Hesperian Health Guides

Antibyotik

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

Antibyotik se medikaman ki ka kraze fòs enfeksyon mikwòb kapab bay la. Yo pa aji sou maladi viris, tankou varisèl, lawoujòl, grip, ak rim. Se pa tout antibyotik ki ka konbat tout mikwòb maladi. Antibyotik ki sanble youn ak lòt, nou di yo soti nan menm fanmi an. Se pou nou konnen nan ki fanmi antibyotik la soti. Men pouki sa nou dwe konnen :

  1. Antibyotik ki soti nan menm fanmi an ka byen trete menm pwoblèm yo. Sa vle di, nou ka sèvi ak yon lòt medikaman nan menm fanmi an.
  2. Antibyotik ka bay reyaksyon alèji. Depi yon moun fè alèji ak yon antibyotik, se tout antibyotik ki soti nan menm fanmi an ki va bay menm pwoblèm nan. Konsa, nou oblije sèvi avèk yon antibyotik ki soti nan yon lòt fanmi.

Fòk nou pran antibyotik la san sote dòz, jis nou fin pran tout medikaman nou gen pou pran an. Si nou sispann pran li twò bonè, enfeksyon an ka tounen, epi lè sa a, l ap pi mal pou trete.

Ampicilline e amoxicilline (anpisilin ak amoksisilin)


Ampicilline ak amoxicilline se antibyotik ki ka touye anpil kalite mikwòb. Nou ka sèvi ak ni youn ni lòt la. Kote liv sa a preski ampicilline, anpil fwa nou ka ranplase l ak amoxicilline. Veye byen pou nou bay bon dòz la (al gade anba).

Pa fasil genyen danje nan ampicilline ak amoxicilline. Yo bon anpil pou tibebe ak timoun piti. Ampicilline bon pou trete ilsè ak enfeksyon nan sak vant.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Efè segondè (efè ki pa ann afè ak trètman an epi ki ka bay traka)
Toulede medikaman sa yo, men sitou ampicilline, ka bay anvi vomi ak dyare. Si yon malad deja gen dyare, li ta pi bon pou nou pa ba li medikaman sa yo. Chache jwenn yon lòt antibyotik.

Yon malad ka gen yon gratèl ki leve sou po a. Men, si li leve glòb ak boul ki vini ale nan kèk èdtan, se ka yon alèji ak penisilin l ap fè. Fòk li sispann pran medikaman an touswit, epi fòk nou pa janm ba li yon antibyotik nan fanmi penisilin ankò. Si li ta pran li yon lòt fwa, alèji a ka pi fò, epi li ka rive touye l menm. Nou ka sèvi ak erythromycine pou trete kèk pwoblèm. Lè yon moun gen gratèl ak bousòl ki sanble ak lawoujòl ki leve sou kò a 8 jou konsa apre li kòmanse pran medikaman an, epi yo dire kèk jou, sa pa vle di toutan ke se yon alèji li fè. Men nou pa ka sèten si se yon alèji oubyen non. Li ta pi bon pou moun nan sispann pran antibyotik la.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Genyen plis mikwòb toujou ki kenbe tèt ak 2 medkaman sa yo. Nan chak zòn gen kèk kalite enfeksyon, tankou chigela, estafilokòk ak lòt, kote nou pa ka sèvi ankò ak medikaman ke nou te konn sèvi pou trete yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninjectpill.png

Anba, nou ekri dòz amoxicilline nan bouch, epi dòz ampicilline nan bouch ak nan piki. Kote li posib, bay amoxicilline nan bouch. Bay ampicilline nan piki pou trete enfeksyon ki grav, oubyen lè malad la ap vomi oubyen li pa ka vale.

Menm jan ak lòt antibyotik, se pa toujou menm kantite jou yo pou moun pran medikaman an. Men pran sa pou prensip : bay medikaman an jis 24 èdtan pou pi pitit apre nou pa wè siy enfeksyon ankò (tankou lafyèv). Toujou bay moun ki gen VIH/SIDA medikaman an pou pi gran kantite jou yo. Menm jan, fòs dòz la chanje ak fòs maladi a, ak laj moun malad la, oubyen ak pwa kò li. Si yon moun chetif oubyen si li pa malad grav, li ka bon pou l pran dòz ki pi piti a. Bay moun ki pi gwo oubyen ki malad grav dòz ki pi gran an.

AMOXICILLINE (amoksisilin) (nan bouch)

Pou pifò enfesyon kay timoun

Bay 45 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 3 mwa: bay 125 mg, 2 fwa nan yon, jou pandan 7 - 10 jou.
Timoun 3 mwa - 3 ane : bay 250 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 375 mg, 2 fwa pa jou, pandan 7 rive 10 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 - 875 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

Kontinye bay medikaman an jis 24 èdtan pou pi pitit apre nou pa wè siy enfeksyon ankò.

AMPICILLINE (anpisilin) (nan bouch)
Bay 50 - 100 mg, pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 100 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 1 - 3 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 375 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

Kontinye bay medikaman an jis 24 èdtan pou pi pitit apre nou pa wè siy enfeksyon ankò.

