Hesperian Health Guides

Règ fanm

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon fwa chak mwa konsa, pandan yon fi nan laj kote li ka fè pitit, li gen san ki soti nan matris la (manman vant lan) pou de twa jou. Li pase nan vajen an pou li soti deyò. Se yon bagay nòmal. Yo rele sa règ li (lalin, ti wòz). Paske se menm bagay ki rive chak mwa, yo rele li «sik mansyèl, peryòd règ». Pifò fanm wè règ yo chak 28 jou. Men gen kèk ki wè règ yo pi souvan, chak 20 jou pa egzanp. Epi, gen lòt ki pran anpil tan, jiska 45 jou konsa.

NWTND wmc Page 1-1.png
Manman vant, matris
Pòch ze, ovè
Kannal fi, kannal akouchman, vajen
Chak mwa, gen yon ze ki soti nan youn nan pòch ze yo. Si fanm lan al nan relasyon seksyèl, yon jèm gason an (espèmatozoyid gason) ka kole kò li ak ze a. Se kòmansman yon gwosès. Si sa pa fèt konsa, fanm lan va wè règ li.

Se bagay nòmal nan lavi fanm yo pou yo senyen chak mwa. Si nou konnen ki jan règ yo aji sou kò nou, epi ki jan yo ap chanje pandan lavi yon fanm, sa ka fè nou konnen ki lè nou gwo vant. Li ka fè nou konnen tou si gen pwoblèm sante, epi ki jan nou ka chache evite yo. Epitou, anpil metòd planin ap bay pi bon rezilta si fanm ak gason yo konnen plis sou afè règ fanm.

Òmòn yo ak peryòd règ, sik mansyèl

Kay fi, se pòch ze yo ki fè pifò òmòn fi, estwojèn ak pwojestewòn (òmòn se kalite eleman chimik kò a fabrike ki pou kontwole aktivite kò a.) Kantite òmòn yo bay chanje pandan peryòd règ la. Pandan premye mwatye règ la, pòch ze (ovè) yo bay plis estwojèn. Estwojèn nan fè yon kouch san pwès melanje ak vyann vin parèt anndan matris la. Kò a fè kouch san sa a pou, si fanm nan ta vin ansent, tibebe a ta jwenn yon nich konfòtab pou li devlope. Lè kouch san sa a fin pare, gen yon ze ki soti nan youn nan pòch ze yo. Yo rele sa «ovilasyon». Ze a pase desann nan kannal ze a pou li rive nan manman vant lan (matris). Se nan moman sa a yon fanm ka jèm (espèm, espèmatozoyid) gason an ka al kole kò li ak ze a ; jèm gason an fekonde ze a.

Pandan dezyèm mwatye peryòd règ la, fanm nan bay pwojestewòn tou. Pwojestewòn nan fè kouch san ki nan matris la prepare li pou yon gwosès. Men, pi souvan, ze a pa jwenn ak espèm gason. Konsa, kouch san ki nan matris la pa sèvi. Poutèt sa, pòch ze yo sispann bay estwojèn ak pwojestewòn, epi kouch san an pete. Ze a soti, ansanm ak san sa a lè fanm nan gen règ li. Se konsa yon lòt peryòd règ kòmanse. Apre règ la, ze yo rekòmanse bay plis estwojèn. epi yon lòt kouch san rekòmanse devlope nan matris la.

Peryòd règ, sik mansyèl
four drawings that show the changes in a woman's reproductive parts during the monthly cycle
pandan règ la, kouch san an pete
san
Touswit apre règ la
kannal ze, twonp falòp
pòch ze, ovè
kouch san
matris, manman vant
vajen, kannal fi, kannal akouchman
Lè pòch ze a bay yon ze (ovilasyon)
...kouch san an vin pi pwès.
ze, ovil
5 jou apre ze a soti nan pòch ze a, kouch san an vin pi pwès toujou
Pifò fanm regle sou 28 jou—menm jan ak jan nou konn wè lalin nan ale e vini an.