Hesperian Health Guides

Kontak seksyèl

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

an older man and woman sitting close together on a bed

Toutotan yon fanm vivan, laj pa ka anpeche l pran plezi nan kontak seksyèl.

Plis enfòmasyon
jwisans seksyèl

Pou kèk medam, menopoz egal liberasyon anba obligasyon yon fanm genyen pou l kouche ak mari l. Gen kèk lòt medam ki vin pi sou sa, paske laperèz pou yo pa ansent nan disparèt. Men, tout fanm alawonnbadè kontinye bezwen lanmou ak afeksyon. Firanmezi yon fanm ap granmoun, transfòmasyon k ap fèt nan kò l yo ka aji sou kontak seksyèl yo:

  • Li ka pran plis tan, lè l ap fè sèks, pou l anvi toutbon (sa rive gason tou).
  • Vajen an ka vin pi sèk. Rezilta: kontak seksyèl yo ka dezagreyab, epi fanm nan ka trape enfeksyon nan vajen ak nan sistèm irinè l pi fasil.
Kisa pou w fè:

Pa sèvi ni ak krèm oubyen pomad ki fèt ak petwòl, ni ak lwil santi bon pou w mouye vajen ou. Pwodui sa yo ka lakòz iritasyon

Plis enfòmasyon
vajen sèk
  • Eseye pran plis tan anvan w kite nèg la rantre, pou vajen ou ka gen tan mouye natirèlman. Ou ka sèvi ak krache (saliv), lwil ki soti nan plant (lwil pistach, lwil mayi, lwil doliv), oubyen kèk lòt pwodui ki fèt pou sa (librifyan), tankou espèmisid, pandan kontak seksyèl yo.
ATANSYON! Pa itilize lwil pou w mouye vajen ou, si w ap sèvi ak kapòt. Ak lwil la, kapòt la ka vin lach epi li ka dechire tou.
  • Si patnè a gen pwoblèm pou l fè kòk li rèd (ereksyon) oubyen pou l fè kòk la ret rèd pandan yon bout tan, eseye jwenn kisa ki ka fè l anvi plis. Petèt, sa ka mache, si w karese l.
  • Pou prevni pwoblèm irinè, pa eseye fè vajen ou sèk, anvan w fè sèks. Apre rapò yo, eseye fè pipi touswit, pou w ka pouse mikwòb deyò.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025