Hesperian Health Guides

Vomisman

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si yon moun vomi yon lè konsa, se pa grav, epi pwoblèm nan konn al fè wout li san remèd. Men sa pou nou fè pou yon ti vomisman ki mache ak yon grip oubyen ak yon vant fè mal :

  • Bay malad la bwè ti gòje sewòm oral ase souvan. Kèk moun renmen bwè kola pou soulaje kè plen an. Si malad la ap vomi tout sa li bwè, fè li bwè yon ti kiyè likid. Rete tann 15 minit, epi ba li yon lòt ti kiyè. Si li pa vomi, ba li yon lòt gòje nan 5 minit. Chache fè li bwè mezi li kapab pran, san nou pa fè l vomi.
  • Pou soulaje kè plen an, fè te avèk jenjanm, mant, kamomi, oubyen nou ka konnen lòt remèd fèy nan zòn pa nou ki bon.
  • Lè w ap kòmanse refè, pran yon ti manje tanzantan, epi toujou bwè ase dlo pou ranplase dlo w ap pèdi a.
SIY KI MONTRE GEN DANJE
Yon fanm kap ede yon lòt pou li leve bwè
  • Vomisman ki fè malad la vin manke dlo.
  • Malad la ap vomi tout yon jounen ak tout yon nwit, oubyen l ap vomi pi rèd toujou.
  • Gwo vomisman ; vomi an gen koulè vèt fonse oubyen koulè mawon, oubyen li santi watè (al gade nan trip bouche).
  • Malad la ap vomi san, oubyen vomi an sanble ak ma kafe. (Al gade nan ilsè, epi siwòz fwa nan Dwòg, alkòl ak fimen, chapit la poko ekri).
  • Moun k ap vomi an gen lafyèv ak vant fè mal ki dire plis pase tout yon jounen ak tout yon nuit (al gade nan move doulè vant.