Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Granmoun fanm gen plis chans pou yo rete pou kont yo pase granmoun gason. An jeneral, fanm viv pi lontan epi, souvan, yo marye ak nèg ki gen plis laj pase yo. Anpil kote, yo bay fanm ki pèdi mari yo mwens enpòtans pase fanm k ap viv nan yon kominote ki pa respekte cheve blan ankò, li menm, tankou fanmi li, ka kwè pwoblèm sante l pa merite jwenn tretman. Sèvis kote pou l ta jwenn tretman pou pwoblèm sa a yo ka pa menm egziste.
Lè granmoun fanm sa a malèrèz anpil, pwoblèm yo vin pi makawon. Li gen dwa pa gen 5 kòb pou l peye pou swen sante ak medikaman, pou l achte manje fòtifyan oubyen pou l jwenn yon kote pwòp pou l viv.
![]() |
Ti demele ki ka rapòte lajan. Pou amelyore sitiyasyon lavi yo, youn nan bagay granmoun fanm yo, ka fè, se chèche mwayen pou yo fè ti lajan pou yo soutni tèt yo.
Yo ka menm rive ede fanmi yo tou, si yo fè:
- gadinaj bèt, tankou pou l, kabrit oubyen bèf. Konsa, y ap ka vann ze, lèt, fwomaj oubyen vyann.
- pen ak lòt manje pou yo vann.
- atizana oubyen kouti
6 vèv k ap viv nan yon ti kominote nan peyi Salvadò te deside, pou yo ka fè ti kòb, fè gadinay poul. Konsa, lè poul yo pare, yo ta ka vann vyann yo. Ni youn, ni lòt, pa t janm fè eksperyans gadinay poul anvan, men yo te mande yon gwoup k ap ede koperativ pou l vin fè seminè pou yo sou gadinay poul.
Gwoup granmoun fanm nan te jwenn yon ti kòb prete nan men yon asosyasyon kominotè k ap fonksyone nan lokalite a. Epi, yo te kòmanse travay. Medam yo te òganize yo pou yo fè larelèv, chak swa, pou veye ti poul yo. Konsa, yo te anpeche lòt bèt oubyen vòlè fè dappiyanp sou poul yo. Lè poul yo fin pare, medam yo kòmanse leve, chak maten, byen bonè, pou yo touye epi netwaye poul. Chak jou, yo fè plizyè kilomèt, ak yon panye sou tèt yo, pou y al vann poul nan lòt kominote.
Okòmansman, Nèg k ap viv nan kominote a pami yo, te menm gen yon ekspè ki t ap travay pou yon ajans - te deklare pwojè a pa t ap mache. Men, Medam yo rive fè ase lajan pou yo kouvri depans yo fè, pou yo achte lòt ti poul epi, apre sa, rete 45 dola meriken pou yo chak, chak mwa. Se pa anpil lajan, se vre. Men yo youn pa t janm fè tout kòb sa a, anvan. Epi, lòt moun kòmanse respekte yo, poutèt yo gen yon ti demele k ap byen mache. Tankou, youn nan medam yo di: “Nou pa t janm panse nou t ap ka dirije yon biznis. Kounye a, gade n byen. Se nou menm ki patwon pwòp tèt nou!”

Granmoun fanm gen anpil sajès ak eksperyans. Si yo met tèt yo ansanm, y ap gen anpil fòs.
Sèvis kominotè pou granmoun fanm. Lè granmoun fanm yo fè tèt ansanm, yo ka ankouraje kominote yo:
- mete bon lojman ki pa koute twò chè pou granmoun fanm, oubyen lojman kote medam sa yo ka viv an gwoup, pou depans yo ka diminye.
- fè medam granmoun yo patisipe nan tout pwogram nitrisyon.
- bay travayè sante yo fòmasyon espesyal pou yo ka gen kapasite pou yo bay granmoun fanm swen sante espesyal yo bezwen.
Granmoun fanm ka bay leson. Se sitou granmoun fanm yo ki konn sekrè renmèd ak tretman tradisyonèl yo. Se yo menm sèl ki ka pase konesans sa yo epi montre tout moun Ki jan medam granmoun yo gen bon jan ladrès, li ta bon pou n fè yo ba pitit yo ak pitit-pitit yo leson. Yo ka ba travayè sante yo leson tou sou tretman tradisyonèl yo. Konsa, travayè sante yo ap ka sèvi ak pi bon metòd ki egziste nan medsin tradisyonèl la tankou nan medsin modèn lan.
Chanjman nan politik gouvènman an ak chanjman nan lalwa. Gen anpil gouvènman ki fè granmoun yo jwenn yon ti lajan chak mwa (pansyon), kay ansanm ak swen sante. Si gouvènman peyi pa w la pa fè sa, fòk ou goumen ansanm ak lòt medam yo pou sitiyasyon sa a ka chanje. Sa ap pran tan. Men, menm si yon fanm pa gen tan wè chanjman sa yo, pandan l vivan, l ap konnen li travay pou pitit fi pa l ak pitit fi pitit li.