Hesperian Health Guides

Manje moun manje piplis manje ak manje ki bay

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Pou yon moun byen nouri, fòk li manje kont li, fòk li manje bon kalte manje k ap ede kò l devlope byen epi k ap ede kò l reziste kont maladi.

Anpil kote sou latè, pifò moun gen yon manje yo toujou manje, chak jou Bondye mete. Manje sa a pa koute chè. Dapre rejyon an, gen dwa se diri, mayi, pitimi, ble, manyòk, pòmdetè, lam veritab, oubyen bannann. Konsa, nou jwenn pifò vitamin kò a bezwen chak jou nan manje sa yo.

Men si yon moun se manje sa a sèlman l manje, li pap kapab ret an sante. Moun bezwen lòt kalte manje “ki bay plis fòs” pou yo ka jwenn pwoteyin (ka p ede kò a devlope), vitamin ak mineral (ki pwoteje kò a, epi ede l refè), grès ak sik (ki bay fòs).

Nan rejim alimantè ki pi bon pou lasante yo, nou jwenn divès kalte manje. Ladan yo, gen kèk ki chaje ak pwoteyin, gen lòt tankou fwi ak legim ki chaje ak vitamin ansanm ak mineral. Se sèlman yon ti kantite grès ak sik kò nou bezwen. Men lè nou gen pwoblèm pou n jwenn kont manje pou n manje, l ap pi bon, si n manje manje ki gen grès ak sik pase nou rete grangou.

Pou yon fanm viv an sante, li pa bezwen manje tout manje ki nan lis nou pral jwenn la a. Li kapab mele kantite manje “ki bay plis fòs” li jwenn nan zòn lakay li ak manje li abitye manje.

illustration of the below: examples of helper foods shown in a circle around a group of main foods

Vitamin ak mineral enpòtan

Medam yo, sitou fanm ansent ak fanm k ap bay timoun tete, bezwen 5 kalite vitamin ak mineral ki gen anpil enpòtans. 5 kalite vitamin ak mineral sa yo se: fè, asid folik (folat), kalsyòm, yòd ak vitamin A.

Fè bon pou san epi li pwoteje kò a kont anemi (san pòv). Yon fanm bezwen anpil fè pandan tout lavi li, espesyalman pandan tout ane li gen règ li chak mwa ansanm ak lè li ansent.

N ap kapab jwenn plis fè, si nou:

L ap pi bon, si lè nou fin manje manje ki gen fè, nou bwè ji chadèk, ji zoranj, ji sitwon oubyen ji tomat. Vitamin C ki nan fwi sa yo ap ede kò a itilize fè a pi byen.

  • Kwit manje nan chodyè ki fèt an fè. Si nou mete tomat, ji sitwon vèt oubyen ji gwo sitwon jòn (ki chaje ak vitamin C) nan yon manje ki sou dife, manje a ap souse enpe nan Fè ki nan chodyè a.
a hand squeezing juice from a lemon into a glass with a nail in it
  • Mete yon moso fè pwòp tankou yon klou fè oubyen yon fè chwal nan yon chodyè manje ki sou dife. Men, fòk chodyè a fèt an fè sèlman. Fòk fè a pa melanje ak lòt metal.
  • Mete yon moso fè (100 % fè) tankou yon klou fè, paregzanp, nan yon vè ji sitwon pandan de twa èd tan. Apre sa, sikre ji a epi bwè li.

Asid folik

Pa kite manje yo pase twòp tan nan dife pou yo pa pèdi asid folik la ansanm ak lòt vitamin yo.

Pou globil wouj ki nan san nou ka anfòm, nou dwe jwenn asid folik. Fanm ki manke asid folik ka trape anemi. Lè tibebe ki fèk fèt manke asid folik, yo ka gen gwo pwoblèm sante. Konsa, medam yo dwe jwenn yon bon kantite asid folik lè yo ansent.

