nan peyi Kennya, Lwiz te reyini ak yon gwoup fanm peyizàn ki te vle leve kanpe kont yon faktori kafe k ap fonksyone nan zòn anwo rivyè a. Angrè ak sibstans chimik faktori a itilize nan pwodiksyon kafe t ap plede glise desann nan rivyè a. Konsa, dlo sal la kontamine epi pete fyèl kèk bèf medam yo te genyen.


Devan pwoblèm sa a, yon bann fanm tonbe brase lide ansanm ak Lwiz. Yo vin konprann Kijan rivyè a ap detwi sante yo ansanm ak sante pitit yo, epi yo deside fè presyon sou otorite komin nan, pou otorite sa yo ka fòse faktori a sispann lage fatra pwazon nan rivyè a.


Men, Lwiz pa janm sispann montre medam yo dwa ak reskonsablite ki genyen nan mache ansanm. Se konsa, li ede medam yo wè yo menm tou, yo gen kèk bagay y ap fè nan rivyè a ki pa nan avantaj moun ki abite pi ba yo. Paregzanp, lè yo netwaye motokiltè oubyen lave rad sal nan rivyè a, li pa bon pou moun ki abite pi ba yo. Tankou Lwiz te di: “Fòk nou respekte devwa n pou n ka gen kouraj pou n reklame dwa n tèt kale.”


Nan lane 1993, Lwiz kreye ansanm ak medam yo yon òganizasyon yo rele “Fanm Andeyò Pou Sanitasyon”. Chak fwa kèk faktori kòmanse vle lage fatra pwazon nan rivyè a, Lwiz gen posiblite pou l mobilize plis pase 100 fanm ki ka parèt lakay otorite yo epi ba yo enfòmasyon sou pwoblèm nan. Mete sou pwoteksyon yo bay rivyè a, medam yo konstwi latrin epi y ap goumen pou fòse yo jwenn tout byen pèp la, ki chita anba ponyèt grandon yo.


Jounen jodi a, Lwiz sispann plante pyebwa, men, li pa regrèt anyen. “Nan tè Kandara a menm, te gen pwoblèm ki pi ijan.” Tankou Lwiz di kanmarad li yo: “Bondye p ap sot nan syèl pou l vin regle pwoblèm nou pou nou. Gouvènman an pa ka konnen ki pwoblèm nou genyen. Se nou menm menm ki dwe jwenn solisyon pou yo, paske ... se mèt kò ki veye kò!





Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025