AMPICILLINE (anpisilin) (nan piki)
Bay piki ampicilline sèlman lè yon moun malad grav, si l ap vomi, oubyen si li pa ka vale.

  Bay piki 100 - 200 mg, pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : piki 100 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 1 ane - 5 ane : piki 300 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 6 ane - 12 ane : piki 625 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Plis ke 12 ane : piki 875 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

Érythromycine (eritwomisin)



Nou ka sèvi ak érythromycine nan plas penisilin pou trete anpil enfeksyon, epi moun ki fè alèji ak penisilin mèt sèvi avè l.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Érythromycine ka fasil bay anvi vomi ak vomisman, sitou timoun. Pa sèvi avè l pou plis pase 15 jou, paske li ka bay lajonis.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 30 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 - 4 dòz, pou 7 - 10 jou, oubyen jis 24 èdtan apre nou pa wè siy enfeksyon ankò. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li:
Tibebe ki fèk fèt : bay 65 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun ki poko gen 3 ane : bay 125 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 3 - 7 ane : bay 250 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 8 ane : bay 250 - 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

Pou enfeksyon ki grav, double dòz la. Pou kolera (kote li aji sou mikwòb kolera)

Bay dòz ki ekri anwo a, men bay li sèlman pandan 3 jou.

Tétracycline, doxycycline (tetrasiklin, doksisiklin)


Tétracycline ak doxycycline se antibyotik ki ka touye anpil kalite mikwòb. Yo bay bon rezilta lè nou bay yo nan bouch. (Pa bay piki tétracycline, ni doxycycline; yo fè mal anpil.) Genyen plis mikwòb toujou ki vin kenbe tèt ak antibyotik sa yo. Konsa nou pa kapab sèvi ak yo jan nou te konn fè l, men yo bon pou trete kèk enfeksyon toujou.

Doxycycline ak tétracycline : nou gen dwa chwazi ni youn ni lòt. Men doxycycline ka pi bon paske dòz la pi piti, epi li pa bay pwoblèm menm jan ak tétracycline.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li fasil bay lestomak boule (asid), vant fè mal, dyare, ak enfeksyon chanpiyon.

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Fanm ki gwo vant pa gen dwa pran medikaman sa yo. Yo ka dekolore oubyen donmaje dan ak zo tibebe ki poko fèt la. Pou menm rezon sa a, pa bay timoun li ki poko gen 8 ane, esepte si pa gen okenn lòt medikaman nou ka ba yo. Men yo pa gen dwa pran li pandan anpil jou. Anpil fwa nou ka ranplase tétracycline ak érythromycine.
  • Pa sèvi ak tétracycline oubyen doxycycline ki ekspire (ki pase dat li).
  • Gen de moun, lè yo pran medikaman sa yo, gwo solèy fasil ka ba yo gratèl oubyen kout solèy. Si li posib, evite soti anba gwo solèy, oubyen pote yon gwo chapo.
  • Medikaman sa yo ka fè grenn planin pèdi efikasite li. Si li posib, fanm yo dwe sèvi ak yon lòt metòd (tankou kapòt) pandan y ap pran medikaman an.
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

TÉTRACYCLINE (tetrasiklin)
Pa bwè lèt, grenn fer (fè) oubyen anti-asid dezèdtan anvan ak apre nou pran tétracycline. Y ap fè medikaman an pèdi efikasite li. Bwè li ajen, ansanm ak anpil dlo, inèdtan pou pi piti anvan manje oubyen dezèdtan apre nou fin manje.

Pou pifò enfeksyon
Bay 25 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Oubyen bay dòz la selon laj li.
Timoun 8 - 12 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou
Plis ke 12 ane : bay 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

Pou kolera (kote li aji sou mikwòb kolera)
Timoun 8 - 12 ane : bay 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 3 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 3 jou.

DOXYCYCLINE (doksisiklin)
Pran doxycycline 2 fwa nan yon jou (olye tétracycline 4 fwa nan yon jou). Pa bwè grenn fer oubyen anti-asid dezèdtan anvan ak apre nou pran doxycycline; y ap fè remèd la pèdi efikasite li. Bwè li ak anpil dlo. Si li bay ou lestomak chaje, ou mèt bwè li ansanm ak manje oubyen lèt.

Bay 2 mg pou chak kilogram pwa yon moun nan yon dòz, men pa plis pase 100 mg nan yon dòz, oubyen 200 mg nan yon jou. Oubyen bay dòz la selon laj li:
Timoun 8 - 12 ane : bay 50 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 100 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Pou kolera (kote doxycycline aji sou mikwòb kolera).
Bay 6 mg pou chak kilogram pwa yon moun, yon sèl dòz. Oubyen dòz selon laj li :
Timoun 8 - 12 ane : bay 150 mg, yon sèl dòz
Plis ke 12 ane : bay 300 mg, yon sèl dòz.