Kalsyòm

Tout moun bezwen kalsyòm pou zo yo ak dan yo ka solid. Jenn demwazèl ak fanm bezwen plis kalsyòm toujou:

  • Kalsyòm fè ren tifi vin laj. Konsa, lè yo gran, yap ka akouche san pwoblèm.
  • lè yo ansent. Yon fanm ansent bezwen yon bon kantite kalsyòm pou zo tibebe a ka devlope byen, epi pou zo fanm nan ak dan li ka rete solid.
  • lè y ap ba timoun tete. Pou kò yon fanm fè lèt, fòk li jwenn kalsyòm.
  • lè yo ant 2 aj ak lè yo fin granmoun. Kalsyòm bay pwoteksyon kont feblès nan zo (osteyopowoz).
a woman standing under the sun, holding her hat in her hands
Limyè solèy la ap ede kò w itilize kalsyòm nan pi byen. Eseye rete nan solèy 15 minit chak jou. Pa bliye, se pa kanpe pou w kanpe deyò sèlman. Reyon solèy yo dwe jwenn ak po w.


Pou w ka ogmante kantite kalsyòm ou jwenn nan manje yo, fòk ou:

  • Kite zo oubyen po ze tranpe nan vinèg oubyen nan ji sitwon pandan kèk èd tan. Apre sa, mete vinèg la oubyen ji sitwon an nan soup oubyen lòt kalte manje.
  • Lè w ap bouyi zo pou w fè soup, mete kèk ti kiyè sitwon, vinèg oubyen tomat nan chodyè a.
  • Fè po ze tounen poud epi mele poud la ak manje w ap manje.
  • Anvan w manje yon mayi, sere l anba lacho.

Yòd

Yòd nou jwenn nan manje pwoteje nou kont yon maladi nan gòj ki rele gwat. Li pwoteje nou kont lòt pwoblèm sante tou. Si yon fanm pa jwenn kont yòd nan manje l lè li ansent, pitit li an gen dwa fèt retade. Anpil moun gen gwat, osinon retade, nan zòn kote pa gen yòd nan tè a, nan dlo, osnon nan.

a woman with a large swelling on her throat
retade

Kò nou ap jwenn yon bon kantite yòd pi fasil, si nou sèvi ak sèl yode olye n sèvi ak sèl nou abitye sèvi a.

Moun nan zòn lakay nou k ap soufri ak gwat oubyen moun retade, gade pou n wè si ministè sante piblik pa ta ka distribiye lwil yode nou ta ka pran nan bouch oubyen nan piki. Si sa pa kapab fèt, nou ka prepare yon remèd ak tentid yòd (yon antiseptik nou gen chans jwenn nan nenpòt ti famasi lokal) pou kont nou. Chak gout tentid yòd gen 6 mililit yòd.


Pou n konpoze yon remèd pou n bwè:

1. Vide 4 vè dlo pwòp nan yon po oubyen nan yon gwo bokal. 2. Lage yon gout tentid yòd ladan l.
Ht WWHND Ch11 Page 169-3.png
Konsève yòd la yon kote ki cho epi mete l nan veso ki pa transparan pou n pwoteje l kont limyè. Tout moun ki gen plis pase 7 ane dwe bwè yon vè nan remèd sa a, chak semèn, pandan tout lavi li. Sa gen anpil enpòtans, sitou pou fanm ak timoun.

Vitamin A

Legim ki gen koulè jòn fonse, legim fèy (vèt) ansanm ak divès kalite zoranj chaje ak vitamin A.
lettuce, carrots, bell peppers, broccoli, and tomato

Vitamin A pwoteje nou kont yon maladi ki rele emeralopi (yon maladi ki fè n pa wè, lè l kòmanse fè nwa). Li ede n konbat kèk enfeksyon tou. Anpil fanm ansent soufri ak pwoblèm emeralopi a. Sa vle di ke yo te manke vitamin A depi anvan yo te ansent. Medam yo gen maladi sa a lè kò yo oblije fè plis efò akòz yo ansent.

Lè yon timoun pa jwenn vitamin A, li ka vin avèg. Si yon fanm pran anpil vitamin A nan manje pandan li ansent, tibebe a ap jwenn plis vitamin A nan lèt manman l.





Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025