Hesperian Health Guides

Pwoblèm kè ak tansyon

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Pwoblèm kè ak tansyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ki sa sa ye, maladi kè ?

NWTND heart Page 1-1.png
Kè a travay lajounen kou lannuit ap ponpe san an, pou fè l sikile nan tout kò a. Mete dwèt ou yo sou bò kou a oubyen sou bò ponyèt la kote ou ka santi batman kè a jan li kenbe konpa ap bat anba dwèt ou yo.

Kò nou bezwen yon kè ki fò, ki an sante, ki pou ponpe san an, pou fè l sikile nan tout atè ak venn san yo. Genyen tib ki pote san an soti nan kè a pou l rive tout kote nan kò a (atè, venn ki pote san wouj), epi gen lòt ki pote san an tounen nan kè a (venn). Si atè yo vin bouche oubyen si yo di, pa p gen ase san ki tounen nan kè a; sa ap fè l vin fèb. Konsa, si kè a twò fèb, li pa ka ponpe san an ase byen; sa ap fè l travay twòp.

Kòm san an pote oksijèn (yon gaz nan lè a ki enpòtan anpil) ak fòtifyan nan tout kò a, pwoblèm kè ak pwoblèm sikilasyon san an aji sou tout kò a. Se tankou yon sistèm dlo : si ponp la oblije travay twòp, li ka pran pàn; si li twò fèb, dlo a pa p ase pou tout moun; si tiyo yo bouche, kantite dlo ki pase a vin pi piti; epi kote moun pa jwenn ase dlo, ap genyen plis moun ki pran maladi.

NWTND heart Page 1-2.png

Lè genyen pwoblèm nan atè ak venn yo, epi pwoblèm ak vav (soupap) ki anndan kè a, yo rele sa yo maladi kè. Maladi kè nou jwenn fasil se :

  • Atè ki vin di (artériosclérose) : Atè ki pote san an soti nan kè a pou l rive tout kote nan kò a, yo kapab vin di, rèd, pi piti, oubyen bouche — sa rive fasil lè moun pa manje ase bon kalite manje. Konsa pa p gen ase san ki tounen nan kè a.
  • Feblès kè (insuffisance cardiaque congestive) : Lè kè a pa gen ase fòs pou byen ponpe san an, yo rele sa feblès kè a. Li fè donmaj paske san an pa rive tout kote li gen pou rive. Lè ògan kò yo pa jwenn ase san, yon moun ap bouke pi fasil. Lè san an pa sikile byen, li ka fè janm yo anfle, epi li ka fè dlo rete chita nan poumon yo.
  • Kriz kè : Lè atè ki anndan kè a vin bouche, sa donmaje vyann kè a epi rann li twò fèb pou l ka fè travay li byen. Se yon ka ijan.
  • Konjesyon serebral, kout san : Lè yon atè ki alimante sèvo a vin bouche, oubyen lè yon ti venn san pete nan sèvo a, li donmaje sèvo a. Se yon ka ijan.
  • Lafyèv rimatis (cardiopathie rhumatismale) : Li rive lè lafyèv rimatis donmaje kè yon timoun. Yo ka trete l ak medikaman oubyen yo ka fè li operasyon.
  • Pwoblèm kè kay tibebe ki fèk fèt : Genyen de tibebe ki fèt ak yon donmaj nan kè a. Se ka yon twou oubyen yon lòt donmaj nan kè a, epi se ka operasyon ase ki kapab regle pwoblèm lan. Yo rele sa yo donmaj nan kè.

Ki moun ki gen plis chans pou yo pran maladi kè ?

