Hesperian Health Guides

Lè vè antre nan trip moun, se san ak fòtifyan yo jwenn nan manje ki fè yo viv. Yo bay vant fè mal osinon dyare. Epi yap vole fòs ak kouray nou dwe jwenn nan manje. Si yon timoun gen anpil vè, sa ka ba li anemi (manke san). Sa ka fè li manke vitamin A. Li ka gen pwoblèm pou li travay lekòl ak travay lakay, paske enfeksyon an fè li pa ka gen tout lespri sou li.

Genyen plizyè kalite vè, epi yo chak antre nan kò a nan fason pa yo. Chak bay pwoblèm pa yo. Genyen vè ki viv lontan; genyen vè ki gen lavi kout. Chak kalite vè gen remèd pa li. Chache konnen ki vè ki nan katye pa nou an. Chache konnen ki jan pou nou anpeche yo vin sou moun, epi ki trètman ki pi bon. Jeneralman, moun ka evite genyen vè.

  • Sèvi avèk latrin, pou katye nou ak kay nou ka pi pwòp.
  • Lave men nou. Koupe zong yo kout pou salte pa rete anba zong yo.
  • Se pou moun byen kwit vyann anvan yo manje l. Pa bay bèt manje vyann ki pa kwit. Pa ba yo kaka pou manje.
  • Toujou pòte soulye osinon sandal. Tigason dwe pote pantalon pou yo pa chita toutouni atè.
  • Timoun ki pi gran pase 1 ane, bay yo remèd vè chak 3 rive 6 mwa. Bay albendazòl osinon mebendazòl.

Vè ki soti nan watè moun malad pou yo pase nan bouch lòt moun

Askaris, (gwo vè won) (ascaris; roundworm); trikosefal (trichocéphale; trichuris, whipworm); ak oksiyi, (vè zepeng) (oxyure; pinworm)

yon vè long e gra
Askaris
(gwo vè won)
Li ka rive gen longè 20 rive 30 santimèt, (apeprè lajè paj sa a). Koulè li woz osinon blan.
yon ti vè ki gen yon ke ki mens anpil
Trikosefal
Yo gen longè 3 rive 5 santimèt. Koulè yo woz osinon gri.
3 kalite vè ki piti anpil, ki mens anpil
Oksiyi (vè zepeng):
Yo gen longè yon santimèt, koulè blanch, yo tou piti tankou yon ti fil.

Ki jan vè sa yo gaye

Lè yon moun ki gen vè sot watè, lè li netwaye dèyè li, oubyen lè li grate twou dèyè li, ti kras watè ka rete sou men li. Oubyen moun ak bèt ka mache nan watè lòt moun ki atè a. Watè a kole sou soulye ak sou pye yo. Yo antre lakay. Lè sa a, vè ak ze yo ki nan watè a rete kole sou po a, osinon anba zong yo. Vè sa yo, ak ze tou piti piti nou pa ka wè ak je nou, yo antre nan bouch yon moun lè:

NWTND bag Page 32-4.png
NWTND bag Page 32-5.png
NWTND bag Page 32-6.png
Lè yon timoun met men li nan bouch. Lè yon moun fè manje pou fanmi an. Nenpòt lè yon moun met men li nan bouch pa l, osinon nan bouch yon lòt.

Ze vè sitèlman piti nou pa ka wè yo ak je nou. Poutèt sa yo gaye san nou pa remake sa.


Ki sa pou nou fè lè genyen vè

Pou trete askaris, oksiyi, ankilostòm ak trikosefal, bay mebendazòl pandan 3 jou. Kote ki gen anpil pwoblèm ak vè sa yo nan katye a, bay moun remèd vè chak 3 rive 6 mwa.

Pa bay tiyabendazòl pou askaris. Sa ka fè vè yo monte jis nan nen osinon bouch yon moun. Sa ka fè li toufe osinon ba li souf kout.

Nou ka eseye trete vè sa yo lakay ak remèd fèy. Pou chache touye vè yo, chak jou nou dwe manje yon ti lay ki pa kwit, osinon grenn papay ki byen moulen.

Ki sa pou nou fè pou nou pa gen vè

yon latrin kap chase vè yo ale

Sa ki pi bon se pou nou evite trape vè. Pwòpte kò nou ak pwòpte kote nap viv la, se de bagay ki enpòtan anpil. San sa, nou va toujou gen vè kap tounen vini sou nou ankò.

