Hesperian Health Guides
Tèt chaje ak pwoblèm fanm konn genyen
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 7: Lè fanm ap bay tete > Tèt chaje ak pwoblèm fanm konn genyen
Kontni yo
Èske w gen ase lèt? Èske lèt la bon? Lè kesyon sa yo fè w gen laperèz

Anpil fanm konn panse yo pa gen ase lèt. Se manti nan prèske tout ka yo. Menm manman ki pa jwenn ase manje pou yo manje ka pwodui, an jeneral, ase lèt pou pitit yo.
Kantite lèt tete w bay (pwodiksyon lèt ou) depann de kantite tete tibebe a tete. Plis tibebe a tete, plis w ap pwodui lèt. Si, tanzantan, ou bay tibebe a bibon nan plas tete a, kò w ap pwodwi mwens lèt.
Ka gen, pafwa, kèk jou espesyal, kote tibebe a sanble vle tete san rete. Antouka, si w ba l tete chak fwa l grangou, pwodiksyon lèt ou ap ogmante. Epi, ou pa bezwen pè. Apre de twa jou, timoun nan ap rekòmanse tete menm jan tankou anvan, sa vle di, l ap sispann tete, lè l satisfè. Si timoun nan tete lannwit, sa ap fè pwodiksyon lèt manman an ogmante tou. Pa kite ankenn moun - menm si moun nan se yon travayè sante - fè w kwè w pa gen ase lèt nan tete w.
Se pa lè w santi tete yo lou, yo ka bay lèt. Apre chak pitit, tete yon manman vin plen. Ti tete ka fè menm valè lèt ak gwo tete.
Yon tibebe ki gen plis pase 2 semèn gen dwa pa fè tata chak jou. Si tibebe a tete byen, si l fè pipi nòmalman, si kè l kontan, tata a gen pou l vini kanmèm.
Tibebe ki jwenn kantite lèt li dwe jwenn:
- devlope byen, kè l kontan, epi li an sante.
- nan yon jou ak yon nwit, li fè pipi 6 fwa oubyen plis, li fè tata 1 a 3 fwa. An jeneral, w ap wè sa, lè tibebe a gen 5 jou, lè l kòmanse gen lè pou l pipi ak lè pou l tata.
Kèk manman konn panse lèt nan tete yo pa bon, paske l pa sanble ak lòt lèt. Men, se nan lèt manman tibebe yo jwenn tout fòtifyan yo bezwen.
Tèt chaje ak pwoblèm pwent tete ka bay
Pwent tete plat oubyen pwent tete antre
Pifò fanm ki gen pwent tete plat oubyen ki gen pwent tete antre ka ba pitit yo tete san pwoblèm. Se nan tout tete a, se pa sèlman nan pwent tete, tibebe tete. Ou pa bezwen fè anyen pandan gwosès la, kòmsi pou w ranje pwent tete w.
Gwosè ak fòm pwent tete w pa gen enpòtans. Se nan tout tete a, se pa nan pwent tete, tibebe tete.
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
pwent tete mwayen | pwent tete plat | pwent tete long | pwent tete antre |
Men kèk lide pou timoun nan ka tete pi fasil
![]() |
Se tout tete a pou w lonje bay tibebe a. Sa ap ede l foure yon bon pòsyon tete nan bouch li. |
- Komanse bay tibebe a tete touswit apre akouchman an, anvan tete w twò plen. Mete yon bon pòsyon tete nan bouch tibebe a.
- Si tete w twò plen, tire yon valè lèt ak men w pou tete a ka fè yon lache. Konsa, l ap pi fasil pou tibebe a pran yon pi gwo pòsyon tete ak bouch li.
- Pase men w sou pwent tete a, oubyen woule l tou dousman, anvan w kòmanse bay timoun nan tete. Pa peze pwent tete a.
- Ranmase tete a ak men w, epi kage l dèyè, pou pwent nan ka detire tout longè l kapab
Pwent tete ki fe mal oubyen pwent tete ki fann

Si w santi doulè, lè w ap bay tete, se paske timoun nan pa gen valè tete li bezwen an nan bouch li. Si se pwent tete yo sèlman tibebe a tete, anvan lontan y ap kòmanse fè w mal, oubyen y ap fann. Lè pwent tete a fann, fanm nan gen plis chans pou l trape enfeksyon. Ou ka ede tibebe a foure yon bon pòsyon tete nan bouch li. Men kèk lide.
Prevansyon ak tretman:
Gade pou siy enfeksyon nan tete.
- Fòk ou kenbe timoun nan yon jan pou l ka pran yon bon pòsyon tete ak bouch li.
- Pa rale tete a nan bouch tibebe a. Se li menm ki gen dwa deside ki kantite tan l ap fè nan tete a. Lè l fini, l ap lage tete a poukont li. Si ou ta bezwen fè l rete, rale manton l anba oubyen foure dwèt ou tou dousman nan bouch li. Men, fòk dwèt sa a pwòp.
- Lèt ou se yon bon renmèd pou doulè nan pwent tete. Lè timoun nan fin tete, retire kèk gout lèt nan tete w, epi pase yo kote w santi doulè a. Pa pase ni savon ni krèm nan tete w. Kò w fabrike yon luil natirèl ki fè pwent tete a rete byen pwòp, byen swa.
- Pa mete rad ki fèt ak twal rèd. Pa mete rad sere.
- Pou malad nan pwent tete yo ka geri, kite yo pran van ak solèy, si sa posib.
- Kontinye fè timoun nan tete nan tou 2 tete yo. Si gen youn nan pwent tete yo ki fè w mal anpil oubyen ki fann, kòmanse ak lòt tete a, epi pase nan tete ki gen pwent malad la, lè lèt la kòmanse koule.
- Si doulè a twò rèd, tire lèt la ak men w epi fè timoun nan bwè nan yon tas oubyen ak kiyè. Pwent tete a ap geri nan 2 jou.
Doulè ak enflamasyon nan tete

Lè tete twò plen (angòjman)
Anpil fwa, lè lèt la fèk kòmanse desann, tete fanm konn anfle e yo konn rèd tou. Lè sa a, tibebe a gen pwoblèm pou l tete e pwent tete w fè w mal tou. Si w bay timoun nan tete mwens akòz doulè a, pwodiksyon lèt ou ap bese.
Prevansyon ak tretman:
- Kòmanse bay tibebe a tete nan premye èd tan ki swiv akouchman an.
- Fè tout sa w kapab pou w kenbe tibebe a byen.
- Fè timoun nan tete souvan, pou pipiti, chak 1 a 3 èd tan, nan tou 2 tete yo. Mete timoun nan dòmi bò kote w pou l ka tete san pwoblèm, lannwit.
- Si tibebe a pa ka tete byen, tire enpe lèt ak men w - tire kantite lèt ou dwe tire sèlman pou tete a ka vin mwen rèd - epi kite tibebe a tete.
- Lè timoun nan fin tete, mete yon konprès fèy chou oubyen moso twal ki mouye ak dlo fre sou tete yo.
Apre 2 oubyen 3 jou, fòk enflamasyon an bese. Angòjman ki pa trete ka tounen “ mastit” (yon enflamasyon ki fè tete cho epi ki bay gwo doulè).

Kannal bouche, “mastit”
Si w gen yon boul nan tete w ki fè w mal anpil, gen dwa se youn nan kannal yo ki bouche akòz yon pati nan lèt la ki vin pwès. Lèt ki sispann koule nan yon zòn nan tete a, ka lakòz maladi ki rele “mastit” la. Si yon fanm ki gen lafyèv, santi yon pati nan tete l cho epi anfle, si l santi doulè ladan, fòk se “mastit” li genyen. Li enpòtan pou fanm sa a kontinye bay pitit li tete, pou kannal la ka debouche epi pou tete a pa enfekte. Lèt la toujou bon pou tibebe a.
Enfeksyon nan tete (mastit ak enfeksyon)
![]() |
Lè kanal tete w bouche oubyen lè w gen mastit, yon moso twal mouye ak dlo cho ka ba w soulajman. |
Si w santi kèk siy “mastit” epi w pa santi ankenn soulajman apre 24 trè, si w gen gwo doulè oubyen si po tete w gen yon ti fann ki ouvri pòt ba mikwòb, fòk ou chèche tretman touswit pou enfeksyon nan tete.
Tretman:
W ap deja fè pi gwo pati nan tretman an, si w kontinye bay timoun nan tete souvan. Ou bezwen medikaman ak repo tou. Si w kapab, pran konje nan travay ou, epi fè fanmi w ede w ak travay nan kay la. Epi suiv tretman pou kannal bouche ak mastit. Tire lèt la ak men w oubyen sèvi ak metòd “boutèy cho a”, si sa nesesè pou lèt la ka kontinye koule.
Medikaman pou enfeksyon nan tete | ||
---|---|---|
Medikaman | Ki kantite pou w pran | Kilè epi kijan pou w pran yo |
Pou enfeksyon an, pran: | ||
dikloksilin | 500 mg | nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou. |
Si w pa ka jwenn medikaman sa a, oubyen si w fè alèji ak penisilin, pran: | ||
eritwomisin | 500 mg | nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou. |
Pou lafyèv la ak doulè a, pran: | ||
parasetamol (asetaminofèn) oubyen | 500 - 1000 mg | 4 fwa pa jou jan sa nesesè, jiskaske doulè a disparèt |
Anvan w pran medikaman, gade paj “Tablo medikaman.” | ||
ATANSYON! Si yon enfeksyon nan tete pa jwenn tretman bonè, l ap vin pi grav. Enflamasyon ki cho epi ki fè w mal ap tankou si l te plen ak pi (abse). Si sa rive, suiv tretman nou sot ba w la EPI kouri al wè yon travayè lasante ki konnen kijan pou l netwaye abse ak zouti esterilize (san mikwòb). |
Chanklèt (chanpiyon)
Si w bezwen kenbe tibebe a pou l ka alèz, pou l ka tete san pwoblèm, epi, malgre sa, pwent tete yo fè plis pase yon semèn ap fè w mal, timoun nan kapab gen chanklèt nan bouch li. Se petèt chanklèt la ki lakòz pwoblèm ou an. Lè tibebe a ap tete, chanklèt la ka ba w demanjezon, li ka fè w santi tete w ap pike w, li ka fè w santi tete w ap boule w. Ou ka wè tach blan oubyen tach wouj sou pwent tete w ak nan bouch timoun nan.
Tretman:
Melanje vyolèt Jenntyàn ak dlo. Fòk melanj nan gen 0.25 % konsantrasyon. Pase renmèd la sou pwent tete w ak sou tach blan ki nan bouch timoun nan, 1 fwa chak jou, pandan 5 jou oubyen, apre chanklèt la fin geri nèt, kontinye pase l pandan 3 jou ankò. Sèvi ak yon moso twal pwòp oubyen ak yon dwèt pwòp pou w pase renmèd la. Si w pa jwenn rezilta, chèche lòt medikaman nan “Paj Vèt” yo. Ou gen dwa kontinye bay tibebe a tete. Medikaman an p ap deranje ni ou menm, ni lèt ou ni tibebe a. Pa gen danje.