Pifò kalite maladi kè pran nesans yo pandan yon bon ti tan san nou pa wè siy maladi a. Men, gen kèk pwoblèm ki ka fasil koze maladi kè nan detwa ane. Konsa moun ki gen chans pou yo pran maladi kè se moun ki gen 2 oubyen plis nan pwoblèm sa yo :

  • Li gen tansyon ki pi wo pase 140/90 chak fwa yo kontwole tansyon an
  • Li twò gra
  • Li fè sik (dyabèt)
  • Li fimen tabak
  • Li se yon mesye ki gen plis ke 55 ane, oubyen yon fanm gen ki plis ke 65 ane


NWTND heart Page 3-1.png
Souf li toujou kout, men nou pa t janm panse ke se te kè li ki t ap bay pwoblèm sa a.
Yon kriz kè oubyen yon konjesyon serebral sanble ka rive sanzatann, men maladi kè konn mete pye lè nou jenn, epi li ka pran anpil ane pou l anvlimen.

Ajan sante yo ka ankouraje moun ki gen pwoblem sa yo pou yo fè yon kontwol pou tansyon an, epi fè tès pou konnen si yo gen maladi sik oubyen si kantite kolèstewòl ki nan san an twò wo.

Nou gen posiblite pou nou diminye pwoblèm kè a, epi menm fè yon ti mye ak pwoblèm nou gen deja. Sispann fimen. Fè trete maladi dyabèt la. Ralanti sou kantite sèl ak tyaw n ap manje. Fè plis egzèsis. Epi aprann pa kite pwoblèm lavi okipe tèt nou twòp. Si nou swiv konsèy sa yo, yo va bon pou kè nou. Pale ak ajan sante nou sou Ki jan nou ka desann tansyon an epi ede kè nou fonksyone pi byen.

Ki jan pou nou egzaminen kè a ak aparèy san an

Men ki jan yon ajan sante ka kontwole ki jan kè yon moun ap mache :

  • Li kontwole tansyon yon moun. Konsa nou ka konnen si kè a travay twòp pou fè san an sikile nan kò a. Si nivo tansyon an toujou wo, se malè pandye. Se ka petèt nou gen tan pran maladi kè, oubyen nou pral pran li. Lè fini, nou ka abouti ak yon kriz kè oubyen yon konjesyon serebral (kout san).
  • Li kontwole kantite kolestewòl ki nan san an. Kolestewòl se yon likid ki fèt nan kò a ki sanble ak lasi. Kò a bezwen lasi sa a, men si genyen twòp, se yon siy ki fè nou konnen gen pwoblèm kè k ap tann nou pi devan.


Lòt siy ki montre ka gen pwoblèm kè, sitou si yo rive nou souvan :

  • Kè a bat twò vit, twò dousman, oubyen li pèdi konpa li
  • Lestomak fè mal, anjin
  • Difikilte pou nou pran souf, souf nou anlè
  • Anflamasyon nan pye ak janm nou yo
  • Difikilte pou nou kouche apla nan nuit

Ki jan pou nou evite maladi kè

Se manje nou manje ak jan nou mennen lavi nou ki lakòz pifò maladi kè. Gen de fwa nou ka chwazi sa nou vle fè, men nan anpil ka, pa gen anyen nou ka fè. Eske nou jwenn bon kay ? Eske nou ka byen manje epi nou gen mwayen achte bon kalite manje ? Eske djòb yo peye nou ase ? Eske gen kote timoun ka al fè egzèsis, epi yo kapab jwe tout an sekirite ? Eske gen salte ak lafimen tabak toupatou ? Eske yo konn mete moun anba soufrans rasis ? Eske nou toujou sou tansyon poutèt lamizè, paske fanm soufri anba maltrètman, oubyen paske youn ap fè lòt vyolans ? Chapit sa a fè nou konnen ki jan maladi kè ap dewoule, men tou, li bay lide sou ki jan, nou menm, fanmi nou yo, ak kominote nou yo ka evite maladi kè pou nou ka viv pi lontan epi pi byen.

NWTND heart Page 4-1.png Kote timoun ka al jwe tout an sekirite chak jou, epi yo jwenn bon kalite manje, yo va gen mwens pwoblèm sante lè yo granmoun.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024