Hesperian Health Guides
Chapit 8: Lè laj ap antre sou nou
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 8: Lè laj ap antre sou nou

Laj chak moun se laj kè li.
—Pwovèb peyi Gwatemala.
Nan epòk n ap viv la, se chak jou, gen plis moun ki viv pi lontan. Lapwòptay, vaksinasyon ak pi bon alimantasyon pwoteje moun kont anpil maladi mete sou sa medikaman modèn yo pèmèt moun jwenn tretman pou kèk lòt pwoblèm sante.
Men, viv lontan mache ak pwoblèm pa l tou. Premyèman, moun ki pi granmoun yo gen plis pwoblèm sante, an jeneral, pase sila yo ki pi jenn. Malgre sa, chanjman laj fè nan kò yon moun ka fè pwoblèm sante yo pi grav osinon pi mal pou jwenn tretman.
Dezyèmman, plis lemond ap chanje epi jenn moun ap pati kite kominote yo pou y al travay lòt kote, anpil granmoun oblije rete pou kont yo epi demele gèt yo pou yo pran swen tèt yo. Osinon, lè granmoun yo kontinye viv ak pitit yo, yo vin tankou yon chay lou pou yon fanmi oubyen yon kominote ki sispann bay cheve blan valè, ki pa respekte laj granmoun ankò.
Granmoun fanm pi vit soufri akòz pwoblèm sa yo pase granmoun gason, paske fanm viv, an jeneral, pi lontan pase gason epi, kèk fwa, yo rive sou baton san mari. Se poutèt sa, n ap montre, nan chapit sa a, ki jan granmoun fanm ka pran swen tèt yo, jwenn tretman pou pwoblèm sante ki konn mache ak vyeyès epi travay pou yo amelyore kondisyon lavi difisil k ap malmennen anpil granmoun fanm.