Hesperian Health Guides

Problèm ki konn mache ak règ

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

LÈ RÈF LA VIN FÒ, OUBYEN LÈ L FÈ LONTAN SOU NOU

  • Règ nou vin fò, si, nan pi piti pase 1 è d tan, nou gen tan plen yon kotèks oubyen yon twal.
  • Règ la fè lontan sou nou, si l dire plis pase 8 jou.
  • Nou gen gwo emoraji tou, lè gen ti boul san (ti boul mou, wouj fonse epi klere ki pòtre ak ti moso fwa) k ap soti nan vajen nou.
  • Si yon emoraji fè plizyè semèn, plizyè mwa oubyen plizyè ane sou nou, san nou gen dwa vin pòv (anemi).


Kisa ki lakòz sa:
  • Ovè nou pa pwodui ovil paske gen yon dezòd nan kantite òmòn kò nou fè. Se sitou fanm ki gen pi piti pase 20 lane ak fanm ki gen mwens pase 40 lane ki konn gen pwoblèm sa a (gade nan paj 47).
WWHND10 Ch22 Page 360-4.png
polip
fibwòm
WWHND10 Ch22 Page 360-5.png
kansè
  • Nou kapab byen gen yon pwoblèm ak glann tiwoyid nou.
  • Fòs kouch, menm si nou pa t janm konnen si n te ansent.

LÈ RÈG NOU VIN FÈB

Si règ nou vin fèb chak mwa, sa pa vle di nou gen yon pwoblèm sante kanmèm.

Kisa ki ka lakòz yon pwoblèm konsa:

LÈ RÈG NOU VINI TWÒ SOUVAN, OUBYEN LÈ N AP SENYEN ALÒSKE NOU PA GEN RÈG NOU

Kapab gen yon bagay ki pa mache, si règ nou vin pi souvan pase chak 3 semèn oubyen tou si règ la ap fè alevini nenpòt ki jan sou nou.

Ki sa ki ka lakòz yon pwoblèm konsa:

Metòd planin familyal òmonal yo, tankou grenn planin, enplan oubyen piki planin ka chanje fason règ nou vini

Ht WWHND Chap22 Page 361-4.png

LÈ RÈG NOU PRAN TWÒP TAN ANVAN L VINI, OUBYEN LÈ RÈG LA SISPANN VINI

An jeneral, règ nou pran ant 21 a 35 jou pou l vini. Menm si règ nou ta pran plis tan ankò pou l vini, sa pa vle di nou gen pwoblèm. Men kapab gen yon bagay ki pa mache oubyen tou nou kapab ansent, si règ nou pa vini ditou.

Si n gen plis pase 18 lane epi n poko janm gen règ nou, fòk nou kouri al wè yon doktè.

Kisa ki lakòz yon pwoblèm konsa:
  • Yon gwosès.
  • Yon fòs kouch.
  • Yon maladi grav - tankou malarya, tibèkiloz oubyen SIDA.
  • Si n gen plis pase 40 oubyen 45 an, nou gen dwa prèt pou n rete (menopòz).
  • Kèk metòd planin familyal - tankou grenn planin, piki planin ak enplan - ka fè règ nou pran anpil tan anvan l vini.


Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025