Latrin: Monte latrin kote ki pa twò pre ni ak kay nou, ni ak kote nou pran dlo. Konsa timoun ak bèt pap pile watè moun, epi answit pote l antre nan kay la.

Lave men nou epi ede timoun yo lave men pa yo tou. Se pou nou toujou lave men nou avèk dlo e savon osinon ak sann. Lave men nou anvan nou fè manje, ak anvan nou manje. Lave men nou chak fwa nou sot watè.

Yon ti gason kap grate twou dèyè l pandan lap bay yon lòt ti gason manje

Ede timoun yo lave men yo pi souvan. Yo konn manyen tout bagay, epi yo renmen mete dwèt yo nan bouch.

Si yon timoun grate twou dèyè li akòz vè, li fasil pou bay lòt moun maladi a, osinon li bay tèt li vè ankò. Men sa pou nou fè pou sa pa rive:

  • Koupe zong li byen kout. Ti kras watè ak ze vè renmen al kache anba zong timoun.
  • Lave men timoun yo chak maten, anvan yo manje, ak lè yo sot watè.
  • Fè timoun pòte yon pantalon lajounen. Fòk li toujou gen yon kouchèt tache byen sere sou li, osinon yon pantalon lè lap dòmi, pou anpeche l grate twou dèyè li.
  • Aswè, anvan l al dòmi, mete yon ti vazlin (Vaseline) nan twou dèyè li ak sou tout rebo l, pou timoun nan pa grate li.


Lave men ou lè ou fin okipe watè yon lòt moun. Si ou ap okipe yon bebe, osinon yon granmoun ki malad, jete watè a nan latrin. Lave dèyè li lè li sot watè. Epi lave byen lave men pa ou tou. Pou ou aprann plis sou ki jan pou anpeche vè ak lòt maladi vin sou nou, al gade nan Dlo ak pwòpte.

Men lòt pwoblèm vè sa yo ka bay

Ti gason ki mèg ak vant li anfle
Timoun ki gen anpil gwo vè konn gen vant yo anfle byen gwo.

Askaris (gwo vè won): Lè yon moun gen anpil gwo vè nan trip li, sa ka ba li pwoblèm nan vant. An plis, gen de fwa gwo vè yo ka menm bay yon moun opresyon. Vè sa yo konn pase nan san yon moun jis yo rive nan poumon li. Rive la, yo konn bay malad la yon touse chèch. Yo ka menm ba li nemoni ak touse san. Se pou nou fè malad la al wè doktè.

Lè malad la fè lafyèv, osinon lè li kòmanse pran remèd vè a, vè yo konn soti nan watè li. Yo ka monte soti nan bouch li osinon nan nen li. Gen de fwa sa fè yo toufe.

Sa pa rive fasil, men vè yo ka bouche trip la. Chache konkou doktè. Pandan nou nan chemen pou al kay doktè a, ba li mebendazòl osinon albendazòl.

Trikosefal: Vè sa yo konn bay dyare, kèk fwa ak san. Lè yon moun gen anpil vè, sa fè li manke san (anemi).

Le yon timoun gen vè sa yo, sa ka fè li pouse dri pou watè. Epi sa ka fè trip la soti nan twou dèyè li. Si sa rive, vire pitit la tèt anba, epi vide dlo frèt sou trip la. Sa va fè trip la tounen nan plas li. Si sa pa mache, eseye peze dousman sou trip la pou fè l antre.

Vè nou rive genyen lè nou manje vyann ki pa byen kwit:

Tenya (vè solitè) (ténia; tapeworm) ak vè trichin (trichinose; trichinosis; ver trichine; trichina worm)

Ti moso plizyè kalite vè solitè
Woulo vè trichin
Vè solitè, ak ti moso vè a. Vè sa yo vin long anpil, jis longè kèk mèt. Gen de fwa nou wè ti moso kèk kalite vè nan watè a. Nou pa janm wè vè trichin nan watè yon moun, paske yo fouye twou nan trip yon moun, epi yal kache nan vyann kò a. Se konsa li ta parèt nan vyann nan, si nou ta kapab wè li.

Moun rive gen vè sa yo lè yo manje vyann ki pa byen kwit—pi souvan vyann kochon. Vyann bèf, vyann pwason ak vyann bèt ki manje lòt bèt ka ban nou vè sa yo tou.

Tenya (vè solitè)

Ki jan vè yo gaye:

1. Yon moun rive gen tenya lè li manje vyann ki pa byen kwit. Kis ki nan vyann nan tounen vè nan trip li.
2. Vè sa yo kale de milye ze nan trip li.
3. Yon kochon manje watè yon moun ak tout ze yo.
4. Ze sa yo tounen boul kis nan tout vyann kò li. Kis yo rete la.
Lè yon moun ki gen vè a pa kenbe kò l pwòp, ze vè ka soti nan watè li, epi yo antre nan bouch li. Lè sa a, yo kapab tounen boul kis nan sèvo li. Kis sa yo ka ba li maltèt, kriz, osinon yo ka menm touye l.
moso vè
ze
boul kis

Gen de fwa, ti moso vè ka soti deyò pou kont yo. Si nou jwenn yo nan kalson, osinon nan pantalèt yon moun, se pou nou trete l.

Trètman
moun endispoze ki tonbe a tè

Bay niklozamid osinon prazikantèl. Si li fè kriz, fòk nou trete li ak medikaman ki pou evite li fè kriz, epi ak estewoyid. Chache konkou doktè.

Trichin (enfeksyon vè trichin)

Lè yon moun manje vyann ki genyen kis trichin ladan l, nan 8 jou konsa, li ka soufri vant fè mal, kè plen, ak dyare. Si nou wè anpil moun ki te manje vyann menm kochon an tonbe malad nan menm tan, se pou tout moun swiv trètman pou trichin.

Apre 8 jou, enfeksyon an ka gaye jis nan vyann kò yo, osinon nan sèvo a. Siy nou ka wè:

  • Lafyèv frison.
  • Tout kò li fè l mal.(Li gen doulè nan jwenti ak vyann kò li.)
  • Tout bò je li anfle, gen de fwa menm pye li anfle tou.
  • Gen san nan blan je li, je li fè l mal, osinon li wè twoub.
  • Ti mak nwa osinon ble sou tout po li.
Trètman

Bay albendazòl osinon mebendazòl. Yo ka bezwen estewoyid tou.

Ki sa pou nou fè pou nou pa trape vè sa yo
Yon kochon kap manje watè
  • Mare kochon lwen kay la. Pa kite yo ale kote timoun ap jwe, kote timoun ka manyen kaka kochon, ak kote yo ka mache nan kaka a fè l antre nan kay la.
  • Pa bay bèt manje retay vyann, osinon kras vyann, san nou pa kwit yo anvan. Pa ba yo kaka pou manje. Sa fè vè yo gaye.
  • Fòk nou sèten nou kwit tout vyann byen kwit, sitou vyann kochon. Kis vè solitè mouri lè nou kwit yo.
  • Lave men nou lè nou sot watè. Lave men nou anvan nou fè manje ak anvan nou manje.

Ankilostòm (ankylostome; hookworm)

2 vè tou piti
Longè yon (1) santimèt, koulè wouj.

Enfeksyon vè ankilostòm se yonn nan pi gwo maladi timoun ka soufri. Se paske vè yo bwè san timoun, epi yo ba yo anemi (manke san). Lè nou wè yon timoun ki manke san, li blèm epi lap manje tè, se ka vè ankilostòm li genyen. Fè analize watè li, si nou kapab.

Ki jan ankilostòm lan gaye (kòmanse ak nimewo 1):

Kò yon ti gason ki toutouni, nou wè pye li, poumon, gòj, lestomak, ak vant li
1.
Ti ankilostòm tou piti antre nan pye yon moun ki mache pye atè. Sa ka bay ti mak wouj sou pye yo, ak gratèl.
2. Yo mache monte nan venn nan. Apre kèk jou yo rive nan poumon li. Yo pase nan gòj li. Yo ka fè li touse chèch, pa fasil ak san.
3. Lè li touse, ti vè yo monte nan bouch li, epi li vale yo.
4. Apre kèk jou, li gen dyare ak vant fè mal.
5. Ankilostòm kwoke kò yo sou trip li pou souse san li. Lè gen anpil, yo ka bay feblès ak gwo anemi.
6. Ze ankilostòm soti nan watè li. Ze yo kale lè yo jwenn yon ti tè ki byen fre.
Trètman

Bay mebendazòl pou trete ankilostòm.

Pou manke san (anemi), fè li manje bon kalite manje ki gen fè. Nou ka ba li grenn remèd fè tou.

Yon timoun kap sèvi ak yon latrin Pou evite timoun genyen vè ankilostòm, sèvi ak latrin. Pa kite timoun mache pye atè. Pa kite tigason chita toutouni atè.
Soulye ak sandal sou pye