Métronidazole (Metwonidazòl)



Métronidazole bon pou trete enfeksyon nan vant ke amib, gyadya, ak kèk bakteri ap bay

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li konn fasil bay anvi vomi, vant fè mal, ak dyare. Pou soulaje pwoblèm sa yo, bwè li ansanm ak manje. Gen de lè li bay maltèt oubyen yon gou metalik nan bouch.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Yon fanm ansent pa gen dwa pran métronidazole pandan premye 3 mwa gwosès la, paske li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Li ta pi bon pou li pa pran medikaman sa a ditou pandan tout gwosès la ak lè l ap bay tete. Men si enfeksyon an mande trete, epi pa gen lòt medikaman, li mèt sèvi avè l. Si yon moun bwè alkòl pandan l ap bwè medikaman sa a, li bay gwo anvi vomi. Pa sèvi ak métronidazole si ou gen pwoblèm fwa a.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou anpil pwoblèm, nou ka bay yon gwo dòz pandan 3 jou, oubyen yon dòz ki pi piti pou 5 - 10 jou. Fanm ansent pa dwe pran gwo dòz yo.

Pou gyadya
Bay 15 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 oubyen 3 dòz, pandan 5 - 7 jou. Oubyen, bay dòz la selon laj li :
Timoun ki poko gen 3 ane: bay 62 mg, (¼ ka nan yon grenn ki genyen 250 mg) 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 3 - 7 ane : bay 62 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 125 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 5 - 7 jou.
Plis ke 12 ane : bay 250 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 5 - 7 jou OUBYEN
Bay 2 gram, yon sèl fwa nan yon jou, pandan 3 jou.
Pou disantri amib k ap bay (move dyare, dyare danje) :
Bay 30 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 3 dòz, pandan 8 - 10 jou. Oubyen bay dòz la selon laj li :
Timoun ki poko gen 3 ane : bay 62 mg (¼, ka nan yon grenn ki genyen 250 mg) 3 fwa nan yon jou pandan 8 - 10 jou.
Timoun 3 - 7 ane : bay 125 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 8 - 10 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 250 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 8 - 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 - 750 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 8 - 10 jou.

Lè ou fìn pran dènye dòz métronidazole la, pran diloxanide furoate.

Pou enfeksyon nan sak vant (peritonit) ak apenndisit :
Bay li ansanm ak lòt antibyotik.
Pou ilsè :

Ciprofloxacine (Sipwofloksasin)



Ciprofloxacine se yon antibyotik ki aji sou anpil kalite mikwòb, ki soti nan fanmi quinolone (kinolòn). Li bon pou trete anpil kalite enfeksyon po, zo, enfeksyon nan trip ak nan aparèy pipi (blad pipi). Men plizyè kote nan lemonn gen de mikwòb ki kenbe tèt ak medikaman sa a. Poutèt sa, sèvi avè l sèlman kote nou konnen li aji sou enfeksyon nan zòn pa nou an. Li pa bon pou timoun.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Anvi vomi, dyare, vomisman, maltèt, tèt vire, gratèl, oubyen enfeksyon chanpiyon.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Fanm ki gwo vant ak fanm k ap bay tete yo pa dwe pran li. Pa bwè li ansanm ak pwodwi ki gen lèt.
Sa pa fasil rive, men ciprofloxacine konn donmaje fil vyann yo. Sòf nan kèk ka byen espesyal, timoun ki poko rive nan laj 16 ane pa dwe pran li, paske fil vyann yo poko fin devlope. Si yon moun vin gen jarèt li fè mal pandan trètman an, se pou li sispann bwè l touswit.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou pifò enfeksyon
Bay 250 - 750 mg, 2 fwa nan yon jou, jis 24 èdtan apre nou pa wè siy enfeksyon ankò.
Pou chigela
Bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 jou.
Pou kolera (kote li aji sou kolera)
Bay 1 gram (1000 mg) yon sèl dòz.
Pou apenndisit ak enfeksyon nan sak vant

Céftriaxone (Seftriyaksòn)



Céftriaxone se yon antibyotik ki fò. Li bon pou trete enfeksyon ki grav, ak enfeksyon kote mikwòb yo rezistan ak penisilin. Sèvi avè l sèlman pou trete enfeksyon kote nou konnen li bay bon rezilta nan zòn pa nou an. Sa va anpeche medikaman an pèdi efikasite li.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Piki sa a fè mal. Melanje l ak lidocaÏne (lidokayin) 1% si nou konnen ki jan pou fè l.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay tibebe li ki poko gen 8 jou. Pa sèvi avè l si malad la gen lajonis.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Nou pa ka bay li nan bouch. Lè nou bay piki, fè zegui a antre fon nan vyann nan.

Pou enfeksyon ki grav
Fòs dòz la chanje ak fòs maladi a, men prèske toutan nou ka bay 50 - 100 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, nan yon jou. Granmoun : bay 1 - 4 gram, 1 oubyen 2 fwa nan yon jou.

Pou chigela
Bay piki 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, yon fwa nan yon jou pandan 5 jou. Si pa genyen

balans, bay selon laj li :

8 jou - 3 ane : bay piki 250 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 3 - 7 ane : bay piki 500 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay piki 1000 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou
Plis ke 12 ane : bay piki 1 - 2 gram, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou.