Hesperian Health Guides
Mande pote n sekou
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 5: Tèt chaje jenn demwazèl nan zafè lasante > Mande pote n sekou
Fanmi w ka renmen w, menm si yo pa dakò ak tout sa w di. Se paske yo renmen w ki fè yo ka fache, se pa paske yo pa renmen w. Eseye pale avè yo ak respè epi ede yo konprann ou pi byen.
Ki jan manman ka ede pitit fi yo
Ou ka te grandi nan yon epòk kote yo pa t pèmèt demwazèl yo fè etid fè plan sou ki kalte fanmi yo pral genyen oubyen pou yo pran desizyon sou lavi yo. Lavi pitit fi w la ka pa menm jan an. Si w koute l, si w pataje pwòp eksperyans ou avè l epi si w ba l yon seri enfòmasyon ki ka itil li, w ap ede l pran bon desizyon pou kont li. Ou ka ede l wè bon kote ki genyen nan lavi demwazèl ak fanm.