Hesperian Health Guides

Lè w sispann gen règ (menopoz)

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Youn nan siy prensipal ki montre laj ap antre sou yon fanm, se lè fanm nan sispann gen règ. Règ la ka kanpe yon sèl kou, oubyen li ka limen mouri pandan 1 a 2 zan, jiskaske l rete nèt. Pi fò fanm viv chanjman sa a, lè yo gen ant 45 ak 55 an.

Siy ki anonse menopoz la:
Plis enfòmasyon

depresyon
kansè nan tete
  • Règ ou vini yon lòt jan. Li ka koupe sèk, oubyen ou ka bay san pi souvan pandan yon ti tan. Oubyen ou ka sispann gen règ pandan kèk mwa epi, apre sa, règ la tounen ankò.
  • Nan kèk peryòd, ou ka santi w cho anpil oubyen ou ka swe anpil (yo konn rele fenomèn sa a “kout chalè”. Lannwit, pwoblèm sa a ka reveye w nan dòmi.
  • Vajen ou vin pi sèk epi pi fèmen.
  • Karaktè w chanje fasil.


Siy sa yo parèt paske ovè yo sispann pwodui ovil epi kò fanm nan pwodui mwens estwojèn (òmòn) ak pwojestewòn (yon lòt òmòn). Siy yo ap disparèt, lè kò a fin abitye ak mwens estwojèn.

Gen fanm ki gen dwa menm santi yo soulaje poutèt pwoblèm règ chak mwa a sispann. Men, gen fanm ki gen dwa santi yo tris tou, akòz yo pa ka fè pitit ankò.

Menopoz aji sou karaktè medam yo selon jan siy sa yo aji sou kò yo. Lòt bagay ki gen enpòtans nan kesyon an tou, se opinyon kominote a sou granmoun fanm ak tretman tou moun ba yo.


Kisa pou w fè nan peryòd menopoz la:

Si w santi kèk siy ki fè w santi w pa anfòm, men sa pou w eseye fè:

a woman removing her jacket
  • Abiye ak rad ou ka retire fasil, lè w kòmanse swe.
a large X drawn through a plate of hot food, a steaming mug, and two hot peppers
  • Evite manje ki cho oubyen manje ki chaje ak epis. Yo ka ba w “kout chalè”.
  • Pa bwè ni twòp kafe, ni twòp te. Nan bwason sa yo, gen kafeyin ki ka fè w eksite epi ki ka anpeche w dòmi.
a large X drawn through a coffee pot, a teapot, and two cups
an older woman walking
  • Fè egzèsis fizik regilyèman.
a large X drawn through a beer bottle, a wine bottle, and a martini glass
  • Si w bwè tafya, Se ti gout sèlman pou w pran. Alkòl ka fè w bay plis san. Alkòl ka ogmante “kout chalè yo”
  • Sispann fimen, sispann chike tabak. Sa ka fè w bay san yon jan dwòl epi sa ka anvlimen pwoblèm feblès nan zo.
a woman refusing to take a cigarette offered to her
  • Eksplike fanmi w, ou ka chanje tanperaman fasilman. Li ta bon pou w pataje santiman w ak lòt fanm k ap fè menopoz tou.


  • Mande enfòmasyon sou remèd tradisyonèl moun nan kominote a ka konnen. Souvan, fanm ki fè menopoz deja ap konn ki jan pou yo ede w jwenn yon soulajman.

Medikaman pou pwoblèm ki mache ak menopoz

Si yon fanm pa ka ni fè travay li, ni dòmi lannwit, paske siy menopoz yo tèlman rèd, li gen dwa eseye pran medikaman pandan kèk tan, pou wè si l p ap jwenn yon soulajman. Tretman sa a rele “terapi ranplasman òmòn” oubyen TRO. Pi fò renmèd yo fèt ak estwojèn avèk pwojestewòn. Si yon fanm deside fè tretman an, li toujou pran tou 2 òmòn yo, sof si yo te fè l operasyon pou wete matris li. Si yon fanm pran estwojèn sèlman, li ka trape kansè nan matris.

Terapi ranplasman òmòn nan ap fè “kout chalè yo” sispann epi vajen an p ap sèk menm jan an. Si w fè tretman an pandan lontan, ou ka gen mwens chans pou w gen lòt pwoblèm sante, tankou feblès nan zo ak maladi kè. Ou trape maladi sa yo, lè w gen mwens estwojèn nan kò w. Men, tretman an koute anpil lajan epi li ka fè w gen plis chans pou w trape maladi vesikil bilyè. Medikaman an ka gen efè segondè tou, paregzanp ou ka bay san nan vajen, ou ka gen lakranp, kè plen, tete sansib, ou ka vin twò gwo epi w ka fè depresyon tou.

Anvan yon fanm kòmanse fè tretman sa a, li dwe reflechi sou danje ak avantaj yo. Yo pa rekòmanse TRO pou fanm ki te gen pwoblèm boul san, kansè nan tete, maladi nan fwa ak maladi nan vesikil bilyè. Fòk ou fè yon travayè sante ede w jwenn bon dòz la.

Yon fanm ka sispann tretman an, nenpòt ki lè, fòk li ta fè sa ti pa ti pa si se pa sa, siy yo ap retounen sou li.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025